Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa Bib la anonse sou gwo tranblemanntè yo?

Ki sa Bib la anonse sou gwo tranblemanntè yo?

 Chak ane, gen plizyè dizèn milye tranblemanntè ki fèt sou tè a. Menm lè pifò nan yo se ti tranblemanntè, gen yon seri gwo tranblemanntè ki lakòz gwo destriksyon, soufrans e ki touye anpil moun. Pafwa tranblemanntè sa yo mache ak sounami ki detwi zòn ki bò lanmè yo e ki touye anpil moun nan zòn sa yo. Èske Bib la te anonse gwo tranblemanntè sa yo?

Nan atik sa a:

 Èske Bib la te anonse tranblemanntè?

 Jezi te pale de tranblemanntè nan yon pwofesi li te bay ki nan Bib la. Nou kapab wè sa l te di yo nan twa liv nan Bib la:

 “Nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm. Pral gen rate manje ak tranblemanntè nan yon zòn apre yon lòt.” — Matye 24:7.

 “Nasyon pral leve kont nasyon e wayòm pral leve kont wayòm. Pral gen tranblemanntè nan yon zòn apre yon lòt, e pral gen rate manje tou.” — Mak 13:8.

 “Pral gen gwo tranblemanntè e pral gen rate manje ak epidemi nan yon zòn apre yon lòt.” — Lik 21:11.

 Kidonk, Jezi te anonse gwo tranblemanntè yo t apral fèt nan yon zòn apre yon lòt nan yon epòk kote t ap gen lagè, rate manje ak epidemi maladi. Lè tout bagay sa yo t apral rive ansanm, yo t ap montre aklè n ap viv nan yon epòk nan istwa lèzòm ki rele “fen sistèm nan” oswa “dènye jou yo”. (Matye 24:3; 2 Timote 3:1.) Lè nou egzamine fason nou kalkile tan yo selon sa Bib la di, dènye jou yo te kòmanse nan ane 1914 e yo poko fini.

 Èske tranblemanntè ki fèt nan epòk nou an akonpli pwofesi ki nan Bib la?

 Wi. Pwofesi Jezi te bay, sa gen ladan l pwofesi li te bay konsènan tranblemanntè yo, koresponn ak evènman k ap fèt nan epòk nou an. Depi 1914, gen plis pase 1 950 gwo tranblemanntè ki fèt e yo lakòz plis pase de milyon moun mouri a. Ann gade kèk tranblemanntè ki te fèt nan syèk pa nou an.

 2004 — Oseyan Endyen. Yon tranblemanntè 9.1 te lakòz yon sounami ki te rive sou 12 peyi e ki te touye anviwon 225 000 moun.

 2008 — Lachin. Yon tranblemanntè 7.9 te detwi yon pakèt bouk ak vil e yo estime li te touye 90 000 moun, li te lakòz 375 000 moun blese e plizyè milyon moun te pèdi kay yo.

 2010 — Ayiti. Yon tranblemanntè 7.0 ki te mache avèk plizyè lòt sekous, te touye plis pase 300 000 moun e li te lakòz plis pase yon milyon moun pèdi kay yo.

 2011 — Japon. Yon tranblemanntè 9.0 ki te lakòz plizyè sounami te touye anviwon 18 500 moun e li te lakòz plizyè santèn milye lòt moun deplase al viv yon lòt kote. Te gen dega ki fèt nan santral elektrik Fukushima a e sa te lakòz yon gwo aksidan nikleyè. Dizan apre sa, anviwon 40 000 moun ki te rete toupre santral la toujou poko kapab retounen lakay yo, paske jis kounye a gen yon pakèt reyon radyoaktif nan zòn nan ki danjere pou moun.

 Ki sa pwofesi Bib la bay konsènan tranblemanntè yo vle di pou nou?

 Pwofesi Bib la bay konsènan tranblemanntè yo fè nou konnen ki sa k pral rive talè konsa. Men sa Jezi te di: “Lè nou wè bagay sa yo ap rive, konnen Wayòm Bondye a toupre.” — Lik 21:31.

 Bib la esplike Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki nan syèl la ki gen Jezi Kris kòm wa. Se pou Wayòm sa a Jezi te aprann disip li yo pou yo priye a. — Matye 6:10.

 Lè Wayòm Bondye a pral dirije tè a, Bondye pral anpeche katastwòf natirèl fè moun mal, sa gen ladan l tranblemanntè (Ezayi 32:18). Mete sou sa, li pral efase tout soufrans tranblemanntè ki fèt jodi yo lakòz, ni nan domèn fizik ni nan domèn afektif (Ezayi 65:17; Revelasyon 21:3, 4). Pou w aprann plis sou sa, li atik ki gen tit: “Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?

a Chif sa yo soti nan yon baz done ki bay tout enfòmasyon sou tout gwo tranblemanntè ki fèt sou tè a (Global Significant Earthquake Database). E enfòmasyon sa yo soti nan United States National Geophysical Data Center.