ÈD POU MOUN KI NAN GWO LAPENN
Fason w ka santi w
Byenke gen kèk espesyalis ki fè konnen gen plizyè fason moun montre yo nan lapenn, tout moun pa montre lapenn yo menm jan. Lefètke tout moun pa montre lapenn yo menm jan lè yo gen moun pa yo ki mouri, èske sa vle di kèk nan yo soufri mwens oswa y ap “kache” soufrans lan? Nou pa ka kouri di sa. Se vre lè yon moun pa kache lapenn li, sa ka gen yon bon efè sou li, men, pa gen “yon sèl fason” pou moun rive fè fas ak lanmò yon moun li renmen. Sa plis depann de kilti yon moun, tanperaman l, eksperyans li fè nan lavi a, epitou ak fason moun li renmen an mouri an.
GWO EFÈ SA KA GENYEN
Moun ki nan lapenn yo ka pa konnen ki jan y ap santi yo apre moun pa yo a fin mouri. Sepandan, gen kèk fason yo santi yo ak yon seri difikilte yo konn jwenn se tout moun ki konn santi yo konsa oswa ki konn fè fas ak difikilte sa yo, e byen souvan, yo ka gentan prepare lespri yo pou sa. Ann egzamine kèk pwen:
Ou santi w pa kapab ankò. Sa ka rive w kriye anpil, ou santi fòk moun nan ta avè w, e dèfwa ou gendwa annik rete konsa ou pa sou san w. Gen yon seri bagay ou te viv ak moun nan ki ka fè w sonje l e w gendwa fè yon seri rèv ki ka jwe sou emosyon w. Okòmansman, ou gendwa pran yon gwo chòk lè w aprann moun nan mouri e w pa ka kwè sa. Tina sonje jan li te reyaji lè Timo, mari l, te mouri sanzatann. Men sa l di: “Okòmansman, mwen pa t santi anyen. Mwen pa t menm ka kriye. Sa te tèlman twòp pou mwen pafwa mwen konn twouve l difisil pou m respire. Mwen te jis pa t ka kwè sa k te rive a.”
Ou santi w koupab, ou fache, ou ka gen gwo kè kase detanzantan, e anpil moun konn konsa tou. Men sa Ivan di: “Apre Eric, pitit gason nou an ki te gen 24 an, te fin mouri, pandan yon bon tan mwen menm ak Yolanda madanm mwen te fache anpil pou sa k te rive a! Kòm nou pa t moun ki renmen fache, nou te sezi pou reyaksyon sa a nou te genyen an. Nou te santi nou koupab tou paske nou te vin ap mande tèt nou si nou pa t ka fè plis bagay pou ede pitit gason nou an.” Men sa Alejandro te di, li menm madanm li te mouri apre madanm li te fin fè yon maladi ki te fè anpil tan sou li jiskaske l touye l: “Okòmansman, mwen te santi si Bondye kite m ap soufri tout soufri sa a se petèt paske mwen se yon move moun. Apre sa, mwen te santi m koupab paske mwen t ap blame Bondye pou sa k te rive a.” Kostas li menm, nou te pale de li nan premye atik la, di: “Pandan yon tan, mwen te menm fache kont Sophia poutèt li te mouri. Apre sa, mwen te santi m koupab poutèt mwen te santi m konsa. An reyalite, se pa t fòt Sophia.”
Ou pa ka reflechi byen. Ka gen moman kote gen plizyè panse k ap pase nan tèt ou e yo ka pa lojik. Pa egzanp, yon moun ki gen moun pa l ki mouri ka panse moun ki mouri a ka tande, ka wè oswa gen santiman. Oswa moun ki gen moun pa l ki mouri a ka twouve l difisil pou l konsantre oswa pou l sonje yon seri bagay. Men sa Tina di: “Dèfwa, mwen nan yon konvèsasyon men mwen rann mwen kont tèt mwen pa la! Sèl sa k nan tèt mwen se tout sa ki te pase ki gen rapò ak lanmò Timo a. Lefètke m pa t ka rive konsantre m, sa te strese m.”
Ou anvi ret poukò w. Ou ka santi nenpòt ti bagay kontrarye w oswa w ka santi w pa alèz lè w bò kot lòt moun. Men sa Kostas di: “Lè m te ak moun ki marye, mwen te santi m pa nan plas mwen. E m te santi m menm jan an tou lè m ak selibatè.” Men sa Yolanda, madanm Ivan, sonje: “Li te vrèman difisil pou m ret bò kote moun k ap plenyen pou yon seri pwoblèm ki pa reprezante anyen devan pwoblèm pa nou yo! Gen lòt moun yo menm ki te konn ap di nou bon bagay pitit yo ap fè. Mwen te kontan pou yo men anmenmtan mwen te twouve l difisil pou m koute yo. Mari m avè m te konprann nou dwe kontinye viv, men nou pa t ni anvi ni gen ase pasyans pou nou tande jan de konvèsasyon sa yo.”
Ou gen pwoblèm sante. Menm jan ak anpil lòt moun, ou ka pa gen apeti, ou ka ap gwosi oswa w ap vin piti,
epi li ka difisil pou w dòmi. Men sa Aaron sonje ki te rive l nan menm ane papa l mouri a: “Mwen pa t ka dòmi menm. Chak swa mwen te konn pantan nan dòmi nan menm lè a e m te konn ap panse ak lanmò papa m.”Alejandro sonje li te konn gen yon seri pwoblèm sante men doktè pa t ka wè sa l genyen. Men sa l di: “Pandan plizyè fwa, doktè te konsilte m e tout bagay te toujou anfòm. Mwen sispèk se gwo lapenn mwen an ki te konn aji sou sante m.” Men tank tan t ap pase, li te vin santi l byen. Anfèt, se yon bon desizyon Alejandro te pran lefètke li t al kay doktè. Lè yon moun nan gwo lapenn sa febli sistèm defans kò a, sa ka lakòz li vin gen yon pwoblèm sante oswa sa ka fè yon pwoblèm sante li te deja genyen vin pi mal.
Ou gen difikilte pou w fè bagay ki enpòtan yo. Men sa Ivan di: “Lè Eric mouri, nou te dwe fè fanmi nou ak zanmi nou konn sa, san wete lòt moun tankou patwon Eric ak moun li te lwe kay nan men l lan. Mete sou sa, te gen yon pakèt papye legal pou ranpli. Apre sa, nou te gen pou n al nan zafè pèsonèl li yo. Tout bagay sa yo te mande anpil konsantrasyon alòske nou te fatige mantalman, fizikman ak afektivman.”
Men pou kèk moun, pi gwo pwoblèm nan vini apre lè yo oblije fè yon seri bagay moun yo renmen ki mouri a te konn fè. Tina te viv sa, men sa l di: “Se Timo ki te konn regle bagay ki gen rapò ak labank ansanm ak lòt bagay ki gen rapò ak kòb. Kounye a, se mwen ki oblije fè tout bagay sa yo e sa fè m pi strese toujou. Èske m t ap ka rive fè tout bagay sa yo jan yo dwe fèt la?”
Difikilte nou te pale de yo pi wo yo montre jan sa vrèman difisil pou yon moun fè fas ak gwo lapenn li genyen. An reyalite, lè nou gen yon moun pa nou ki mouri, se pa ti lapenn sa ka pote. Men, yon moun ki fèk gen moun pa l ki mouri e ki konn tout lapenn sa ka pote ap jwenn fòs pou l fè fas ak sitiyasyon sa a. Epitou, sonje se pa tout moun k ap viv tout sa nou sot site la yo lè yo gen moun pa yo ki mouri. Anplis de sa, sa kapab soulaje yon moun ki nan gwo lapenn lefètke l konnen li toutafè nòmal pou l santi l jan l ye a.
ÈSKE KÈ M AP JANM KONTAN ANKÒ?
Sa k ka rive: Rive yon lè, gwo lapenn yon moun santi lè l gen moun pa l ki mouri ap diminye. Sa pa vle di moun nan pral santi li byen nèt oswa l ap bliye moun pa l ki mouri a. Men, tikras pa tikras, gwo soufrans li te santi a ap bese. Soufrans lan ka tounen ankò lè lide l frape sou moun nan sanzatann oswa lè dat moun nan mouri a rive, lè se anivèsè yon seri evènman, tankou maryaj. Men, rive yon lè pifò moun konn rive jwenn ekilib yo e yo rive rekòmanse fè aktivite yo te konn fè chak jou nan lavi a. Nou plis wè sa nan ka kote moun ki nan lapenn nan gen fanmi l oswa zanmi l k ap soutni l, oswa moun nan fè yon seri bagay ki rezonab pou l rive fè fas ak lapenn nan.
Konbyen tan sa ap dire? Pou kèk moun, sa gendwa pran plizyè mwa. Pou anpil lòt, yo ka kòmanse santi amelyorasyon sou ennan oswa dezan. E gen kèk moun ki ka menm bezwen plis tan *. Men sa Alejandro fè konnen: “Mwen te kontinye gen gwo lapenn pandan anviwon twazan.”
Se pou w pasyan ak tèt ou. Viv chak jou san w pa bezwen mande ki jan demen ap ye, fè sa w santi w ka fè epi konnen gwo lapenn sa a ou santi a pap toujou rete konsa. Kidonk, èske gen bagay ou ka fè ki ka soulaje w depi kounye a e ki ka menm anpeche soufrans lan pran yon kantite tan ki pa vrèman nesesè?
Li toutafè nòmal pou w santi w konsa lè w nan gwo lapenn.
^ § 17 Pou yon ti gwoup moun, soufrans pa yo gendwa tèlman rèd epi pran anpil tan opwen sa ka fè mounn nan toujou nan lapenn. Moun sa yo ka bezwen al wè yon doktè ki jere ka sante mantal.