Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Milford Sound

PEYI YO AK MOUN K AP VIV LADAN YO

Yon ti vizit nan Nouvèl Zelann

Yon ti vizit nan Nouvèl Zelann

SA GEN anviwon 800 ane, tribi Mawori a te vwayaje plizyè milye kilomèt sou lanmè pou yo t al tabli yo nan Nouvèl Zelann. Lè yo te rive, yo te jwenn yon tèritwa ki pa t menm jan ak zile twopikal yo ki nan Polinezi, kote yo te soti a. Kote yo te rive a te chaje ak mòn, yon seri gwo bout glas, sous dlo cho e li te chaje ak nèj. Anviwon senksanzan annapre, gen yon lòt ras ki te vin enstale l nan Nouvèl Zelann, men yo menm yo te soti byen lwen ann Ewòp. Jodi a, pifò moun Nouvèl Zelann yo konnen ni tradisyon ki soti nan Anglosakson ni tradisyon ki soti nan Polinezi. Prèske 90 pousan popilasyon an abite nan vil la. Yo konnen Wèlintonn, kapital Nouvèl Zelann, kòm kapital ki plis nan sid nan monn nan.

Yon ma labou k ap bouyi nan Zile nò.

Malgre Nouvèl Zelann lwen anpil, sa pa fè n sezi pou n wè chak ane prèske twa milyon touris al vizite l akoz diferan bote ki gen nan peyi a.

Pyebwa ki rele Cyathea dealbata a ka grandi plis pase 10 mèt wotè.

Jis nan ane 1948, yo te panse zwazo ki pa vole yo rele takahe a pa t egziste.

Yo fè konnen Nouvèl Zelann genyen yon pakèt varyete bèt ak pyebwa, e li gen plis zwazo ki pa vole pase kèlkeswa kote nan monn nan. Se la tou ki gen yon bèt ki sanble ak leza e ki rele twatara, e li ka viv plis pase 100 an! Sèl mamifè yo genyen se yon kalite espès chovsourit ak kèk gwo bèt lanmè tankou dofen ak balèn.

Temwen Jewova yo gen prèske 120 an depi y ap preche nan Nouvèl Zelann. Yo anseye Labib pou piti nan 19 lang, san wete lang moun Polinezi yo pale, tankou niyi, rawotongan, samowan ak tonjyen.

Moun nan tribi Mawori ki ak rad tradisyonèl yo sou yo k ap danse.