Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou te konn pwofite moman maryaj yo pou n fè asanble.

ENDONEZI

Yo pa abandone reyinyon yo

Yo pa abandone reyinyon yo

Pandan entèdiksyon an, pifò kongregasyon yo te konn reyini nan kay prive. Men, anpil kongregasyon pa t konn chante kantik Wayòm yo pou yo pa atire atansyon sou yo. Pafwa, otorite yo te konn debake kote frè yo reyini yo, men, an jeneral, sa pa t twouble frè yo.

Byen souvan, frè yo te konn pwofite fè pi gwo asanble lè fanmi yo reyini ansanm oswa lè gen maryaj. Men sa Tagor Hutasoit fè konnen: “Nòmalman, koup marye yo te konn al anrejistre maryaj yo, epi yo te konn ba yo pèmisyon pou yo fè gwo resepsyon. Pandan resepsyon an, moun marye yo te konn chita sou yon estrad e frè yo te konn bay yon seri diskou ki baze sou Bib la.”

Nan yon seremoni maryaj, yon polisye te pwoche kot Tagor an prive.

Polisye a te di l: “Pifò maryaj dire sèlman de oswa twazèdtan. Poukisa maryaj pa nou yo kòmanse depi maten rive jis nan aprèmidi?”

Tagor te reponn: “Gen kèk moun k ap marye ki gen anpil pwoblèm e yo bezwen anpil bon konsèy nan Pawòl Bondye a pou ede yo.”

Polisye a te souke tèt li epi l di: “Sa fè sans!”

Pandan maryaj plizyè moun, frè yo te tou pwofite fè kèk pati nan pwogram kongrè distri 1983 a ki te gen tit “Nou ini grasa Wayòm nan”, nan yon gwo stad nan Jakata. Te gen an mwayèn, prèske 4 000 frè ak sè ak moun ki enterese te asiste kongrè a e 125 moun te batize an sekrè anvan pwogram nan. Pi devan, lè yo te kòmanse pa aji twò di ak frè yo pandan entèdiksyon an, frè yo te menm fè gwo kongrè, e yon lè, te gen plis pase 15 000 moun nan asistans lan.

Konstriksyon yon biwo filyal pandan entèdiksyon an

Ant ane 1980 ak ane 1990 yo, biwo filyal la pa t janm sispann mande gouvènman an leve entèdiksyon an. Anplis de sa, gen frè nan lòt peyi ki te ekri gouvènman endonezyen an ak anbasadè l yo pou mande rezon ki fè yo entèdi Temwen Jewova yo ann Endonezi. Anpil fonksyonè te dakò leve entèdiksyon an, men, Direksyon Jeneral Kominote kretyen yo ki te gen anpil pouvwa te anpeche fonksyonè yo fè sa.

An 1990, frè yo te wè l posib pou yo konstwi yon nouvo biwo filyal nan yon zòn moun pap tèlman wè yo. Nan menm ane a, Kolèj santral la te apwouve acha yon teren toupre Bogò, yon ti vil ki a anviwon 40 kilomèt nan sid Jakata. Men, se kèk frè sèlman nan peyi a ki te abil nan zafè konstriksyon. Nan ka sa a, ki jan yo t ap fè konstwi nouvo filyal la?

Kesyon sa a te jwenn repons grasa kominote entènasyonal frè nou an. Biwo konstriksyon Bwouklin nan ak Biwo rejyonal enjenyè ki Ostrali a te ban nou plan konstriksyon an. Anviwon 100 volontè entènasyonal te travay sou pwojè a pandan dezan konstriksyon an te dire a.

Men sa Hosea Mansur, yon frè endonezyen ki te sèvi kòm entèmedyè ant frè yo ak anpil fonksyonè nan zòn nan, fè konnen: “Lè kèk fonksyonè Mizilman te wè sig non m ki se H.M. sou kas mwen an, yo te panse lèt la vle di ‘Hājjī’, yon gwo tit yo bay moun ki konn fè pelerinaj nan zòn ki rele Lamèk la. Konsa, yo te trete m ak anpil respè. Ti konfizyon sa a te fè l pi fasil pou n òganize travay la.”

Biwo filyal sa a te konstwi pandan entèdiksyon an.

Nou te inogire nouvo filyal la 19 jiyè 1996. John Barr, yon manm Kolèj santral la, te bay diskou inogirasyon an. Pami 285 moun ki te nan inogirasyon an, te gen 118 reprezantan filyal, kèk ansyen misyonè ki sot nan anpil peyi ak 59 manm fanmi Betèl Endonezi a. De jou apre pwogram nan, 8 793 moun te asiste kongrè distri “Messagers de la paix divine” nan nan Jakata.

Jewova delivre pèp li a

An 1998, Soeharto (Suharto), prezidan Endonezi a ki te gen anpil tan sou pouvwa a te demisyone, konsa, sa te bay posiblite pou vin gen yon nouvo gouvènman. Pou rezon sa a, frè yo te fè plis efò pou yo fè leve entèdiksyon an.

Pandan Mesye Djohan Effendi, Sekretè Deta Endonezi a, t ap vizite Nouyòk an 2001, li te tou vizite Betèl Bwouklin nan kote l te rankontre twa manm Kolèj santral la. Sa l te wè yo te enpresyone l e l te rekonèt Temwen Jewova yo gen bon repitasyon toupatou nan monn nan. Mesye Effendi te dakò leve entèdiksyon an, men, li te di se Mesye Marzuki Darusman, avoka jeneral Endonezi a, ki gen dènye mo a.

Avoka jeneral la te dakò leve entèdiksyon an tou, men, kèk fonksyonè nan depatman l lan pa t dakò nan espwa yo pral ranplase avoka a byen vit. Finalman, jou ki te 1ye jen 2001 an, yo te konvoke Tagor Hutasoit nan biwo avoka jeneral la. Men sa Tagor sonje: “Anviwon 25 an anvan sa, nan menm biwo sa a, yo te ban m yon dokiman ki fè konnen yo entèdi travay Temwen Jewova yo. Men, jou sa a, dènye jou avoka jeneral la te pase nan biwo l, li te ban m yon dokiman ki fè konnen entèdiksyon an leve.”

Jou ki te 22 mas 2002 a, Ministè zafè relijye a te anrejistre òganizasyon Temwen Jewova yo ofisyèlman ann Endonezi. Men sa direktè jeneral Ministè a te di reprezantan filyal la: “Se pa dokiman sa a ki ban nou libète pou n adore. Libète sa a se Bondye ki ban nou l. Dokiman sa a montre gouvènman an rekonèt relijyon nou an ofisyèlman. Kounye a, nou gen menm dwa ak lòt relijyon yo e gouvènman an la pou l sèvi nou.”