BAGAY KI NAN ACHIV NOU
Yo te kenbe fèm nan yon “moman eprèv”
PREMYE Gè mondyal ki te eklate nan ane 1914 la te vin atire atansyon monn nan sou pozisyon net Etidyan Labib yo genyen nan zafè lagè (Iza. 2:2-4; Jan 18:36; Efe. 6:12). Ki jan sèvitè Bondye k ap viv nan peyi Grann Bretay yo te reyaji?
Nan ane 1916, gen yon lwa ki te pase nan peyi Grann Bretay ki fè konnen tout gason ki pa marye soti 18 an pou rive 40 an dwe fè sèvis militè. Sepandan, lwa sa a te epaye sèlman moun ki te refize al nan lagè akoz “kwayans relijye oswa moral” yo. Gouvènman an te mete kèk tribinal sou pye pou detèmine ki moun ki pa t oblije fè sèvis militè e jis nan ki pwen yo t ap pèmèt yo fè sa.
Yon ti tan annapre, yo te met anviwon 40 Etidyan Labib nan prizon militè e yo te voye uit lòt ankò nan lagè nan peyi Lafrans. Akoz aksyon sa a ki te enjis, frè nan peyi Grann Bretay yo te ekri premye minis Herbert Asquith yon lèt e yo te voye yon petisyon ki gen 500 siyati ansanm ak lèt la, pou yo di yo pa dakò dèske yo te met moun sa yo nan prizon.
Annapre, gen nouvèl ki te fè konnen yo t apral fizye uit Etidyan Labib yo te voye an Frans yo paske yo te refize fè lagè. Men, lè sòlda yo te aliyen frè yo pou yo fizye yo, santans lan te vin chanje, e yo te kondane yo pou yo fè dizan prizon pito. Frè yo te retounen ann Angletè pou y al sibi santans yo a nan prizon sivil yo.
Anmezi gè a t ap kontinye, yo te chanje lwa a yon fason pou gason ki marye yo te ka fè sèvis militè tou. Nan yon pwosè ki te fèt nan vil Mannchestè, ann Angletè, se te Henry Hudson, yon doktè ki te yon Etidyan Labib anmenmtan, ki te akize a. Nan dat 3 out 1916, tribinal la te fè konnen, yon fason ofisyèl, Henry Hudson pa t ranpli responsablite l, yo fè l peye amann e yo voye l fè sèvis militè. Nan menm peryòd la, te vin gen yon lòt pwosè nan vil Edinburgh, nan peyi Ekòs. Tribinal la te rekonèt James Frederick Scott, yon kòlpòtè ki te gen 25 an, pa t koupab lè sa a. Fanmi wayal la te vle yo refè jijman an, men, li te kite sa poutèt yon lòt pwosè ki t ap fèt nan vil Lonn. Fwa sa a, tribinal la te deklare yon frè ki rele Herbert Kipps koupab, yo te fè l peye amann e yo te voye l fè sèvis militè.
Nan mwa septanm 1916, te gen antou 264 frè ki te mande pou yo pa t fè sèvis militè. Pami frè sa yo, gen 5 yo te aksepte demann yo a, gen 154 yo te bay fè kèk “sèvis nan kominote a”, gen 23 yo te voye al fè sèvis militè san yo pa t oblije patisipe nan lagè, gen 82 yo te voye nan lame, e gen kèk nan yo yo te kondane paske yo te refize obeyi lòd yo te ba yo. Piblik la te montre yo pa t dakò ak move tretman mesye sa yo te resevwa nan prizon yo. Se sa k fè, gouvènman an te retire yo nan prizon militè a e l te voye yo al travay nan kan pou sivil yo.
Edgar Clay ak Pryce Hughes, de frè ki te sèvi antanke siveyan filyal nan peyi Grann Bretay annapre, te travay nan yon baraj nan peyi Gal. Yon lòt bò, yo te voye Herbert Senior, youn nan uit moun ki te retounen sot an Frans yo, nan prizon Wakefield ki nan Yorkshire. Gen lòt ki te sibi santans yo a nan prizon Dartmoor kote yo te travay di nan move kondisyon. Konsa, yo te vin fòme pi gwo gwoup moun ki te refize fè sèvis militè akoz konsyans yo.
Gen yon Etidyan Labib ki rele Frank Platt, ki te aksepte fè sèvis militè san l pa t oblije patisipe nan lagè, ki te sibi gwo pèsekisyon pandan anpil tan paske l te refize al nan lagè lè yo te ba l lòd pou l fè sa. Otorite militè yo te fè Atkinson Padgett, yon mesye ki te aprann laverite yon ti tan apre l te fin antre nan lame, sibi move tretman tou akoz li te refize fè lagè.
Byenke, nan moman sa a, frè nou yo pa t fin byen konprann pozisyon net nou genyen antanke kretyen an, men, yo te chèche fè Jewova plezi. Moun yo site non yo nan atik sa a bay yon bèl egzanp anrapò ak kesyon netralite a sitou nan yon “moman eprèv” ki te difisil (Rev. 3:10). — Bagay ki nan achiv nou nan peyi Grann Bretay.