Travay 9​:​1-43

  • Sòl nan wout pou l al Damas (1-9)

  • Yo voye Anànyas al ede Sòl (10-19a)

  • Sòl preche konsènan Jezi nan Damas (19b-25)

  • Sòl vizite Jerizalèm (26-31)

  • Pyè geri Ene (32-35)

  • Pyè resisite Dòkas, yon moun ki te renmen bay (36-43)

9  Men, Sòl te kontinye menase disip Seyè a, e li te vle touye yo ak tout fòs+. L al kot gran prèt la,  li mande l pou l ekri lèt pou li pou l pote nan sinagòg ki Damas yo. Konsa, li t ap ka mare tout moun li jwenn ki fè pati Chemen an+, gason kou fi, pou l mennen yo Jerizalèm.  Twouve, pandan l sou wout, lè l prèske rive Damas, bridsoukou, gen yon limyè ki sot nan syèl la ki klere toutotou li+.  Li tonbe atè, epi li tande yon vwa ki di l: “Sòl, Sòl, poukisa w ap pèsekite m?”  Sòl mande: “Kiyès ou ye, Mèt?” Seyè a di: “Mwen se Jezi+. Se mwen w ap pèsekite a+.  Men, leve, epi antre nan vil la e y ap di w sa w dwe fè.”  Mesye ki t ap vwayaje ansanm avè l yo te kanpe la, yo pa t ka di yon mo. Vrèmanvre, yo te tande yon vwa, men yo pa t wè pèsonn+.  Apre sa, Sòl leve atè a, e aktout je l te ouvè, li pa t wè anyen. Konsa, yo pran men l, yo mennen l Damas.  Pandan twa jou, li pa wè ditou+, e li pa ni manje ni bwè. 10  Gen yon disip nan Damas ki te rele Anànyas+. Seyè a di l nan yon vizyon: “Anànyas!” Li di: “Men mwen, Seyè.” 11  Seyè a di l: “Leve, al nan ri yo rele ri Dwat la, al lakay Jida, mande pou yon mesye yo rele Sòl, moun Tas+. Paske, l ap priye kounye a, 12  e nan yon vizyon, li te wè yon mesye ki rele Anànyas ki vini e ki poze men l sou li pou l ka retounen wè ankò+.” 13  Men, Anànyas reponn: “Seyè, mwen tande anpil moun ap pale de mesye sa a, mwen tande kantite bagay mal li fè moun ou yo ki sen yo nan Jerizalèm. 14  E prèt an chèf yo ba l pouvwa isit la pou l arete* tout moun ki met konfyans yo nan* non w+.” 15  Men, Seyè a di l: “Ou mèt ale, paske mesye sa a se yon enstriman mwen chwazi+ pou pote non m devan moun nasyon yo+, devan wa+ e devan pitit Izrayèl yo, 16  paske m ap montre l aklè ki kantite bagay l ap gen pou l sibi pou non m+.” 17  Donk, Anànyas ale, li antre nan kay la, li poze men l sou Sòl, e li di: “Sòl, frè m, Seyè a, Jezi, ki te parèt devan w sou wout la pandan w t ap vini an, se li menm ki voye m pou w ka retounen wè ankò e pou w ka vin ranpli ak lespri sen+.” 18  Menm kote a, yon bann bagay tankou kal pwason sot nan je l tonbe atè, epi li vin wè ankò. Apre sa, li leve, li batize, 19  epi li manje e li pran fòs. Li pase kèk jou ak disip ki te Damas yo+, 20  e tousuit, li kòmanse preche konsènan Jezi nan sinagòg yo. Li t ap fè konnen moun sa a se Pitit Bondye a. 21  Men, tout moun ki te tande l te sezi, yo t ap di: “Se pa mesye sa a ki t ap pèsekite moun ki abite Jerizalèm ki te met konfyans yo nan* non sa a+? Èske li pa t vin isit la toutespre pou l arete yo mennen bay prèt an chèf yo+?” 22  Men, Sòl te vin gen plis pisans toujou, e li te fè Juif ki t ap viv Damas yo fèmen bouch yo, lè l t ap pwouve avèk lojik se Jezi ki Kris la+. 23  Twouve, apre anpil jou fin pase, Juif yo met tèt yo ansanm pou yo touye l+. 24  Sepandan, Sòl te vin okouran konplo y ap fè a. Yo t ap veye pòtay vil la byen veye, lajounen kou lannuit, dekwa pou yo te ka touye l. 25  Se sa k fè disip li yo pran l, e nan mitan lannuit, yo mete l nan yon pànye, e yo file l desann nan yon fenèt ki te gen nan miray vil la+. 26  Lè l rive Jerizalèm+, li chèche met kò l bò kot disip yo. Men, yo tout te pè l, paske yo pa t kwè li te vin yon disip vre. 27  Lè sa a, Banabas vin ede l+, li mennen l bay apot yo, e li rakonte yo an detay ki jan Sòl te wè Seyè a pandan l te sou wout la+, e ki jan Seyè a te pale avè l. Li rakonte yo tou ki jan Sòl te pale nan non Jezi avèk kran pandan l te Damas+. 28  Epi, Sòl rete ansanm avèk yo, li t ap monte desann nan* Jerizalèm e li t ap pale nan non Seyè a avèk kran. 29  Li te konn pale ak Juif ki pale grèk yo e li te konn fè diskisyon ak yo, men, yo te eseye touye l+. 30  Lè frè yo aprann sa, yo fè l desann Sezare, epi yo voye l nan vil Tas+. 31  Apre sa, kongregasyon an te vin gen lapè toupatou nan Jide, nan Galile ak nan Samari+, e li te vin pran fòs. E kòm kongregasyon an t ap mache nan lakrentif pou Jewova* e li te jwenn konsolasyon grasa lespri sen+, li te kontinye ap grandi. 32  Twouve, pandan Pyè t ap vwayaje nan tout zòn nan, li te desann tou kay moun ki sen ki t ap viv nan vil Lida yo+. 33  Lè l rive nan zòn nan, li jwenn yon mesye ki rele Ene ki te kouche tou long sou kabann li depi uitan, paske l te paralize. 34  Pyè di l: “Ene, Jezi Kris geri w+. Leve, ranje kabann ou+.” Menm kote a, misye leve. 35  Lè tout moun ki t ap viv nan vil Lida ak nan Plèn Chawon te wè l, yo vin kwè nan Seyè a. 36  Twouve, gen yon disip nan vil Jope ki te rele Tabita, ki vle di: “Dòkas*”. Li te konn fè anpil bèl aksyon, e li te konn ede moun ki nan nesesite yo anpil. 37  Men, nan jou sa yo, li vin malad e li mouri. Kidonk, yo benyen l e yo mete l kouche nan yon chanmòt. 38  Kòm Lida te toupre Jope, lè disip yo tande Pyè lòtbò a, yo voye de mesye al sipliye l. Yo di l: “Tanpri, vin kote nou tousuit.” 39  Lè Pyè tande sa, li leve l ale avèk yo. Lè l rive, yo mennen l nan chanmòt la. Tout vèv yo parèt devan l, y ap kriye e y ap montre l anpil manto ak anpil lòt rad Dòkas te fè pou yo lè l te la avèk yo. 40  Lè sa a, Pyè fè tout moun soti+, li met ajenou, li priye. Apre sa, li vire bò kot kò a, li di: “Tabita, leve!” Tabita ouvè je l, e lè l wè Pyè, li leve chita+. 41  Pyè ba l men, li fè l kanpe, epi li rele moun ki sen yo ak vèv yo, li remèt yo l vivan+. 42  Nouvèl la te gaye nan tout vil Jope, e anpil moun te vin kwè nan Seyè a+. 43  Pyè te pase yon bon kantite jou nan vil Jope lakay yon bòs tanè* ki rele Simon+.

Nòt anba paj

Lit.: “tout moun ki rele”.
Lit.: “pou l mare; pou l met anba kòd”.
Lit.: “ki te rele”.
Oswa: “li te antre soti”.
Dòkas se yon non grèk. Tabita se yon non arameyen. De non sa yo vle di: “Gazèl”.
Se yon moun ki konn travay po bèt pou l fè kui pou atizan ka reyalize plizyè kalite bagay moun bezwen.