Al gade sa k anndan l

ENTÈVYOU | RACQUEL HALL

Yon dam juif esplike rezon ki fè l te egzamine kwayans li yo ankò

Yon dam juif esplike rezon ki fè l te egzamine kwayans li yo ankò

Manman Racquel Hall se yon Juif ki fèt Izrayèl, e papa l se yon Otrichyen ki te konvèti nan relijyon juif la. Grann li ak granpè l kot manman se te syonis ki te deplase al viv Izrayèl an 1948, ane kote Izrayèl te vin endepandan an. Reveye n! te mande Racquel sa k fè l te egzamine kwayans li yo ankò antanke Juif. 

Fè yon ti pale sou fason w te grandi.

Mwen fèt Ozetazini nan ane 1979. Paran m te divòse lè m te gen twazan. Manman m te leve m selon tradisyon Juif yo e l te voye m nan lekòl Juif yo yo rele yechiva. Lè m te gen setan, nou t al viv ann Izrayèl pandan yon ane e m te konn al lekòl nan yon kibouts, sa vle di nan yon kominote kote travayè ap viv. Apre sa, mwen menm ak manman m t al viv Meksik.

Malgre pa t gen sinagòg nan peyi Meksik, mwen te kenbe abitid mwen te genyen antanke Juif yo. Mwen te konn limen balèn lè saba, m te konn li Tora nou an e m te konn sèvi ak yon liv priyè ki rele sidou pou m priye. Lè m te lekòl, mwen te konn di kamarad mwen yo se relijyon pa m nan ki relijyon orijinal la. Mwen pa t janm li sa yo rele Nouvo Testaman an, ki konsantre sou travay predikasyon Jezi Kris la ak sa l te konn anseye yo. Anfèt, manman m te di m pinga m fè sa paske l te pè pou ansèyman ki ladan l yo pa fè m chanje. 

Sa k fè w te vin deside li Nouvo Testaman an? 

Lè m te gen 17 an, mwen te retounen Etazini pou m fini lekòl. Lè m te rive, gen yon moun mwen konnen ki te yon kretyen ki te di m lavi m pap konplè, si m pa gen Jezi nan lavi m.

Mwen te di l: “Moun ki kwè nan Jezi yo pèdi.”

Li te di m: “Èske w deja li Nouvo Testaman an?” 

Mwen te di l: “Non.” 

Lè sa a, li di m: “Nan ka sa a, kòman w fè ap pale sou yon bagay ou pa menm konnen?”

Sa l te di yo te fè m mal, paske m te toujou konsidere yon moun sòt lè l bay opinyon l sou yon bagay li pa konnen. M te regrèt mwen te pale konsa, mwen t al lakay mwen ak Bib li a e m te kòmanse li Nouvo Testaman an. 

Èske sa w te li yo te touche w?

Mwen te sezi aprann moun ki te patisipe nan ekri Nouvo Testaman an se Juif yo te ye. Epi, tank mwen t ap li, se tank mwen te wè Jezi tankou yon Juif ki janti e ki gen imilite ki te vle ede moun, ki pa t vle eksplwate yo. Mwen te menm al nan bibliyotèk e m te prete liv sou li. Men, pa gen youn nan yo ki te konvenk mwen li se Mesi a. Gen ladan yo ki te menm fè konnen Jezi se Bondye, yon bagay mwen te konsidere ki pa gen sans. Dayè, kiyès Jezi te konn priye, èske se tèt li? Mete sou sa, Jezi te mouri, alòske men sa Bib la di konsènan Bondye: “Ou pa ka mouri.” *

Ki sa w te fè pou w jwenn repons kesyon sa yo?

Laverite pa ka demanti tèt li. Mwen te detèmine pou m jwenn laverite. Donk, ak dlo nan je, m te priye Bondye ak tout kè m e se premye fwa m te fè sa san sidou m nan. M annik fin priye, m tande pòt mwen frape. Se te de Temwen Jewova. Yo te ban m youn nan liv yo konn itilize pou etidye Labib ak moun yo. Liv sa a ak lòt konvèsasyon mwen te vin gen ak Temwen yo pi devan te konvenk mwen sa yo kwè yo soti nan Bib la. Pa egzanp, Temwen yo rekonèt Jezi pa fè pati yon Trinite, men li se “Pitit Bondye a” * e li se “kòmansman kreyasyon Bondye a” *.

Yon ti tan apre sa, mwen te retounen Meksik e m te kontinye etidye pwofesi ki konsène Mesi a ak Temwen yo. M te sezi wè kantite pwofesi ki genyen! Men, m te toujou gen kèk dout. Mwen t ap mande tèt mwen: ‘Èske se sou Jezi sèlman tout pwofesi sa yo te akonpli?’, epi m t ap di tèt mwen: ‘Èske Jezi se pa jis yon bon aktè ki te byen jwe wòl la?’

Ki sa k te konvenk ou?

Temwen yo te montre m pwofesi okenn moun pa t ap ka reyalize poukont yo. Pa egzanp, plis pase 700 an alavans, pwofèt Miche te fè konnen Mesi a t ap gen pou fèt Betleyèm, nan Jide. * Kiyès ki ka gen kontwòl sou kote l ap fèt? Ezayi te fè konnen yo t ap touye Mesi a tankou yon vye kriminèl, men, yo t ap antere l nan pami moun rich. * Tout bagay sa yo te reyalize sou Jezi.

Dènye prèv yo te ban m nan te gen rapò ak zansèt Jezi yo. Bib la te di Mesi a t ap yon desandan wa David. *Kòm Juif nan tan lontan yo te gen rejis ki montre liy fanmi moun kit se sa ki pèsonèl, kit se sa ki piblik. Si Jezi pa t nan liy fanmi wa David, ènmi l yo t ap kontan mache fè konn sa. Men, yo pa t kapab, paske Jezi te soti nan fanmi wa David toutbon. Gen foul moun ki te menm rele l “Pitit David la”. *

Nan ane 70 epòk nou an, 37 an apre Jezi fin mouri, lame Women yo te detwi Jerizalèm, e nan moman sa a, swa yo te detwi rejis ki gen liy fanmi yo, swa regis sa yo te pèdi. Donk, pou moun te ka konnen nan ki liy fanmi Mesi a te soti, li te dwe parèt anvan ane 70 epòk nou an.

Lè w vin aprann sa, ki efè sa te gen sou ou?

Nan Detewonòm 18:18, 19, yo te anonse Bondye t ap fè yon pwofèt menm jan ak Moyiz parèt ann Izrayèl. Bondye te di: “Moun ki pa koute pawòl l ap di nan non m yo, m ap mande moun sa a kont.” Etid mwen te fè afon nan tout Bib la te fè m gen konviksyon Jezi, moun Nazarèt la, se pwofèt sa a toutbon.

^ Revelasyon 3:14, Labib Wa Jak (anglè).

^ Ezayi 9:6, 7; Lik 1:30-32. Matye chapit 1 bay liy fanmi Jezi bò kot papa e Lik chapit 3 bay liy fanmi Jezi bò kot manman.