Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nan ki direksyon je w ap gade?

Nan ki direksyon je w ap gade?

“Mwen leve je gade w, ou menm ki chita sou twòn ou nan syèl la.” — SÒM 123:1.

KANTIK: 143, 124

1, 2. Ki sa sa mande pou n fikse je n sou Jewova?

N AP viv nan “tan [ki] di” e ki “difisil pou moun sipòte”, epitou, lavi a gen pou l vin pi difisil toujou anvan Jewova chanje bagay yo e pou l fè gen vrè lapè sou tè a ankò (2 Tim. 3:1). Kidonk, l ap bon pou n mande tèt nou: ‘Nan men kiyès m ap chèche jwenn èd ak konsèy?’ Byen vit, nou gendwa reponn: “Nan men Jewova”, e se pi bon repons lan.

2 Ki sa sa mande pou n fikse je n sou Jewova? E ki jan n ka gen asirans n ap kontinye kite je n fikse sou li toutpandan n ap fè fas ak gwo difikilte ki gen nan lavi a? Sa gen plizyè syèk, gen youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo ki te konprann jan l enpòtan pou n leve je n gade Jewova pou n mande l èd lè n bezwen sa. (Li Sòm 123:1-4.) Li te konpare fason n ap gade Jewova ak fason yon sèvitè gade mèt li. Ki sa l te vle di? Ebyen, nonsèlman yon sèvitè gade mèt li pou l ka jwenn manje ak pwoteksyon, men tou, sèvitè a bezwen toujou ap gade mèt li pou l rive wè ki sa mèt la vle epi pou l fè yo. Nan menm sans lan, se chak jou nou bezwen fouye nan Pawòl Bondye a pou n rive wè ki sa Jewova vle pou nou menm pèsonèlman e pou n suiv direksyon sa a. Se sèlman lè sa a n ap ka gen asirans Jewova ap fè n favè nan moman nou bezwen l lan. — Efe. 5:17.

3. Ki sa k ka anpeche n kite je n fikse sou Jewova?

3 Byenke n konnen jan l enpòtan pou n kontinye fikse je n sou Jewova, pafwa, nou ka vin distrè. Se egzakteman sa k te rive yon bon zanmi Jezi ki te rele Mat. Li te “okipe nan travay li t ap fè pou l resevwa Seyè a”. (Lik 10:40-42.) Si sa te ka rive yon moun fidèl konsa pandan Jezi te la avèk li, nou pa ta dwe sezi si menm bagay la ta rive n tou. Nan ka sa a, ki sa k ka anpeche n kite je n fikse sou Jewova? Nan atik sa a, nou pral pale sou fason aksyon lòt moun ka fè n distrè. Anplis de sa, nou pral aprann ki jan n ka kontinye fikse je n sou Jewova.

YON MESYE KI FIDÈL PÈDI YON PRIVILÈJ

4. Poukisa n gendwa sezi dèske Moyiz te pèdi privilèj li te genyen pou l antre nan Peyi Bondye te pwomèt la?

4 Pa gen dout, Moyiz te konn konte sou Jewova pou l jwenn konsèy ak direksyon. Vrèmanvre, “li te rete tennfas, kòmsi li te wè Sila a ki envizib la”. (Li Ebre 11:24-27.) Bib la fè n konnen “pa janm gen yon pwofèt tankou Moyiz ann Izrayèl. Se yon moun Jewova te konnen byen”. (Det. 34:10.) Sepandan, aktout Moyiz te gen yon relasyon sere konsa ak Jewova, li te pèdi privilèj li te genyen pou l antre nan Peyi Bondye te pwomèt la (Nonb 20:12). Ki sa k te lakòz Moyiz trebiche?

5-7. Ki pwoblèm ki te vin genyen yon ti tan apre Izrayelit yo te fin kite peyi Ejip, e ki jan Moyiz te jere sitiyasyon an?

5 Nan mwens pase de mwa apre Izrayelit yo te fin kite peyi Ejip, anvan menm yo te rive nan Mòn Sinayi, te vin gen yon gwo pwoblèm. Pèp la te kòmanse plenyen paske yo pa t gen dlo. Yo te pran plenyen kont Moyiz, e sitiyasyon an te tèlman vin grav, Moyiz te oblije pale ak Jewova, li te di l: “Ki sa pou m fè ak pèp sa a? Yo sanlè touye m ak kout wòch!” (Egz. 17:4). Jewova te reponn Moyiz e l te ba l yon seri enstriksyon byen klè. Li te dwe pran baton l lan e l te dwe frape wòch ki nan Orèb la avè l, e apre sa, dlo t ap ponpe sot nan wòch la. Men sa nou li: “Moyiz te fè sa devan je ansyen ki nan pèp Izrayèl la.” Izrayelit yo te bwè dlo jis yo satisfè, epi pwoblèm nan te rezoud. — Egz. 17:5, 6.

6 Selon sa n aprann nan istwa sa a Bondye te fè ekri a “Moyiz te rele kote a Masa ak Meriba paske Izrayelit yo te fè kont avè l e yo te teste Jewova lè yo t ap di: ‘[Èske] Jewova nan mitan nou oubyen l pa nan mitan nou?’” (Egz. 17:7). Non sa yo te byen tonbe piske yo vle di “Teste” ak “Fè kont”.

7 Ki jan Jewova te santi l konsènan sa k te rive nan Meriba a? Li te konsidere sa Izrayelit yo te fè a kòm yon atak kont otorite l, se pa t jis yon rebelyon kont Moyiz. (Li Sòm 95:8, 9.) Li klè, Izrayelit yo te mal aji. Nan moman sa a, Moyiz te byen reyaji lè l te konte sou Jewova, epi l te byen suiv direksyon Jewova te ba li.

8. Ki pwoblèm ki te vin genyen nan fen 40 ane Izrayelit yo te fè ap vwayaje nan dezè a?

8 Men, ki sa k te pase lè yon pwoblèm menm jan an te rive anviwon 40 an annapre lè Izrayelit yo te nan fen vwayaj yo t ap fè nan dezè a? Yon lòt fwa ankò, Izrayelit yo te twouve yo nan yon zòn yo te vin rele Meriba. Men, se te yon lòt zòn ki te toupre Kadèch, arebò fwontyè Peyi Bondye te pwomèt la *. Yon lòt fwa ankò, Izrayelit yo te tonbe plenyen paske yo pa t gen dlo (Nonb 20:1-5). Sepandan, fwa sa a, bagay yo pa t fini byen pou Moyiz.

9. Ki enstriksyon Moyiz te resevwa, men, ki sa l te fè? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

9 Ki jan Moyiz te reyaji devan rebelyon sa a? Yon lòt fwa ankò, li te vire je l gade Jewova pou l jwenn direksyon. Men, fwa sa a, Jewova pa t di l frape wòch la. Jewova te di Moyiz pou l pran baton l lan, pou l rasanble pèp la devan mas wòch la, epi apre sa, pou l pale ak mas wòch la (Nonb 20:6-8). Sepandan, Moyiz pa t pale ak wòch sa a oswa mas wòch sa a. Olye de sa, li te montre jan l an kòlè lè l te di moun ki te rasanble yo byen fò: “Kounye a, tande, bann rebèl! Èske se nan mas wòch sa a pou nou fè dlo soti pou nou?” Apre sa, li pa t frape wòch la yon sèl fwa, men li te fè sa de fwa. — Nonb 20:10, 11.

10. Ki fason Jewova te reyaji devan sa Moyiz te fè a?

10 Jewova te vin an kòlè, li te menm fache kont Moyiz (Det. 1:37; 3:26). Poukisa se konsa Jewova te reyaji? Gen anpil bagay ki ka lakòz sa. Jan n te montre sa pi wo a, petèt Jewova te fache paske Moyiz pa t suiv nouvo enstriksyon l te resevwa yo.

11. Lefètke Moyiz te frape wòch la, ki jan sa te ka fè pèp la panse se pa Jewova ki fè mirak la?

11 Li posib pou gen yon lòt rezon. Mas wòch ki te nan zòn kote premye Meriba a te ye a te fèt ak yon granit ki di anpil. Kèlkeswa jan yon moun ta frape yon wòch granit byen fò, pèsonn pa t ap atann pou dlo sot ladan l. Sepandan, pant wòch ki te toutotou zòn kote dezyèm Meriba a te ye a te vrèman diferan, an jeneral, se te wòch kalkè ki mou. Piske wòch kalkè se yon wòch ki gen yon pakèt ti twou ladan l, byen souvan, zòn sa yo te konn gen rezèvwa dlo anba yo e moun te ka frape wòch sa yo pou yo jwenn dlo. Èske lè Moyiz te frape wòch la de fwa a, petèt li te lakòz pèp la panse se pa t Jewova ki te fè dlo a sot nan wòch la, men, se te yon bagay ki natirèl? Lefètke Moyiz te frape wòch la olye l te pale avè l, nan yon sans, èske l te fè mirak la pèdi nan valè l te genyen *? Nou pa ka fin sèten.

FASON MOYIZ TE FÈ REBÈL

12. Ki lòt rezon petèt ki te fè Jewova fache kont Moyiz ak Arawon?

12 Gen yon lòt esplikasyon ki montre rezon petèt ki fè Jewova te vin an kòlè kont Moyiz ak Arawon. Remake sa Moyiz te di pèp la: “Èske se nan mas wòch sa a pou nou fè dlo soti pou nou?” Lè Moyiz te di “nou” an, petèt li t ap pale de li menm ak Arawon. Pawòl sa yo te montre yon gwo mank respè pou Jewova antanke Sila a ki te fè mirak sa a. Sanble posiblite sa a parèt nan sa n li nan Sòm 106:32, 33 a ki di: “Yo te pwovoke L bò dlo Meriba yo. Konsa, yo te lakòz Moyiz tonbe nan pwoblèm. Kòm yo te fè l fache anpil, li te pale mal ak bouch li *.” (Nonb 27:14). Kèlkeswa jan sa te ye, sa Moyiz te fè a te lakòz pèp la pa t bay Jewova onè l te merite. Men sa Jewova te di konsènan Moyiz ak Arawon: “Nou de a te dezobeyi lòd mwen te ban nou” an (Nonb 20:24). Se yon peche ki te grav anpil!

13. Poukisa jijman Jewova te fè kont Moyiz la te apwopriye e l te jis?

13 Antanke moun ki te alatèt pèp Jewova a, Moyiz ak Arawon te gen plis kont pou yo rann (Lik 12:48). Anvan sa, Jewova pa t kite tout yon jenerasyon Izrayelit antre nan peyi Kanaran akoz yo te fè rebèl (Nonb 14:26-30, 34). Donk, li te apwopriye e l te jis pou Jewova te fè menm jijman sa a kont Moyiz akoz zak rebelyon l te fè a. Menm jan ak lòt rebèl yo, Jewova pa t kite l antre nan Peyi l te pwomèt la.

KOZ PWOBLÈM NAN

14, 15. Ki sa k te lakòz Moyiz fè rebèl?

14 Ki sa k te pouse Moyiz vin gen atitid rebèl sa a? Yon lòt fwa ankò, gade ki sa Sòm 106:32, 33 di: “Yo te pwovoke L bò dlo Meriba yo. Konsa, yo te lakòz Moyiz tonbe nan pwoblèm. Kòm yo te fè l fache anpil, li te pale mal ak bouch li.” Malgre se Jewova Izrayelit yo t ap pwovoke, se Moyiz ki te vin fache anpil. Piske l te manke metriz, sa te fè l pale san l pa t reflechi ak konsekans sa l t ap di yo t ap genyen.

15 Moyiz te kite aksyon lòt moun anpeche l kite je l fikse sou Jewova. Moyiz te rezoud premye pwoblèm nan byen (Egz. 7:6). Sepandan, li posib pou Moyiz te santi l fatige e l te santi l kontrarye apre l te fin fè plizyè dizèn ane ap fè fas ak yon seri Izrayelit rebèl. Èske Moyiz te sitou ap panse ak pwoblèm li te jwenn yo olye l t ap panse ak fason l te ka bay Jewova glwa?

16. Ki sa k fè n ta dwe enterese ak sa Moyiz te fè a?

16 Si yon pwofèt fidèl tankou Moyiz te ka vin distrè epi l bite, li fasil pou menm bagay la rive n. Menm jan ak Moyiz, nou prèske antre nan yon peyi senbolik, anpalan de monn nouvo Jewova pwomèt nou an (2 Pyè 3:13). Pa gen youn nan nou ki ta renmen pèdi privilèj espesyal sa a. Sepandan, pou n atenn objektif sa a, nou bezwen kite je n fikse sou Jewova, e n dwe toujou ap chèche fè volonte l (1 Jan 2:17). Ki leson n ta dwe aprann nan erè Moyiz te fè a?

PA KITE AKSYON LÒT MOUN FÈ N DISTRÈ

17. Ki sa k ap ede n pou n pa kite fristrasyon pote n ale?

17 Pa kite fristrasyon pote w ale. Menm lè n ap fè fas ak menm pwoblèm yo detanzantan, “annou pa sispann fè sa ki byen, paske lè lè a rive, n ap rekòlte si nou pa kite fatig pote n ale”. (Gal. 6:9; 2 Tes. 3:13.) Lè n ap fè fas ak kèk sitiyasyon ki ka fè n fache oswa n ap fè fas ak moun ki pa gen menm pèsonalite avè n, èske n kontwole sa n ap di ak fason n ap aji (Pwo. 10:19; 17:27; Mat. 5:22)? Lè lòt moun ap pwovoke n, nou bezwen “kite kòlè [Jewova] aji”. (Li Women 12:17-21.) Si n kontinye konte sou Jewova, n ap montre n gen respè pou li lè n kite kòlè l aji, e lè n ret tann avèk pasyans pou l aji lè l jije sa nesesè. Si n pa ta fè sa e n ta chèche jwenn kèk fason pou n vanje tèt nou, nou t ap montre n pa gen respè pou Jewova.

18. Ki sa n bezwen sonje lè n dwe suiv enstriksyon yo ban nou?

18 Byen suiv dènye enstriksyon nou jwenn yo. Èske n suiv dènye enstriksyon Jewova ban nou yo fidèlman? Si se wi, nou pap toujou fè bagay yo fason n te konn fè yo anvan sa. Olye de sa, san pèdi tan, n ap suiv tout nouvo enstriksyon Jewova ban nou pa mwayen òganizasyon l lan (Ebre 13:17). Anmenmtan tou, n ap fè atansyon pou n “pa ale pi lwen pase sa ki ekri”. (1 Kor. 4:6.) Lè n fè sa, n ap kite je n fikse sou Jewova.

Ki leson n ta dwe aprann nan fason Moyiz te reyaji devan erè lòt moun? (Gade paragraf 19.)

19. Ki jan n ka evite pèdi relasyon nou gen ak Jewova a menm lè n ap fè fas ak erè lòt moun?

19 Pa kite erè lòt moun fè w pèdi relasyon w gen ak Jewova a. Si n kite je senbolik nou an fikse sou Jewova, nou pap kite aksyon lòt moun fè n fache oswa fè n pèdi relasyon nou gen ak Jewova a. Sa enpòtan anpil si n ta gen kèk responsablite nan òganizasyon Bondye a menm jan ak Moyiz. Se vre se nou chak ki bezwen “kontinye travay pou pwòp delivrans nou, avèk krent ak anpil respè”, men, nou dwe sonje Jewova pa gen yon prensip ki di oswa ki pa fleksib pou l jije nou (Flp. 2:12). Okontrè, plis nou gen responsablite, se plis nou gen kont pou n rann (Lik 12:48). Men, si n renmen Jewova toutbon, pa gen anyen k ap fè n bite oswa k ap separe nou ak lanmou li gen pou nou an. — Sòm 119:165; Wom. 8:37-39.

20. Ki detèminasyon n ta dwe pran?

20 Nan tan difisil sa yo n ap viv la, se pou n kontinye leve je n gade Sila a ki “chita sou twòn [li] nan syèl la” yon fason pou n ka rive konn volonte l. Nou pa dwe janm kite aksyon lòt moun anpeche n kontinye gen bon relasyon ak Jewova. Sa k te rive Moyiz la se yon egzanp ki fè n wè jan l enpòtan anpil pou n kenbe sa nan lespri n ak nan kè n. Olye n kite enpèfeksyon moun ki toutotou n fè n mal reyaji, ann pran detèminasyon pou n “ret gade Jewova, Bondye nou an, jis li fè nou favè”. — Sòm 123:1, 2.

^ § 8 Se te yon lòt zòn ki pa t menm ak zòn ki rele Meriba ki te toupre Refidim nan. Kontrèman ak premye zòn nan, dezyèm zòn sa a te gen rapò ak Kadèch, se pa t Masa. Sepandan, yo te rele toule de zòn yo Meriba akoz kont Izrayelit yo te fè nan zòn sa yo. — Gade kat ki nan Apendis B3 ki nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a.

^ § 11 Men sa yon pwofesè ki rele John A. Beck di konsènan istwa sa a: “Selon youn nan tradisyon Juif yo genyen, men ki pawòl rebèl ki t ap kritike Moyiz yo t ap di: ‘Moyiz byen konnen ak ki sa wòch sa a fèt! Si l vle bay prèv li gen pouvwa pou l fè mirak, se pou l fè dlo sot nan lòt wòch sa a pou nou.’” Nòmalman, se jis yon tradisyon.

^ § 12 Gade “Kesyon lektè yo poze” ki nan Toudegad 15 oktòb 1987 (fransè).