Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo te ofri tèt yo volontèman — Ann Afrik de Lwès

Yo te ofri tèt yo volontèman — Ann Afrik de Lwès

PASCAL te grandi nan yon katye pòv nan peyi Kotdivwa. Toutpandan li t ap grandi, li te anvi amelyore lavi l. Etandone li te konn fè bòks, li te mande tèt li ‘ki sa l ka fè pou l vin yon vedèt nan zafè spò epi vin gen anpil lajan’. Lè l te gen anviwon 25 an, li te met nan tèt li si l al ann Ewòp l ap ka reyalize rèv li. Men, piske li pa t gen papye pou l fè vwayaj sa a, li t ap oblije fè sa yon fason ki ilegal.

Pascal te kòmanse vwayaj la nan ane 1998, lè sa a li te gen 27 an. Li te travèse fwontyè a pou l al nan peyi Gana. Apre sa, li pase Togo, li travèse Benen e finalman li rive nan yon vil nan peyi Nijè ki rele Birni Nkonni. Lè l rive la, vwayaj la te kòmanse vin danjere toutbon. Pou l te ka al nan nò, li te dwe pran kamyon pou l travèse dezè Saara a. Apre sa, lè l rive bò lanmè Meditèrane a, li te dwe pran yon bato ki t ap mennen l ann Ewòp. Se te objektif la sa. Men, pandan Pascal te nan peyi Nijè, gen de bagay ki te anpeche l atenn objektif li.

Premyèman, kòb li te fini. Dezyèmman, li te rankontre Noé, yon pyonye pèmanan, ki te kòmanse etidye Labib avè l. Sa Pascal te aprann yo te gen gwo efè sou li e sa te vin fè l wè lavi a yon lòt jan. Li te kite objektif materyèl li te genyen yo e li te vin fikse objektif espirityèl. Pascal te batize an desanm 1999. Pou l te ka demontre rekonesans li anvè Jewova, nan ane 2001, li te pran sèvis pyonye e l t al preche nan peyi Nijè, nan vil li te aprann laverite a. Ki jan l konsidere sèvis li? Men sa l di: ‘Se pa ti byen viv m ap byen viv!’

YO SATISFÈ AK LAVI Y AP MENNEN ANN AFRIK LA

Anne-Rakel.

Menm jan ak Pascal, gen anpil moun ki rann yo kont lè yo konsantre yo sou objektif espirityèl sa fè yo vin pi satisfè ak lavi a. Pou kèk moun rive atenn objektif espirityèl yo genyen, yo kite Ewòp pou y al sèvi ann Afrik kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan. Anfèt, gen anviwon 65 Temwen Jewova, ki ant 17 a 70 an, ki kite Ewòp pou y al sèvi kote yo bezwen èd nan kèk peyi ann Afrik de Lwès tankou Benen, Boukina Faso, Nijè ak Togo *. Ki sa k te pouse moun sa yo fè gwo deplasman sa a, e ki jan sa te pase pou yo?

Men sa yon sè ki rele Anne-Rakel, ki soti nan peyi Dànmak, di: “Paran m te sèvi kòm misyonè nan peyi Senegal. Yo te tèlman konn ap pale an byen de sèvis misyonè, sa te ban m anvi viv konsa tou.” Sa gen anviwon 15 an depi Anne-Rakel te deplase al sèvi nan yon kongregasyon lang siy ki nan peyi Togo. Lè sa a, li te nan kòmansman ventèn li. Ki jan desizyon l te pran an te ankouraje lòt moun? Men sa l fè konnen: “Annapre, ti sè m nan ak ti frè m nan te vin Togo tou.”

Albert-Fayette ak Aurele.

Men sa Aurele, yon frè marye ki gen 70 an ki soti nan peyi Lafrans, fè konnen: “Senkan apre m te fin pran retrèt mwen, mwen te gen pou m fè yon chwa ant  mennen yon vi pezib nan peyi Lafrans epi ret tann Paradi a, oswa chèche fè plis nan ministè m.” Aurele te chwazi fè plis nan ministè a pito. Li menm ak madanm li, Albert-Fayette, gen anviwon twazan depi yo te deplase al viv nan peyi Benen. Men sa Aurele di: “Se pi bèl bagay nou te ka fè lefètke nou te rann tèt nou disponib pou n sèvi Jewova isit la.” Men sa l te di ankò toutpandan li t ap souri: “Epitou, gen kèk zòn nan tèritwa nou an ki bò lanmè ki fè n panse ak Paradi a.”

Sa gen 16 an depi Clodomir ak madanm li Lysiane, kite peyi Lafrans pou y al viv nan peyi Benen. Okòmansman, se pa ti sonje yo te sonje fanmi yo ak zanmi yo te kite nan peyi Lafrans, e yo te pè pou yo pa t rive adapte yo. Sepandan, yo pa t gen okenn rezon pou yo pè paske yo te jwenn anpil kè kontan. Men sa Clodomir di: “Pandan 16 an nou gentan pase la yo, nou te gen privilèj ede omwen yon moun chak ane vin pran laverite.”

Lysiane ak Clodomir ansanm ak kèk moun yo te ede aprann laverite.

Johanna ak Sébastien.

Nan ane 2010, Sébastien ak Johanna, yon koup marye ki soti nan peyi Lafrans, te deplase al viv nan peyi Benen. Men sa Sébastien fè konnen: “Gen anpil bagay pou moun fè nan kongregasyon an. Sèvi isit la tankou yon fòmasyon teyokratik n ap pran nan yon tikras tan.” Ki rezilta yo jwenn nan ministè a? Men sa Johanna fè konnen: “Moun yo vrèman swaf laverite. Menm lè nou pap preche, gen moun ki konn kanpe n nan lari pou poze n kesyon sou Labib oubyen pou mande n piblikasyon.” Ki efè deplasman yo fè a genyen sou maryaj yo? Men sa Sébastien fè konnen: “Maryaj nou vin pi solid. Mwen pran plezi preche pandan tout jounen an ak madanm mwen.”

Eric ak madanm li Katy ap sèvi antanke pyonye pèmanan nan nò peyi Benen, yon kote ki pa gen anpil moun k ap viv la. Sa gen anviwon dizan, pandan yo te nan peyi Lafrans, yo te kòmanse li anpil atik konsènan kote ki gen bezwen, e yo te konn pale ak frè ak sè ki nan sèvis aplentan tou. Sa te vin fè yo anvi deplase al sèvi nan lòt peyi. E se sa menm yo te fè nan ane 2005. Lè yo te wè tout akwasman ki te genyen, sa te fè yon gwo enpresyon sou yo. Men sa Eric di: “Sa gen dezan, se nèf pwoklamatè sèlman nou te gen nan gwoup nou an ki te nan vil Tanguiéta. Kounye a, nou gen 30 pwoklamatè [nan vil sa a]. Gen anviwon 50 a 80 moun ki asiste reyinyon yo lè dimanch. Lè n ap gade kalite akwasman sa a, se pa ti kontan n kontan!”

Katy ak Eric.

IDANTIFYE DIFIKILTE YO EPI VENK YO

Benjamin.

Ki difikilte kèk moun ki deplase al sèvi kote ki gen bezwen te jwenn? Benjamin, frè Anne-Rakel la, gen 33 an. Nan ane 2000, pandan li te nan peyi Dànmak,  li te rankontre yon misyonè ki te sèvi nan peyi Togo. Men sa Benjamin di: “Lè m te di misyonè a mwen ta renmen vin pyonye, li te di m: ‘Ou konnen, ou ta ka al sèvi kòm pyonye nan peyi Togo.’” Benjamin te reflechi sou sa. Men sa l di annapre: “Mwen potko menm gen 20 an lè sa a, men, de gran sè m yo te deja ap sèvi nan peyi Togo. Sa te fè l pi fasil pou mwen pou m t al nan peyi sa a.” Donk, li te ale vre. Men, malgre sa, te gen yon difikilte. Men sa Benjamin fè konnen: “Mwen pa t konn yon mo fransè. Sis premye mwa yo te difisil paske mwen pa t ka vrèman kominike.” Sepandan, li te vin fè pwogrè. Kounye a, Benjamin ap sèvi nan Betèl peyi Benen. Li fè livrezon piblikasyon epi li travay nan sèvis enfòmatik tou.

Marie-Agnès ak Michel.

Eric ak Katy, koup marye nou te pale de yo pi wo a, t ap sèvi nan yon tèritwa nan peyi Lafrans kote yo pale yon lòt lang anvan yo te deplase al sèvi nan peyi Benen. Ki difikilte yo te jwenn ann Afrik de Lwès? Men sa Katy di: “Li pa t fasil pou n jwenn yon bon kote pou n rete. Nou te pase plizyè mwa ap viv nan yon kay san kouran e ki pa gen tiyo.” Men sa Eric ajoute: “Moun sou katye a te konn ret byen ta ap pase mizik byen fò. Yon sitiyasyon konsa mande pou yon moun gen pasyans e pou l dispoze adapte l tou.” Men, toule de dakò pou yo di: “Jwa yon moun jwenn lè l ap sèvi nan yon tèritwa yo pa preche souvan tèlman anpil, difikilte l jwenn yo pa reprezante anyen pou li.”

Sa gen anviwon senkan depi Michel ak Marie-Agnès, yon koup marye ki prèske gen 60 an ki soti nan peyi Lafrans, te deplase al sèvi nan peyi Benen. Okòmansman, yo te enkyè. Men sa Michel di: ‘Gen moun ki konpare deplasman n te fè a ak yon moun k ap pouse yon bourèt sou yon kòd ki travèse yon falèz. Selon yo menm, se nou menm ki te chita anndan bourèt la. Sa yo di a te kapab fè n pè si n pa t konnen se Jewova ki moun k ap mache sou kòd sa a toutpandan l ap pouse bourèt la. Donk, nou te deside fè plis pou Jewova paske nou te konnen Jewova ansanm avè n.’

FASON POU W PREPARE W

Anpil moun ki gen eksperyans nan domèn nan fè konnen li vrèman enpòtan pou yon moun fè preparasyon ki vin annapre yo: Planifye alavans, aprann adapte w, aprann pou w pa depanse plis kòb pase sa w te prevwa epi konte sou Jewova. — Lik 14:28-30.

Sébastien nou te pale de li pi wo a fè konnen: “Anvan mwen menm ak Johanna te deplase, pou n te ka fè ekonomi, pandan dezan, nou te limite depans nou te konn fè nan kesyon detant e nou pa t konn achte sa ki pa t nesesè.” Chak ane, yo travay ann Ewòp pandan kèk mwa, yon fason pou yo ka pase rès ane a ap sèvi nan peyi Benen.

Marie-Thérèse.

 Marie-Thérèse, se youn nan anviwon 20 sè selibatè ki soti nan lòt peyi k al sèvi kote ki gen bezwen ann Afrik de Lwès. Li te konn travay kòm chofè bis nan peyi Lafrans. Sepandan, an 2006, li te pran ennan vakans pou l al sèvi kòm pyonye nan peyi Nijè. Li pa t pran tan pou l te rann li kont se egzakteman konsa li ta renmen viv. Men sa l di: “Lè m te retounen an Frans, mwen te fè patwon m konnen mwen ta renmen fè chanjman nan orè travay mwen, e li te dakò. Kounye a, soti mwa me pou rive mwa out, m travay kòm chofè bis an Frans, e soti septanm pou rive avril, m sèvi antanke pyonye nan peyi Nijè.”

Saphira.

Tout moun k ap “chèche wayòm nan an premye” kapab gen konfyans Jewova ap fè yo jwenn ‘tout lòt bagay ki nesesè yo’. (Mat. 6:33.) Ann wè sa k te rive Saphira, yon sè selibatè ki prèske gen 30 an ki soti nan peyi Lafrans e k ap sèvi kòm pyonye nan peyi Benen. Nan ane 2011, li te retounen nan peyi Lafrans yon fason pou l te ka fè kantite kòb li te bezwen pou l te pran swen tèt li pou yon lòt ane ankò ann Afrik (li t ap kouri sou sizyèm ane a). Men sa Saphira fè konnen: “Se te yon jou vandredi. E se te dènye jou m nan travay la. Men, mwen te bezwen travay pou 10 jou ankò pou m te ka gen ase kòb pou ane ki t ap vini an. Se sèlman de semèn mwen te rete pou m fè an Frans. Mwen te priye Jewova pou m te esplike l sitiyasyon an. Yon ti tan annapre, gen yon ajans ki konn ofri moun travay ki te rele m pou yo mande m si m t ap dakò ranplase yon moun pou de semèn.” Nan lendi, Saphira t al nan travay la pou l te ka jwenn fòmasyon nan men moun li t apral ranplase a. Men sa Saphira di: “Se pa ti sezi m te sezi aprann moun mwen t ap ranplase a se yon sè ki te bezwen yon moun ranplase l pou 10 jou yon fason pou l te ka asiste Lekòl pyonye! Patwon l te di l l ap ba l 10 jou yo akondisyon li jwenn yon moun ranplase l. Li te sipliye Jewova pou l ede l menm jan mwen te sipliye Jewova pou l ede m tou.”

YON VRÈ SATISFAKSYON

Gen kèk frè ak sè ki soti nan lòt peyi e ki gen anpil ane depi y ap sèvi ann Afrik de Lwès ki vin konsidere kote sa a kòm pwòp kay yo. Gen lòt menm ki rete la pandan kèk ane e annapre yo retounen nan peyi kote yo te soti a. Aktout sa, eksperyans moun sa yo te fè ap sèvi aletranje pandan tout ane sa yo itil yo jis jounen jodi a. Yo te aprann se sèvi Jewova ki bay vrè satisfaksyon nan lavi a.

^ § 6 Se filyal peyi Benen ki sipèvize travay k ap fèt nan kat peyi sa yo kote moun yo pale fransè.