Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

DAPRE LABIB

Lagè

Lagè

Nan Izrayèl tan lontan an, Izrayelit yo te konn fè lagè nan non Bondye ki se Jewova. Èske sa vle di Bondye dakò ak gè k ap fèt jodi a?

Nan tan lontan, poukisa Izrayelit yo te konn al nan lagè?

SA KÈK MOUN DI:

 

Izrayelit yo te konn adore yon “dye lagè”, yon dye ki renmen wè san k ap koule.

MEN SA BIB LA DI:

 

Izrayelit yo te ranpòte laviktwa sou yon seri nasyon ki pa t bon menm, ki te vyolan e ki te konn fè yon seri bagay sal, tankou yo te konn kouche ak bèt, gen moun nan menm fanmi ki te konn fè sèks youn ak lòt, e yo te konn sakrifye timoun. Men sa Bondye te di yo apre li te fin ba yo plizyè santèn ane pou yo chanje: “Se bagay sa yo nasyon m ap chase devan nou yo fè ki fè yo pa pwòp.” — Levitik 18:21-25; Jeremi 7:31.

“Se paske nasyon sa yo mechan ki fè Jewova, Bondye nou an, ap retire yo devan nou.” — Detewonòm 9:5.

Jodi a, èske Bondye soutni yon peyi k ap fè lagè?

PETÈT OU REMAKE

 

Nan anpil gè k ap fèt, chèf relijye nan chak kan fè konnen Bondye ansanm avèk yo. Men sa liv Sa ki lakòz lagè a (anglè) fè konnen: “Relijyon te toujou jwe yon wòl nan tout gè ki fèt yo.”

MEN SA BIB LA DI:

 

Kretyen pa gendwa goumen kont ènmi l. Apot Pòl te ekri kretyen parèy li yo, li di: “Si posib, depi sa depann de nou, se pou nou anpè ak tout moun. Pa vanje tèt nou.” — Women 12:18, 19.

Jezi pa t ankouraje disip li yo fè lagè, okontrè, li te di yo: “Kontinye renmen ènmi nou e kontinye priye pou moun k ap pèsekite nou, pou nou ka montre nou se pitit Papa nou ki nan syèl la.” (Matye 5:44, 45). Menmsi yon kretyen ta ap viv nan yon peyi ki nan lagè, li dwe rete net paske kretyen yo “pa fè pati monn nan”. (Jan 15:19.) Piske Bondye mande adoratè l yo ki toupatou sou tè a pou yo renmen ènmi yo epi pou yo rete lwen monn nan, li pa t ap janm soutni yon peyi k ap fè lagè jodi a.

“Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a. Si Wayòm mwen an te fè pati monn sa a, sèvitè m yo t ap goumen pou yo pa livre m bay Juif yo. Men, se pa la Wayòm mwen an soti.” — Jan 18:36.

Èske lagè ap janm fini?

SA KÈK MOUN DI:

 

Ap toujou gen lagè. Gen yon liv, Lagè ak pouvwa nan 21yèm syèk la (anglè), ki di: “Lagè gen yon bèl avni. Pa met nan tèt nou ap gen yon lapè pou toutan nan syèk sa a.”

MEN SA BIB LA DI:

 

Ap sispann gen lagè lè pa gen okenn moun ki anvi fè lagè. Se sa k fè, talè konsa, Wayòm Bondye a, yon gouvènman ki egziste toutbon e k ap dirije nan syèl la, pral pase alaksyon pou l fè lagè sispann sou tè a epi l ap montre moun yo ki jan pou yo toujou viv anpè. Bib la ban nou garanti Bondye pral “met lòd nan mitan nasyon ki pisan, kit yo pre kit yo lwen. Y ap bat epe yo pou yo fè yo tounen zouti pou raboure latè, e y ap bat lans yo pou yo fè yo tounen sèpèt. Nasyon yo pap pran epe pou yo atake youn lòt ankò, e yo pap aprann fè lagè ankò”. — Miche 4:3.

Bib la fè konnen lè Wayòm Bondye a pral dirije, kesyon gouvènman k ap defann enterè pa yo sèlman an ap fini, pap gen yon seri règ ki pa jis k ap fè moun revòlte, e pap gen prejije ki lakòz divizyon ant ras. Kòm rezilta, lagè pral fini nèt! Men sa Bondye pwomèt: “Yo pap fè okenn mal, ni okenn ravaj okenn kote sou mòn mwen an ki sakre, paske, san mank, tè a pral plen konesans sou Jewova menm jan lanmè a plen dlo.” — Ezayi 11:9.

“Li fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a. Li kase banza a e li fè lans lan fè plizyè moso. Li boule charyo pou fè lagè yo nan dife.” — Sòm 46:9.