Yon esperans ki sèten pou moun ki mouri yo
MEN sa yon fi ki gen 25 an ekri: “Manman adoptif mwen mouri ak kansè an 1981. Sa te difisil anpil pou mwen ak ti frè adoptif mwen an. Mwen te gen 17 an lè sa a, e ti frè m nan te gen 11 an. Mwen te sonje manman m anpil. Kòm yo te fè m konnen li nan syèl, mwen te anvi touye tèt mwen pou m ka menm kote avè l. Se li menm ki te pi bon zanmi m.”
Li pa jis ditou pou lanmò gen pouvwa pou l pran yon moun nou renmen. Lè nou gen yon moun ki mouri, li vrèman difisil pou nou menm imajine nou pap janm ka pale avè l ankò, ni ri avè l ni pran l nan bra nou. E lè yo di nou li nan syèl, sa pa fè doulè a ale pou sa.
Sepandan, Labib pale de yon lòt esperans. Jan nou te wè sa anvan, Bib la fè konnen li posib pou w retounen wè moun ou genyen ki mouri a talè konsa. Se pa nan syèl la, men se sou tè a, nan yon paradi kote ap gen lapè. Lè sa a, lèzòm pral gen posiblite pou yo gen yon sante ki pafè, e yo pap janm mouri. Gen kèk moun ki ka di: ‘Sa a se yon rèv.’
Ki sa k ta ka konvenk ou esperans sa a se yon esperans ki sèten? Pou w kwè nan yon pwomès ou dwe sèten nonsèlman moun ki fè pwomès sa a vle reyalize pwomès la vre, men tou ou dwe sèten li kapab reyalize l. Kidonk, kiyès ki pwomèt moun mouri pral retounen viv ankò?
Men ki pwomès Jezi Kris te fè avèk konfyans nan prentan ane 31 epòk nou an: “Menm jan Papa a leve moun ki mouri yo e li ba yo lavi, se konsa tou Pitit la bay moun li vle lavi. Nou pa bezwen sezi pou sa, paske lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa [Jezi], e y ap soti.” (Jan 5:21, 28, 29). Wi, Jezi Kris pwomèt gen plizyè milyon moun ki deja mouri ki pral retounen jwenn lavi sou tè sa a e y ap gen posiblite pou yo viv pou toutan sou tè a nan yon paradi kote ap gen lapè. (Lik 23:43; Jan 3:16; 17:3; konpare ak Sòm 37:29 e Matye 5:5.) Piske se Jezi ki fè pwomès sa a, nou kapab gen asirans li vle akonpli l. Men èske l kapab fè sa?
Mwens pase dezan apre Jezi fin fè pwomès sa a, li te sèvi avèk pisans li pou l montre
nonsèlman li vle resisite moun ki mouri, men tou li kapab fè sa.“Laza, soti deyò!”
Sitiyasyon an te tris: Laza te malad anpil. Jezi te pa lòtbò rivyè Jouden an e Mat ak Mari, de sè Laza yo, voye di Jezi: “Seyè, moun ou gen afeksyon pou li a malad.” (Jan 11:3). Yo te konnen Jezi renmen Laza, e yo te kwè li t ap vle vin wè zanmi l lan ki malad. Poutan, olye l deplase al Betani menm moman an, li fè de jou ankò kote l te ye a. — Jan 11:5, 6.
Yon ti tan apre yo fin voye nouvèl di Jezi Laza malad, Laza mouri. Jezi te konnen lè Laza mouri a, e li te gen entansyon fè yon bagay pou sa. Distans pou Jezi rive Betani, kat jou te gentan pase depi Laza mouri (Jan 11:17, 39). Èske Jezi te ka resisite yon moun ki mouri depi tout tan sa a?
Etan Jezi sou wout, Mat, ki te yon fi ki gen mouvman sou li, tande l ap vini, li kouri al rankontre l nan wout. (Konpare ak Lik 10:38-42.) Tristès li te genyen an te touche kè Jezi. Se sa k fè Jezi di l: “Frè w la ap leve.” Men, lè l te fè konnen li kwè nan rezirèksyon k ap gen pou fèt la, Jezi di l byen klè: “Mwen se rezirèksyon an e mwen se lavi a. Yon moun ki demontre lafwa nan mwen, menmsi l mouri, l ap vin gen lavi ankò.” — Jan 11:20-25.
Lè Jezi rive bò tonm nan, li mande pou yo retire wòch ki te nan bouch tonm nan. Apre sa, li priye awotvwa epi li di: “Laza, soti deyò!” — Jan 11:38-43.
Je tout moun te fikse sou tonm nan. Epi, yo wè fòm yon moun ki parèt sot nan fènwa a. Pye l ak men l bande ak twal, e figi l vlope ak yon moso Jan 11:44.
twal. Jezi di: “Devlope l e kite l ale.” Dènye moso twal ki te vlope l yo tonbe atè. Vrèmanvre, se te Laza, mesye ki te mouri depi kat jou a! —Èske bagay sa yo te rive toutbon?
Yo rakonte sa k te rive lè Jezi te resisite Laza a nan Evanjil Jan an kòm yon istwa ki te rive toutbon. Detay yo bay yo twò frapan pou se ta yon senp istwa moun imajine. Si nou ta gen dout sou istwa sa a, se kòmsi nou ta gen dout sou tout mirak ki nan Bib la e se kòmsi nou pa ta kwè tou nan rezirèksyon Jezi Kris li menm. E si nou pa ta kwè nan rezirèksyon Jezi a, se kòmsi nou ta rejte tout kwayans kretyen yo genyen. — 1 Korentyen 15:13-15.
Anfèt, si w kwè Bondye egziste, ou pa ta dwe gen pwoblèm pou w kwè nan rezirèksyon. Annou pran yon egzanp: Byenke gen yon seri atis ki mouri oubyen gen yon seri chèf politik ki mouri depi byen lontan, jiska prezan, moun kapab wè yo nan televizyon. Santan anvan sa, moun pa t ap menm imajine yon bagay konsa posib. E gen moun jodi a k ap viv nan kèk zòn sou tè a ki pa konn zafè televizyon an menm, alewè pou yo ta konnen kesyon pou yon moun fin mouri pou yo wè l k ap mache e k ap pale nan televizyon. Tèlman se yon bagay ki t ap difisil pou yo konprann, se t ap kòmsi se yon mirak pou yo. Bon, si moun rive aplike yon seri règ syantifik Kreyatè a etabli lè yo sèvi ak televizyon pou yo fè moun wè yon moun ki deja mouri kòmsi l toujou vivan e pou yo fè moun tande vwa l, èske Kreyatè a li menm pa ka fè plis pase sa lontan? Donk, èske li pa nòmal pou Sila a ki kreye lavi a kapab rekreye l ankò?
Mirak Jezi te fè lè l te fè Laza retounen viv ankò a te pèmèt moun yo gen plis lafwa nan Jezi ak nan rezirèksyon (Jan 11:41, 42; 12:9-11, 17-19). Mete sou sa, mirak sa a montre jan Jewova ak Pitit li a vle resisite moun ki mouri yo ak jan yo anvi fè sa.
‘Se pa ti anvi Bondye ap anvi’ leve moun ki mouri yo
Fason Jezi te reyaji lè Laza te mouri a montre nou kokenn tandrès Pitit Bondye a genyen. Sa l te santi nan fon kè l lè sa a montre jan li swaf resisite moun ki mouri yo. Men sa Labib di: “Lè Mari rive kot Jezi ye a e li wè l, li lage kò l nan pye l, li di l: ‘Seyè, si w te la, frè m nan pa t ap mouri non.’ Lè Jezi wè l ap kriye e li wè Juif ki te vin avèk li yo ap kriye tou, li plenn nan kè l e li vin boulvèse. Li di: ‘Ki kote nou antere l?’ Yo di l: ‘Seyè, vin wè.’ Epi dlo koule nan je Jezi. Lè sa a, Juif yo di: ‘Gade kòman l te gen afeksyon pou li!’” — Jan 11:32-36.
Gen twa pawòl nan vèsè sa yo ki montre jan Jezi te gen konpasyon: “li plenn”, “li vin boulvèse” e “dlo koule nan je [l]”. Mo yo te itilize lè yo t ap ekri Bib la pou pale de istwa touchan sa a montre lanmò Laza, bon zanmi Jezi, te fè Jezi mal anpil. Mete sou sa, lè Jezi wè sè Laza a k ap kriye, dlo koule nan je l *.
Sa k pi bèl la, sèke anvan sa, Jezi te fè de lòt moun retounen viv ankò. E Jezi t apral resisite Jan 11:11, 23, 25). Malgre sa, “dlo koule nan je [l]”. Sa montre Jezi pa konsidere resisite moun kòm yon senp fòmalite. Tandrès ak santiman pwofon li te gen nan kè l ki te parèt lè sa a montre byen klè jan li swaf pou l efase dega lanmò lakòz.
Laza tou (Nou ka wè jan Jezi swaf pou l efase dega lanmò fè yo nan fason li te demontre sa l santi lè l t ap resisite Laza.
Piske Jezi se ‘pòtre egzak sa Jewova Dye ye a menm’, nou gen rezon pou nou kwè se sa menm Papa nou ki nan syèl la ta fè (Ebre 1:3). Men sa Jòb, yon nonm ki te fidèl, te di pou l montre jan Jewova vle resisite moun: “Si yon moun mouri, èske l ka tounen viv ankò? [...] W ap rele m, e m ap reponn ou. Se pa ti anvi w ap anvi wè travay ou fè ak men w!” (Jòb 14:14, 15). Mo yo te itilize ki vle di “se pa ti anvi w ap anvi” a montre jan Bondye swaf pou l resisite moun (Jenèz 31:30; Sòm 84:2). Se yon bagay ki klè, Jewova pa ka tann pou l fè rezirèksyon an.
Èske nou ka kwè toutbon nan pwomès rezirèksyon an? Wi, pa gen dout nan sa, Jewova ak Pitit li a vle reyalize pwomès sa a e yo kapab fè sa. Ki sa sa vle di pou ou? Sa vle di ou gen posiblite pou w retounen wè moun ou genyen ki mouri yo sou tè a menm. Men, se pap nan menm kondisyon ak jodi a.
Jewova Dye, ki te mete de premye moun yo nan yon bèl jaden, te pwomèt pou l remete Paradi a sou tè sa a anba dominasyon Wayòm li an ki gen Jezi Kris ki glorifye kounye a kòm Wa alatèt li (Jenèz 2:7-9; Matye 6:10; Lik 23:42, 43). Lèzòm pral gen posiblite pou yo viv pou toutan nan Paradi ki pral gen sou tè a ankò, san yo pa janm malad (Revelasyon 21:1-4; konpare ak Jòb 33:25; Ezayi 35:5-7). Mete sou sa, pap gen kesyon moun rayi moun ankò, pap gen prejije, pap gen vyolans etnik e pap gen pwoblèm ekonomik. Se sou yon tè konsa Jewova Dye pral sèvi ak Jezi Kris pou l resisite moun ki mouri yo.
Rezirèksyon an, ki pral fèt grasa sakrifis Kris Jezi te bay kòm ranson an, pral fè moun tout nasyon gen lajwa.
Se esperans sa a kretyèn nou te mansyone nan kòmansman pati sa a genyen kounye a. Plizyè ane apre manman l fin mouri, Temwen Jewova yo te ede l byen etidye sa Labib di. Men sa l sonje: “Mwen te kriye lè m te aprann Labib pwomèt pral gen yon rezirèksyon. Se te yon bèl bagay pou m konnen mwen pral wè manman m ankò.”
Si ou menm tou ou swaf menm jan an pou w wè yon moun pa w ki mouri, Temwen Jewova yo ap byen kontan ede w aprann ki jan w ka vin gen esperans sa a ki sèten. Sa w panse si w al nan Sal Wayòm ki pi pre w la pou w pran kontak avèk yo. Oubyen, ou ka ekri nou nan adrès ki pi pre lakay ou a, w ap jwenn adrès sa yo nan lis ki nan paj 32 a.
^ § 20 Mo grèk ki vle di “plenn” nan soti nan yon vèb (embrimawomayi) ki siyifi gen yon bagay ki fè w mal e ki touche w anpil. Men sa yon biblis fè remake: “La a, mo sa a montre sa Jezi te santi a te tèlman fò, li te plenn, e se nan kè l sa te soti.” Mo “boulvèse” a se tradiksyon yon mo grèk (tarasò) ki montre moun nan gen gwo lapenn. Selon yon diksyonè, li vle di: “Ki pwovoke yon boulvèsman pa anndan, [...] ki fè yon moun gen gwo lapenn oubyen gwo tristès.” Ekspresyon “dlo koule nan je [l]” la soti nan yon vèb grèk (dakriyò), ki vle di “kriye san fè bri”.