Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen ?

Èske w te konnen ?

Èske w te konnen ?

Konbyen de ti pyès lajan vèv la te mete yo te vo ?

Nan premye syèk epòk nou an, kontribisyon Juif yo te konn bay nan tanp lan pou ane a se te “ de drak ”, ki te reprezante anviwon salè de jou travay (Matye 17:24). Yon lòt bò, Jezi te di yo vann de tikit “ pou yon penich ki prèske pa gen valè ”, ki te egal salè 45 minit travay. Anfèt, yo te kapab achte menm senk tikit pou doub pri sa a, sa vle di salè anviwon 90 minit travay. — Matye 10:29 ; Lik 12:6.

Vèv malerèz Jezi te wè a te bay yon ofrann ki te pi piti lontan pase sa. De pyès sa yo, sètadi de leptòn yo, se pyès lajan an kuiv ki te pi piti yo te konn itilize ann Izrayèl nan tan sa a. Yo te egal salè yon jounen travay divize pa 64, sa vle di mwens pase salè yon moun touche pou 12 minit li fè ap travay, si jounen travay la gen 12 èdtan ladan l.

Jezi Kris te bay ofrann vèv la te fè a plis valè pase ofrann tout lòt moun yo te bay “ nan sa yo [te] gen anplis ”. Poukisa ? Selon istwa a, vèv la te gen “ de ti pyès monnen ”. Pakonsekan, li te ka bay youn kòm ofrann epi li te ka kenbe lòt la. Sepandan, li te bay “ tout sa l te posede, tout sa l te gen pou l viv ”. — Mak 12: 41-44 ; Lik 21:2-4.

Ki lè yo te vin konn Sol sou non Pòl ?

Apot Pòl te fèt antanke yon Ebre ki gen sitwayènte women anmenmtan (Travay 22:27, 28 ; Filipyen 3:5). Donk, sanble se te depi lè l te timoun li te gen ni non Sol la, yon non ebre, ni non Pòl la, yon non women. Menm jan an tou, kèk moun nan fanmi Pòl te gen yon non women ak yon non grèk (Women 16:7, 21). Anplis de sa, Juif nan epòk sa a, sitou Juif pami sa ki pa t ap viv ann Izrayèl yo, te konn gen de non. — Travay 12:12 ; 13:1.

Pandan plis pase dizan apre apot la te vin kretyen, sanble yo te plis konnen l sou non Sol la, non ebre li te genyen an (Travay 13:1, 2). Sepandan, nan premye vwayaj misyonè li te fè a, ozanviwon ane 47/48 epòk nou an, petèt li te prefere itilize non Pòl la. Li te jwenn misyon pou l anonse bon nouvèl la bay moun ki pa Juif, donk, li te ka santi yo t ap pi aksepte non women li genyen an (Travay 9:15 ; 13:9 ; Galat 2:7, 8). Petèt tou li te itilize non Pòl la paske nan lang grèk la, pwononsyasyon non ebre li te genyen an, Sol, sanble anpil ak pwononsyasyon yon mo grèk ki gen yon move siyifikasyon. Kèlkeswa rezon ki fè Pòl te fè chanjman sa a, li te montre li te dispoze “ vin tout bagay pou tout kalite moun, yon fason pou [l te] ka sove kèk nan yo tout jan ”. — 1 Korentyen 9:22.

[Foto nan paj 12]

Men yon leptòn. Se vrè gwosè l sa.