Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Amagedòn : Gè Bondye k ap met fen nan tout gè a

Amagedòn : Gè Bondye k ap met fen nan tout gè a

Amagedòn : Gè Bondye k ap met fen nan tout gè a

“ Pou yo, touye yon kreyati parèy yo se yon zak ki terib. Se sa k fè, nan je pa yo, lagè se yon bagay yo pa ka konprann e yo pa ka sipòte. Se yon bagay pa gen mo pou li nan lang pa yo a. ”— SE KONSA YON EKSPLORATÈ NÒVEJYEN KI RELE FRIDTJOF NANSEN TE DEKRI PÈP INUIT LA NAN ANE 1888, YON PÈP K AP VIV GWENNLANN.

KIYÈS ki pa t ap renmen viv nan yon sosyete kote “ lagè se yon bagay yo pa ka konprann e yo pa ka sipòte ” ? Kiyès ki pa swaf pou l wè yon monn kote mo lagè a pa egziste ankò, paske pa gen lagè nan monn sa a ? Anpil moun gendwa pa kwè yon monn konsa ap janm egziste, sitou si se sou lèzòm y ap konte pou sa fèt.

Sepandan, nan pwofesi Izayi a, se Bondye li menm ki pwomèt yon monn konsa gen pou l egziste. Men sa nou li nan Izayi 2:4 : “ Yo gen pou bat lans yo fè yo tounen sekatè. Yon nasyon pap leve epe kont yon nasyon, e yo pap aprann lagè ankò. ”

Jodi a, nan monn nan, gen anviwon 20 milyon sòlda k ap patisipe nan lagè e gen anviwon 20 gè k ap fè raj kounye a menm. Sa evidan, fòk monn nan ta chanje anpil anvan pou pwomès sa a ta reyalize. Se sa k fè nou pa sezi konnen se Jewova, Bondye Toupisan an, k ap oblije antre nan zafè lèzòm pou l reyalize l. Nan fen entèvansyon sa a, Jewova pral deklannche gè Bib la rele Amagedòn nan. — Revelasyon 16:14, 16.

Depi kèk ane, yo itilize mo “ Amagedòn ” nan pou yo pale de yon gè nikleyè ki pral fèt sou tout tè a, sepandan, men sa yon diksyonè di konsènan prensipal sans mo a : “ Se kote pral gen yon gwo konba k ap dènye konba ki pral fèt ant fòs byen yo ak fòs mal yo. ” Èske lebyen ap rive venk lemal, oubyen èske konba sa a se sèlman nan imajinasyon nou li ye ?

Nou mèt pran kouraj lè nou wè jan Labib pale anpil konsènan lafen mechanste. Men sa yon salmis di : “ Y ap fini nèt ak pechè yo sou tè a. E kanta mechan yo, yo pap la ankò. ” ​(Sòm 104:35). Men sa liv Pwovèb la di : “ Se moun ki dwat yo ki pral abite sou tè a, e se moun ki entèg yo ki pral rete sou li. Kanta mechan yo, y ap rache yo nan tè a, e trèt yo menm, y ap derasinen yo ladan l. ” — Pwovèb 2:21, 22.

Bib la montre aklè tou mechan yo pap aksepte bay pouvwa yo genyen an nan lapè, se sa k fè l ap nesesè pou Bondye fè yon dènye aksyon pou l elimine tout mechanste, sa gen ladan l tou gè yo (Sòm 2:2). Non Labib bay gè san parèy sa a, Amagedòn, gen anpil siyifikasyon.

Batay ki te fèt lontan toupre Megido

Mo “ Amagedòn ” nan vle di “ montay Megido ”. Megido se yon ansyen vil ki te gen plèn Yizreyèl ki te antoure l. Nan istwa l, se yon vil ki gen anpil batay enpòtan ki te fèt ladan l. Men sa yon istoryen ki rele Eric H. Cline te ekri nan yon liv : “ Nan listwa, Megido ansanm ak plèn Yizreyèl se kote anpil batay enpòtan ki te enfliyanse sivilizasyon an te fèt. ” — The Battles of Armageddon.

Jan Cline montre sa, batay ki te fèt toupre vil Megido yo se te batay ki te enpòtan. Nan trèzyèm syèk epòk nou an, lame mongòl la ki te konkeri pifò nan zòn Azi a te sibi premye defèt li nan plèn sa a. Pa lwen Megido, anba kòmandman jeneral Edmund Allenby, lame Grann Bretay la te bat lame Tik la pandan Premye Gè mondyal la. Yon istoryen ki ekri sou sijè ki anrapò ak lame dekri viktwa Allenby a kòm “ youn nan pi gwo atak militè ki te pi rapid e kòm batay ki pi enpòtan ki te fèt nan tout listwa. ”

Gen batay enpòtan yo mansyone nan Bib la tou ki te fèt toupre Megido. Se la jij Barak te venk lame Sisera a (Jij 4:14-16 ; 5:19-21). Gideyòn ansanm ak yon ti gwoup sòlda, 300 moun sèlman, te venk yon gwo lame madyanit nan zòn sa a (Jij 7:19-22). Wa Sayil ansanm ak Yonatàn, pitit gason l, te mouri toupre a sou mòn Gilbowa, lè lame filisten an te bat lame izrayelit la. — 1 Samyèl 31:1-7.

Pandan 4 000 ane ki sot pase yo, gen plizyè douzèn batay ki fèt Megido e nan plèn ki antoure l la, paske se yon zòn estratejik. Gen yon istoryen ki konte 34 batay omwen.

Sandout, se istwa Megido ak pozisyon estratejik li genyen an ki bay mo “ Amagedòn ” nan sans senbolik li genyen an. Byenke se yon sèl fwa mo sa a parèt nan Bib la, nan kontèks li ye nan liv Revelasyon an, li evidan Amagedòn ap touche lavi tout moun sou tè a.

Selon Labib, ki sa Amagedòn ye ?

Byenke anpil nan gè ki te fèt toupre Megido yo se gè ki te enpòtan, pa gen youn ladan yo ki te elimine mechanste. Nan okenn nan gè sa yo pa t janm gen fòs byen yo k ap goumen ak fòs mal yo toutbonvre. Nòmalman, yon gè konsa, se Bondye ki pou fè l. Jan Jezi te di sa yon lè, “ pa gen pèsonn ki bon, sof yon sèl, Bondye ”. (Lik 18:19.) Anplis, Labib pale de Amagedòn antanke gè Bondye.

Nan Bib la, liv Revelasyon an di y ap rasanble “ wa ki sou tout kò tè a ki abite [...] pou lagè gran jou Bondye Toupisan an ”. (Revelasyon 16:14.) Apre sa, pwofesi a di : “ E yo rasanble yo ansanm nan zòn yo rele ann ebre Amagedòn nan *. ” ​(Revelasyon 16:16). Pi lwen, liv Revelasyon an di “ wa latè yo ak lame yo genyen ” yo pral “ rasanble ansanm pou yo fè lagè ak sila ki chita sou cheval la e ak lame l la ”. (Revelasyon 19:19.) Moun ki sou cheval la se pa lòt moun, se Jezi Kris. — 1 Timote 6:14, 15 ; Revelasyon 19:11, 12, 16.

Ki sa nou ta dwe konprann apati vèsè sa yo ? Nou ta dwe konprann Amagedòn se yon gè ant Bondye ak lame lèzòm ki pa obeyi Bondye yo. Poukisa Jewova ak Pitit li a, Jezi Kris, ta bezwen fè yon gè konsa ? Youn nan rezon yo, sèke Amagedòn pral “ fini ak moun k ap fin depafini tè a ”. (Revelasyon 11:18.) Anplis, li pral entwodui yon monn kote lapè pral blayi, ‘ yon tè tounèf n ap ret tann selon pwomès Bondye ’, kote “ jistis ap abite ”. — 2 Pyè 3:13.

Poukisa Amagedòn nesesè ?

Èske w twouve sa difisil pou w imajine Jewova, “ Bondye lanmou an ”, ta sèvi ak Pitit li a, Prens lapè a, pou l fè yon gè (2 Korentyen 13:11 ; Izayi 9:6) ? Si nou konprann rezon yo genyen pou yo fè sa, se sèten bagay yo ap vin pi klè pou nou. Liv Sòm nan dekri Jezi kòm yon gèrye ki sou yon cheval. Poukisa l ap goumen ? Gen yon salmis ki di Kris ap galope pou l “ al defann koz laverite ak imilite ak lajistis ”. L ap fè lagè paske li renmen lajistis e li rayi mechanste. — Sòm 45:4, 7.

Menm jan an tou, Labib dekri reyaksyon Jewova devan enjistis li wè nan monn nan jodi a. Men sa pwofèt Izayi di : “ E Jewova te wè sa, e sa te mal nan je l lefètke pa t gen jistis. [...] Li abiye l ak jistis tankou yon kotdemay, li mete kas delivrans lan nan tèt li. Anplis de sa, li abiye ak rad vanjans kòm abiman e li vlope kò l avèk detèminasyon kòmsi se ak yon manto san manch. ” — Izayi 59:15, 17.

Toutotan moun mechan yo gen pouvwa nan men yo, moun ki jis yo pap janm gen lapè ak sekirite (Pwovèb 29:2 ; Eklezyas 8:9). An reyalite, nou pa ka fè moun ki kòwonpi yo ak moun ki mechan yo divòse ak koripsyon ak mechanste. Donk, pou ka gen lapè ak sekirite, fòk moun ki mechan yo pa la ankò. Salomon te ekri : “ Moun ki mechan an se yon ranson pou moun ki jis la. ” — Pwovèb 21:18.

Lefètke se Bondye ki Jij la, nou kapab gen asirans nan chak ka jijman k ap fèt kont mechan yo ap jis. Men sa Abraram te mande yon lè : “ Èske Jij tout tè a pap fè sa ki dwat ? ” Abraram te konnen Jewova toujou fè sa ki dwat (Jenèz 18:25). Anplis, Bib la ban nou asirans Jewova pa pran plezi nan detwi mechan. Li fè sa lè pa gen okenn lòt bagay li ka fè ankò. — Ezekyèl 18:32 ; 2 Pyè 3:9.

Se pou nou rekonèt Amagedòn se yon gè toutbon

Pou kiyès w ap ye nan gè enpòtan sa a ? Pifò nan nou panse otomatikman se pou fòs byen yo nou ye. Men, ki jan nou ka fè sèten ? Pwofèt Sefànya te bay konsèy sa a : “ Chèche ladwati, chèche imilite. ” ​(Sefànya 2:3). Apot Pòl di Bondye “ vle pou tout kalite moun sove e pou yo rive gen yon konesans egzak sou laverite ”. — 1 Timote 2:4.

Premye pa pou nou fè pou nou kapab sove, se aprann laverite konsènan Jewova e konsènan objektif li genyen pou l retire mechanste sou latè. Dezyèm pa pou nou fè k ap fè nou jwenn favè Jewova ak pwoteksyon l, se pratike lajistis.

Si nou fè pa enpòtan sa yo, Amagedòn se yon gè nou kapab ret ap tann, yon gè ki pral vrèman met fen nan lagè lèzòm ap fè yo. Lè gè sa a fini, nan je moun tout kote, lagè ap vin yon bagay yo pa ka konprann e yo pa ka sipòte. “ Yo p’ap janm aprann fè lagè ankò. ” — Izayi 2:4, Bib la.

[Nòt anba paj]

^ § 17 Pou nou ka konnen si Amagedòn se yon andwa byen presi, gade atik “ Lektè nou yo ta renmen konnen ” an ki nan paj 31.

[Antrefilè nan paj 5]

Entèvansyon Bondye pral fè nan zafè lèzòm nan rele Amagedòn.

[Foto nan paj 6]

Megido

[Foto nan paj 6]

Gideyòn ansanm ak mesye l yo te genyen yon batay enpòtan toupre Megido.

[Foto nan paj 6, 7]

Apre batay Amagedòn, nan je moun tout kote, lagè ap vin yon bagay yo pa ka konprann e yo pa ka sipòte.

[Foto nan paj 8]

Premye pa yon moun dwe fè pou l ka sove, se aprann laverite sou Jewova e sou objektif li genyen.