Sa k fè m malad konsa a?
CHAPIT 8
Sa k fè m malad konsa a?
“Lè w jèn, ou panse anyen pa ka rive w. Epi, sanzatann, ou vin malad grav e w rann ou kont se pa vre. Ou santi se kòmsi ou tounen yon ti granmoun yon sèl kou.” — Jason.
JASON te gen 18 an lè l te aprann li fè yon maladi nan trip yo rele maladi Crohn ki fè moun nan febli e ki ba l gwo doulè nan vant. Petèt ou menm tou ou gen yon maladi kwonik oswa yon enfimite. Aktivite lòt moun konsidere kòm aktivite ki nòmal, tankou abiye, manje oswa al lekòl, kapab mande pou w fè gwo efò.
Yon pwoblèm sante kwonik, sa vle di yon pwoblèm ou oblije viv avè l, ka fè w santi w tankou yon moun ki nan prizon, ki pa gen tout libète l. Ou ka santi w poukont ou. Ou ka menm kòmanse ap mande si se pa t yon bagay ou fè Bondye ki fè l fache, oswa si se pa anba yon eprèv l ap pase w. Men, Jak 1:13). Maladi jis fè pati pwoblèm lèzòm ap fè fas jodi a, e “move moman ak malè” rive sou nou tout. — Eklezyas 9:11.
Bib la di: “Pèsonn pa ka pase Bondye anba eprèv ak bagay ki mal, e li menm li pa pase pèsonn anba eprèv ak bagay ki mal.” (Erezman Jewova pwomèt yon monn tounèf kote “pa gen yon moun [...] k ap di: ‘Mwen malad’”. (Ezayi 33:24.) Menm moun ki mouri pral resisite, konsa y ap ka pwofite bèl lavi ki pral genyen nan monn tounèf la (Jan 5:28, 29). Men, annatandan, ki pi bon bagay ou ka fè nan sitiyasyon w ye kounye a?
Eseye pozitif. Labib di: “Kè kontan se bon remèd.” (Pwovèb 17:22). Gen kèk moun ki ka panse li pa nòmal pou yon moun ri oswa kontan lè l gen yon maladi grav. Men, si gen moun ki renmen ri e ki fè w renmen ret bò kote yo, sa ka ankouraje w e sa ka fè w plis anvi viv. Donk, gade pou w wè ki sa w ka fè pou w gen plis kè kontan nan lavi a. Sonje, lajwa se yon kalite Bondye bay ki fè pati fwi lespri a (Galat 5:22). Lespri Bondye kapab ede w andire maladi a e w ka gen kè kontan kanmenm. — Sòm 41:3.
Fikse objektif ki rezonab. Men sa Bib la di: “Se moun ki konn limit yo ki gen sajès.” (Pwovèb 11:2.) Si w konn limit ou, sa ap ede w pou w pa pran risk ni pou w pa twò kapon. Pa egzanp, si sante w pèmèt ou, ou ka fè kèk ti egzèsis k ap ede w santi w pi byen. Se sa k fè nan kèk lopital oswa klinik, konn gen pwogram pou jèn ki malad yo fè terapi. Nan anpil ka, lè w fè egzèsis ki bon pou ou, nonsèlman sa ede w geri fizikman, men tou sa ede w rete pozitif. Sa pou w sonje a sèke li bon pou w onèt ak tèt ou pou w konn nan ki sitiyasyon w ye epi fikse objektif ki reyalis.
Aprann boule ak lòt moun. E si kèk moun di w yon bagay ki pa fè w plezi sou sitiyasyon w ladan l lan? Bib la di: “Pinga w pran tout pawòl moun di oserye.” (Eklezyas 7:21). Pafwa, pi bon fason pou w reyaji nan yon sitiyasyon konsa se pa reponn. Oswa petèt ou ka gentan pran devan, pa egzanp si w santi lòt moun bò kote w yon ti jan jennen paske yo wè w nan chèz woulant, eseye mete yo alèz. Ou ka di: “Siman w ap mande tèt ou sa k fè m nan yon chèz woulant, pa vre? Ban m esplike w.”
Pa bay vag. Lè Jezi t ap fè fas ak gwo soufrans, li te priye Bondye, li te fè l konfyans e li te konsantre l sou bèl avni k ap tann li an olye l te konsantre l sou soufrans lan (Ebre 12:2). Gen kèk leson li te aprann nan sitiyasyon difisil li te fè fas yo (Ebre 4:15, 16; 5:7-9). Li te aksepte èd ak ankourajman li te jwenn (Lik 22:43). Li te konsantre l sou byennèt lòt moun olye l te konsantre l sou pwòp pwoblèm pa l. — Lik 23:39-43; Jan 19:26, 27.
Jewova “gen sousi pou [ou]”
Kèlkeswa maladi ou genyen an, pa panse Bondye wè w kòm yon moun ki pa gen valè. Okontrè, pou Jewova, moun Lik 12:7). “Li gen sousi pou [ou]” pèsonèlman, e li kontan sèvis w ap ba li a malgre maladi w la oswa enfimite w la. — 1 Pyè 5:7.
k ap fè efò pou yo fè l plezi yo se moun ki gen anpil valè pou li (Donk, pa kite laperèz oswa dout anpeche w fè sa w vle fè ak sa w gen pou w fè. Toujou chèche èd Jewova. Li konprann sa w bezwen e li konprann santiman w. Epitou, li kapab ba w “pisans ki depase yon pisans nòmal” pou ede w andire (2 Korentyen 4:7). Yon lè, petèt w ap wè bagay yo yon fason ki pozitif menm jan ak Timothy, ki te dekouvri li gen yon maladi ki rele fatig kwonik lè l te gen 17 an. Li di: “Jan 1 Korentyen 10:13 di sa, Jewova pap kite nou andire plis pase sa nou ka sipòte. Mwen di tèt mwen, si Kreyatè m nan gen konfyans mwen ka sipòte eprèv sa a, ki moun mwen ye pou m di se pa vre?”
Si w konn yon moun ki malad
Sa ka rive ou menm ou an sante, men ou konn yon moun ki malad oswa ki enfim. Ki jan w ka ede l? Sa k pi enpòtan an se pou w demontre ou “gen senpati” ak “afeksyon”. (1 Pyè 3:8.) Eseye konprann sa moun nan ap andire. Eseye mete w nan plas li. Nina, ki fèt ak yon pwoblèm nan kolòn vètebral ki rele spina bifida, di: “Etandone mwen gen yon ti kò e mwen nan yon chèz woulant, gen kèk moun ki pale avè m kòmsi m te yon timoun, e sa dekouraje m. Men, gen lòt moun ki fè efò pou yo chita lè y ap pale avè m, konsa nou vin nan menm wotè. M renmen sa anpil!”
Si w pa rete sou pwoblèm moun yo genyen, w ap rann ou kont moun ki gen pwoblèm sante grav yo se moun menm jan avè w. Epi sonje sa, ou gen pouvwa pou w ‘fè yo jwenn kèk benediksyon ki soti nan Bondye’ grasa pawòl ou! Lè w fè sa, ou menm tou w ap jwenn yon benediksyon, paske ‘nou chak ap jwenn ankourajman’. — Women 1:11, 12.
LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 1, CHAPIT 13.
VÈSÈ KLE
“Nan moman sa a, [...] pa gen yon moun [...] k ap di: ‘Mwen malad.’” — Ezayi 33:23, 24.
MEN YON IDE
Lè w byen konnen enfòmasyon sou maladi w la, sa fè w pa pè menm jan an ankò. Se pou sa w bezwen aprann tout sa w kapab sou maladi w la. Mande doktè w kèk enfòmasyon presi sou kèk bagay ou pa fin byen konprann.
ÈSKE W TE KONNEN?
Se pa Bondye k ap pini w ki fè w gen maladi oswa andikap ou genyen an. Okontrè se enpèfeksyon Adan ban nou an ki fè nou malad. — Women 5:12.
SA M KONTE FÈ
Men sa m ap fè pou m rete pozitif malgre maladi oswa andikap mwen genyen an ․․․․․
Men yon objektif rezonab mwen ka fikse ․․․․․
Men sa m ap fè si yon moun di m yon move bagay sou sitiyasyon mwen ye a ․․․․․
Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․
KI SA W PANSE?
● Ki jan w kapab sèvi ak enfòmasyon ki nan chapit sa a pou w ede yon moun ki andikape oswa ki gen yon maladi kwonik?
● Si w gen yon maladi kwonik, ki bagay pozitif ou ka medite sou li k ap pi byen ede w?
● Ki jan w fè konnen pwoblèm ou yo pa yon siy ki montre ou pa gen favè Bondye?
[Kare/Foto nan paj 75]
DUSTIN, 22 an
“Mwen sonje mwen te kriye nan bra manman lè mwen te aprann mwen t ap gen pou m sèvi ak yon chèz woulant tout vi m. Mwen te gen uit an sèlman.
“Mwen gen yon maladi ki febli mis mwen yo (‘dystrophie musculaire’). Mwen bezwen yon moun pou ede m abiye, pou ede m benyen e pou ede m met manje nan bouch mwen. Mwen pa ka leve bra m ditou. Poutan, mwen gen anpil aktivite ki ban m kè kontan e mwen gen anpil rezon pou m gen Bondye rekonesans. Mwen soti preche regilyèman e m ap sèvi kòm sèvitè ministeryèl nan kongregasyon an. Mwen pa menm santi se yon konba pou mwen. Lè w ap sèvi Jewova, toujou gen yon bagay pou w fè ak yon bagay pou w espere. Pi gwo sa m ap espere a se monn tounèf Bondye pwomèt la, kote mwen pral ‘vòltije tankou jenn ti kabrit.’” — Ezayi 35:6.
[Kare/Foto nan paj 75]
TOMOKO, 21 an
“Lè m te gen katran, doktè m nan te di m: ‘W ap gen pou w pran piki ensilin pandan tout vi w.’
Li difisil pou yon moun ki fè sik (dyabetik) kontwole nivo sik ki nan san l. Souvan, lè m grangou mwen pa ka manje, e lè m pa grangou, mwen oblije manje. Jiska kounye a, mwen gentan pran anviwon 25 000 piki, sa ki fè mwen gen kò nan bra m ak nan kuis mwen. Men, paran m ede m wè ki bon bagay mwen ka jwenn nan sitiyasyon m nan. Yo toujou kontan e yo pozitif, epi yo te leve m yon fason pou m renmen tout sa ki gen rapò ak Bondye. Jewova te bon avè m. Lè sante m te pèmèt mwen, mwen te antre nan sèvis aplentan yon fason pou m montre Jewova jan m gen rekonesans pou sa l fè pou mwen.”
[Kare/Foto nan paj 76]
JAMES, 18 an
“An jeneral, moun pa konn ki jan pou yo reyaji lè yo wè yon moun ki gen yon aparans ki diferan ak sa yo abitye, e mwen gen yon aparans ki diferan.
Mwen gen yon maladi ki fè mwen pa grandi (yonyon) e fòm maladi pa m nan ra. Moun bay aparans anpil enpòtans, se sa k fè mwen toujou ap eseye fè moun yo konprann mwen pa yon timoun ki gen yon gwo vwa. Men, mwen pa konsantre sou aparans mwen ki diferan ak pa lòt moun, mwen eseye konsantre sou moun mwen ye a. Mwen byen kontan lavi m ap mennen an. Mwen etidye Labib e mwen priye Jewova pou l ede m. Fanmi m toujou ankouraje m. Mwen pa ka tann moman kote Bondye pral elimine tout maladi. Annatandan, mwen viv ak enfimite m nan, men mwen pa kite enfimite a kontwole lavi m.”
[Kare/Foto nan paj 76]
DANITRIA, 16 an
“Depi lè m te wè mwen gen doulè menm pou m annik pran yon vè dlo, mwen te santi gen yon bagay ki pa nòmal.
Lè yon moun gen fibwomyalji (moun nan gen doulè nan tout kò l e li fatige toutan) li gen anpil doulè ak soufrans. Antanke adolesan, mwen vle nòmal menm jan ak zanmi m yo, men tout bagay vin pi difisil pou mwen pase jan yo te ye anvan. Menm lè pou dòmi pran m sa pran yon pakèt tan. Poutan, mwen te rann mwen kont grasa èd Jewova mwen ka fè yon seri bagay malgre pwoblèm mwen an. Mwen te gen posiblite pase plis tan ap preche antanke pyonye oksilyè. Li te difisil men mwen te reyisi. Mwen fè tout sa m kapab. Mwen oblije koute kò m epi rete nan limit mwen. E menmsi m ta bliye, manman m toujou la pou l fè m sonje.”
[Kare/Foto nan paj 77]
ELYSIA, 20 an
“Lè m te lekòl, mwen te konn fè gwo nòt. Men, kounye a menm pou m li yon senp fraz sa difisil e pafwa sa dekouraje m.
Sa yo rele fatig kwonik la (se yon maladi kote moun nan santi l toujou fatige e l gen kèk lòt sentòm ankò) fè nenpòt ti aktivite nan lavi a vin difisil. Menm pou m leve sot nan kabann mwen pafwa konn enposib. Men, mwen pa janm kite maladi m nan vin bagay ki pi enpòtan nan lavi m. Mwen li Labib chak jou, menmsi se sèlman kèk vèsè mwen ka li oswa se yon moun ki oblije li l fò pou m tande. Mwen gen anpil rekonesans pou sa fanmi m fè pou mwen. Gen yon lè, papa m te menm remèt yon privilèj li te gen nan kongrè pou l te ka ede m asiste kongrè a. Li pa janm plenyen. Li di pi gwo privilèj li genyen se pou l pran swen fanmi l.”
[Kare/Foto nan paj 77]
KATSUTOSHI, 20 an
“Sa ka rive sanzatann, mwen panike epi m kòmanse rele epi m pran tranble byen fò, mwen ka menm voye bagay jete oswa kraze bagay.
Mwen fè malkadi depi m gen senkan. Mwen konn gen sèt kriz nan yon mwa. Mwen oblije pran medikaman chak jou e sa fè m fatige fasil. Men, mwen eseye panse ak lòt moun, mwen pa panse ak tèt mwen sèlman. Nan kongregasyon m nan, gen de frè ki nan sèvis aplentan ki gen menm laj avè m e ki soutni m anpil. Lè m te fini lekòl, mwen te vin patisipe plis nan travay predikasyon an. Lè w fè malkadi ou oblije lite chak jou. Men, lè m santi m dekouraje, mwen fè yon jan pou m repoze. Nan demen, mwen gentan santi m pi byen.”
[Kare/Foto nan paj 78]
MATTHEW, 19 an
“Li difisil pou jèn parèy ou respekte w lè yo pa konsidere w kòm yon moun ki nòmal.
Mwen ta renmen fè spò, men mwen pa kapab. Mwen gen yon pwoblèm nan sèvo ki fè m pa ka fè mouvman (‘Infirmité motrice cérébrale’), menm mache difisil pou mwen. Men, mwen pa konsantre sou sa mwen pa ka fè. Mwen patisipe afon nan aktivite mwen ka fè tankou lekti. Lè m nan Sal Wayòm nan mwen santi m alèz paske mwen pa pè pou lòt moun pa jije m. Epitou, sa rekonfòte m pou m konnen Jewova renmen m pou moun mwen ye toutbon an. Anfèt, mwen vrèman pa konsidere tèt mwen kòm yon moun ki andikape. Mwen konsidere maladi m nan kòm yon pwoblèm anplis mwen genyen pou m fè fas avè l e se yon pwoblèm moun pa abitye genyen.”
[Kare/Foto nan paj 78]
MIKI, 25 an
“Mwen te konn fè spò. Epi, pandan m te adolesan toujou, mwen te vin santi se kòmsi mwen te vin ti granmoun yon sèl kou.
Mwen fèt ak yon twou nan kè m. Sentòm yo te kòmanse parèt lè m te adolesan. Yo te opere m, men kounye a, malgre sa fè sizan, mwen toujou santi m fatige pou nenpòt bagay e mwen toujou gen tèt fè mal. Donk, mwen fikse kèk objektif ki rezonab pou m atenn nan yon tan ki kout. Pa egzanp, mwen te gen posiblite antre nan sèvis aplentan, e m plis preche nan telefòn epi mwen ekri lèt. Epitou, maladi m nan ede m vin gen kalite mwen pa t genyen tankou pasyans epi rekonèt limit mwen.”
[Foto nan paj 74]
Yon pwoblèm ou oblije viv avè l ka fè w santi se nan prizon w ye, men Labib ba w espwa w ap libere yon jou.