Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Labib se yon sous verite nou ka fè konfyans

Labib se yon sous verite nou ka fè konfyans

Pandan tout listwa, moun ki soti divès kote te toujou konsidere Bib la kòm yon sous verite nou ka fè konfyans. Jodi a, plizyè milyon moun ap suiv ansèyman l yo. Gen lòt moun ki kwè Bib la pase mòd oubyen sa ki ladan l yo se bagay ki pa reyèl. Ki sa w panse? Èske w ka jwenn laverite nan Bib la?

REZON KI FÈ NOU KA FÈ BIB LA KONFYANS

Ki jan w ka konnen si sa ki nan Bib la merite pou w fè l konfyans? Ann pran yon egzanp: Imajine w gen yon zanmi pandan plizyè ane li toujou di w laverite, sa klè w ap konsidere l kòm yon moun ou ka fè konfyans. Èske Bib la pa menm jan ak zanmi sa a ou fè konfyans paske l toujou di laverite? Ann konsidere kèk egzanp.

Ekriven yo onèt

Ekriven yo te onèt anpil, souvan yo pale de erè ak fot yo te fè. Pa egzanp, pwofèt Jonas te ekri konsènan pwòp dezobeyisans li (Jonas 1:1-3). Anfèt, nan fen liv li te ekri nan Bib la, li rakonte jan Bondye te pini l, men pou l pa t atire atansyon sou tèt li, li pa t pale sou sa li te fè pou l te korije move atitid sa a li te genyen an (Jonas 4:1, 4, 10, 11). Lefètke ekriven yo te onèt sa ede n wè jan yo bay laverite enpòtans.

Li bay konsèy ki pratik

Èske Bib la toujou bay konsèy ki pratik? Pa gen dout nan sa. Pa egzanp, gade sa Bib la di sou fason nou ka kontinye gen bon relasyon ak lòt moun: “Se sa k fè, tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo.” (Matye 7:12). “Yon repons ki dous kalme kòlè, men, yon pawòl ki rèd fè moun an kòlè.” (Pwovèb 15:1). Sa klè, verite ki nan Bib la toujou pratik menm jan sa te ye nan epòk yo te ekri l la.

Li egzak lè l ap pale konsènan listwa

Pandan ane ki pase yo anpil dekouvèt akeyològ yo fè konfime egzistans kèk moun, ak kèk kote yo pale de yo nan Bib la. Dekouvèt sa yo pwouve yon seri evènman yo pale de yo nan Bib la se laverite. Ann pran egzanp yon ti detay nou jwenn nan Bib la ki se verite. Labib rakonte nan epòk Neyemi an, moun Ti yo (moun Fenisi ki sot nan vil Ti) ki t ap viv Jerizalèm te “vini ak pwason ak tout kalite machandiz”. — Neyemi 13:16.

Èske gen prèv ki montre sa Bib la di a se laverite? Wi, genyen. Akeyològ yo dekouvri kèk machandiz ann Izrayèl e se moun Fenisi yo ki te konn vann yo. Dekouvèt sa a montre de peyi yo te konn fè komès youn ak lòt. Mete sou sa, yo te vin dekouvri rès zosman pwason ki soti nan Meditèrane anndan vil Jerizalèm. Akeyològ yo kwè machann yo te soti sou yon kot byen lwen pou yo te vin ak pwason sa yo. Apre yon biblis fin analize tout prèv sa yo, men sa l fè konnen: “Gen bonjan rezon pou n kwè pawòl nou jwenn nan Neyemi 13:16 la, ki fè konnen moun Ti yo te konn vann pwason nan Jerizalèm nan, se laverite.”

Li egzak lè l ap pale konsènan bagay syantifik

Anvan tout bagay, Bib la se yon liv ki pale de relijyon ak listwa. Men lè l pale de bagay syantifik, li egzak. Note yon egzanp nan sans sa a.

Sa gen anviwon 3 500 ane, depi Bib la te di tè a pandye “san pa gen anyen ki kenbe l”. (Jòb 26:7.) Sa diferan anpil ak istwa ki te fè kwè tè a ap flote sou dlo, oswa li chita sou do yon tòti jeyan. Anviwon 1 100 ane apre yo fin ekri liv Jòb la, moun yo te kontinye kwè tè a pa ka jis ret pandye konsa nan lespas, li dwe gen yon bagay ki kenbe l kanmenm. Sa gen sèlman 300 an, nan ane 1687, Isaac Newton te pibliye rezilta rechèch li te fè sou fòs yo rele pezantè a. Li esplike tè a gen yon fòs moun pa ka wè ki pèmèt li rete nan plas li. Kokenn dekouvèt sa a syantifik yo te fè a konfime pawòl Bib la te di sa gen plis pase 3 000 an!

Ou ka fè pwofesi ki nan Bib la konfyans

Jis nan ki pwen pwofesi ki nan Bib la presi? Ann konsidere egzanp pwofesi Ezayi te bay konsènan destriksyon Babilòn.

Pwofesi a: Nan uityèm syèk anvan epòk nou an, Ezayi, youn nan moun ki te ekri Bib la, te fè konnen Babilòn, ki t ap gen pou l vin tounen kapital yon anpi ki pisan, t ap detwi men tou moun pa t ap janm abite ladan l ankò (Ezayi 13:17-20). Ezayi te menm bay non moun ki t ap detwi vil la: Siris. Ezayi menm bay detay sou fason Siris t apral fè sa, li fè konnen Siris t ap gen pou l “seche” dlo rivyè a. Li te anonse pòtay vil la pa t ap fèmen. — Ezayi 44:27–45:1.

Reyalizasyon l: Anviwon 200 an apre Ezayi te fin bay pwofesi a, yon wa peyi Pès te atake Babilòn. Ki jan wa sa a te rele? Siris. Etandone li te difisil anpil pou yon lame rantre nan vil Babilòn, Siris te deside konsantre l sou rivyè Efrat la, yon rivyè ki pase nan vil la ak toutotou l. Sòlda yo nan lame Siris la te fouye yon kanal pou yo detounen dlo a. Konsa, dlo rivyè a te desann tèlman ba, sa te pèmèt sòlda l yo rantre epi mache nan dlo a jis yo pwoche bò miray la. Sa ki etonan, Babilónyen yo te kite pòtay ki bay sou rivyè a ouvri. Lame Siris la te pase nan pòtay sa a pou yo rantre nan vil la epi yo detwi l.

Sepandan, gen yon detay ki rete pou n verifye: Èske vil la te rete konsa san pa gen moun ki abite ladan l? Pandan plizyè syèk, moun te kontinye abite nan vil la. Men, jounen jodi a, dekonm vil Babilòn, ki toupre Bagdad ann Irak, pwouve pwofesi sa a ki nan Bib la te reyalize. Sa klè, nou ka fè pawòl ki nan Bib la konfyans menm lè l ap pale de bagay ki gen pou rive.