Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Masorèt yo te pran san yo pou yo byen rekopye Ekriti yo.

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | LABIB — YON LIV KI CHAPE ANBA ANPIL DANJE

Bib la chape anba efò moun fè pou yo chanje mesaj ki ladan l lan

Bib la chape anba efò moun fè pou yo chanje mesaj ki ladan l lan

DANJE KI TE GENYEN: Danje tankou deteryorasyon materyèl yo te sèvi pou ekri Bib la ak opozisyon moun ki kont Bib la pa t rive detwi l. Poutan, gen kèk nan moun ki t ap rekopye Bib la ak kèk nan moun ki t ap tradui l yo ki te fè efò pou yo chanje mesaj ki nan Bib la. Pafwa, yo t ap eseye fè Bib la vin ann amoni ak doktrin pa yo olye yo konfòme doktrin pa yo ak sa ki nan Bib la. Ann egzamine kèk egzanp:

  • Kote pou yo bay Bondye adorasyon: Ant katriyèm syèk anvan epòk nou an ak dezyèm syèk anvan epòk nou an, moun ki te ekri Pentatek samariten an te mete mo sa yo nan fen Egzòd 20:17: “Nan Agarezèm. E se la nou dwe bati yon lotèl.” Konsa, Samariten yo t ap eseye fè vèsè nan Bib la soutni konstriksyon tanp yo te fè nan “Agarezèm” nan oubyen mòn Gerizim.

  • Doktrin Trinite a: Mwens pase 300 an apre yo te fin ekri Bib la, gen yon mesye ki te patizan doktrin Trinite a ki te ajoute mo sa yo nan 1 Jan 5:7 “nan syèl la gen yo twa, Papa a, Pawòl la ak Sentespri a: e yo twa a fè yon sèl”. Fraz sa a pa parèt nan tèks orijinal la. Gen yon biblis ki rele Bruce Metzger ki fè konnen se “apati sizyèm syèk la” yo te jwenn “mo sa yo pi souvan nan maniskri Ansyen laten an ak nan Vilgat [laten] an”.

  • Non Bondye: Anpil tradiktè Labib te deside retire non Bondye nan Ekriti yo paske yo te baze sou yon sipèstisyon Juif yo te genyen. Yo te ranplase non Bondye ak yon seri tit tankou “Bondye” oubyen “Seyè”. Men, se pa pou Kreyatè a sèlman yo itilize tit sa yo nan Bib la, yo sèvi ak yo tou pou moun, pou bagay yo itilize nan fo adorasyon e yo menm itilize yo pou Dyab la. — Jan 10:34, 35; 1 Korentyen 8:5, 6; 2 Korentyen 4:4 *.

FASON BIB LA CHAPE: Toudabò, byenke gen kèk nan moun ki t ap rekopye Bib la ki te neglijan oubyen ki te menm malonèt, gen anpil lòt ki te gen anpil talan e ki te fè travay la avèk anpil swen. Ant sizyèm syèk ak dizyèm syèk epòk nou an, Masorèt yo te rekopye Liv ki te ekri ann ebre yo e yo te fè sa rele tèks Masorèt yo. Sanble Masorèt yo te konn konte mo yo ak lèt yo pou yo ka verifye pa gen okenn erè ki antre nan tèks yo. Lè yo te jwenn erè nan tèks yo t ap itilize kòm referans la, yo te make sa nan maj la. Masorèt yo pa t vle pou anyen chanje nan pawòl ki ekri nan Bib la. Men sa pwofesè Moshe Goshen-Gottstein te ekri konsènan Masorèt yo: “Si yon moun ta fè espre li chanje yon bagay, pou yo, se t ap pi gwo krim ki te ka genyen.”

Ansuit, gwo kantite maniskri ki disponib jodi a vrèman ede biblis yo detekte erè yo. Pa egzanp, pandan plizyè syèk, gen kèk chèf relijye ki te fè konnen vèsyon laten yo genyen yo se vrè tèks Bib la. Konsa nan 1 Jan 5:7, yo te ajoute pawòl nou te mansyone nan kòmansman atik sa a. Erè sa a te menm glise nan vèsyon Labib Wa Jak la, yon vèsyon ann anglè anpil moun genyen. Men, lè yo te dekouvri lòt maniskri, ki sa yo te jwenn? Men sa Bruce Metzger te ekri: “Pasaj [nan 1 Jan 5:7] la pa nan okenn maniskri nan vèsyon ki pi ansyen yo (siryak, kòp, amenyen, etyopyen, arab ak slavon), se sèl nan vèsyon laten an yo jwenn li.” Kòm rezilta, vèsyon revize Labib Wa Jak la ak plizyè lòt Bib te retire fraz sa a ki pa kòrèk.

Chester Beatty P46, yon maniskri Labib ki te fèt ak papiris, ki la depi bò ane 200 epòk nou an.

Èske ansyen maniskri yo pwouve mesaj ki nan Bib la te rete entak? Yo te jwenn Woulo Lanmè Mòt la nan ane 1947. Lè sa a, finalman, biblis yo te ka konpare tèks ebre Masorèt yo te rekopye yo ak sa ki nan woulo Bib la ki te ekri depi plis pase mil an. Yon manm nan ekip ki t ap ekri konsènan Woulo Lanmè Mòt la te di yon woulo sèlman “bay prèv moun pa ka konteste ki montre Juif ki t ap rekopye tèks ki nan Bib la sou yon peryòd ki plis pase mil an te transmèt mesaj ki ladan yo yon fason ki fidèl anpil e yo te fè sa avèk anpil swen.”

Bibliyotèk Chester Beatty ki nan Diblen, nan peyi Ilann, gen yon koleksyon papiris ki gen prèske tout Liv ki te ekri an grèk yo, pami yo gen maniskri ki la depi dezyèm syèk epòk nou an, anviwon 100 an sèlman apre yo te fin ekri tout Bib la. Men sa yon diksyonè sou mo nan Bib la fè konnen: “Byenke papiris yo gen yon pakèt nouvo enfòmasyon ladan yo anrapò ak detay ki nan tèks yo, men yo montre tou jan yo te transmèt tèks nan Bib la pandan tan ki pase yo yon fason remakab, san yo pa t chanje anyen ladan yo.” — The Anchor Bible Dictionary.

“Nou ka di avèk asirans pa gen okenn lòt ansyen liv ki rive jwenn nou ak mesaj ki egzak konsa.”

REZILTA SA BAY: Byenke yo te rekopye Bib la yon pakèt fwa e byenke maniskri yo la lontan, sa pa chanje tèks ki nan Bib la, okontrè, sa amelyore l pito. Men sa yon biblis ki rele Sir Frederic Kenyon te ekri konsènan Liv ki te ekri an grèk yo: “Pa gen okenn lòt liv ansyen ki gen tout prèv sa yo, prèv ki la tèlman lontan, ki kore tèks ki ladan l yo e pa gen okenn espesyalis ki onèt ki ka di tèks ki rive jwenn nou an se pa yon tèks ki vrèman egzak.” Men sa espesyalis William Henry Green di konsènan Liv ki te ekri ann ebre yo: “Nou ka di avèk asirans pa gen okenn lòt ansyen liv ki rive jwenn nou ak yon mesaj ki egzak konsa.”

^ § 6 Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade Apendis A4 ak A5 nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a. Li sou www.mr1310.com/ht a tou.