Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Gè k ap met fen nan tout gè a ”

“ Gè k ap met fen nan tout gè a ”

“ Gè k ap met fen nan tout gè a ”

‘ Mwen pwomèt nou se ap dènye gè a, gè k ap met fen nan tout gè a. ’WOODROW WILSON, PREZIDAN ETAZINI (1913-21).

SE SA youn nan dirijan ki gen nan monn nan t ap atann nan fen Premye Gè mondyal la, sa gen anviwon 90 an. Gè mondyal sa a te tèlman terib, moun ki te ranpòte laviktwa ladan l yo te bezwen kwè tout sakrifis yo te fè yo t ap pote bonjan byenfè ki t ap dire. Sepandan, se raman gè lèzòm yo rezoud pwoblèm yo, alewè pou yo ta elimine lagè ki se yon pwoblèm ki la depi byen lontan.

Anviwon 20 ane apre prezidan Wilson te fè pwomès sa a san reflechi, Dezyèm Gè mondyal la te eklate. Te gen plis moun ki mouri nan gè sa a pase nan premye a e te gen plis ravaj ki te fèt ladan l. Ventan te gentan pase, e nan ventan sa yo anpil pwogrè te fèt nan domèn teknoloji, e lèzòm te vin anmezi pou yo touye gwo kantite moun pi byen. Lè Dezyèm Gè mondyal la te fini, dirijan yo sou tè a te rann yo kont te gen plis chans toujou pase anvan pou lagè eklate.

An 1945, yon jeneral ameriken ki te rele Douglas MacArthur te di: “ Sa se dènye chans nou. Si nou pa òganize yon pi bon sistèm, yon sistèm kote pa gen patipri, Amagedòn ap rive sou nou. ”

Jeneral MacArthur te konnen ki sa de bonm atomik yo te fè vil Nagazaki ak vil Iwochima nan dènye peryòd Dezyèm Gè mondyal la. De vil japonè sa yo te detwi yon fason terib, e sa te pouse jeneral la bay mo “ Amagedòn ” nan yon lòt sans : yon gwo gè nikleyè kote tout moun sou planèt nou an ka detwi nèt.

Lèzòm kontinye pè pou yon gè nikleyè pa eklate. Nan ane 1960 yo, gwo pisans mondyal yo te vin ak yon estrateji yo rele “ destriksyon youn lòt asire ”, sa vle di si yon gwo pisans atake yon lòt, lòt la ap gen kapasite pou l atake l tou. Objektif yo se pou yo gen ase misil oswa ase kapasite pou yo lanse misil yon fason pou yo garanti y ap kapab detwi 25 pousan popilasyon sivil peyi ènmi an ak 50 pousan kapasite endistriyèl li, kèlkeswa peyi ki ta kòmanse gè a. Pa gen anpil moun ki santi yo jwenn rekonfò nan estrateji sa a yo vin ak li pou konsève lapè sou tè a.

Jodi a, zam nikleyè yo kontinye ap vin pi plis, e gè k ap fèt nan diferan kote sou tè a lakòz lanmò yon kantite moun nou pa ka imajine. Posiblite a toujou la pou yon gè nikleyè detwi limanite. Lèzòm ta renmen lagè disparèt, men pa gen anpil nan yo ki kwè yon gè oswa yon lòt estrateji kapab atenn objektif sa a.

Sepandan, Bib la dekri yon gè san parèy k ap met fen nan tout gè. Bib la rele gè sa a “ Amagedòn ”, e se a mo sa a menm anpil moun panse lè y ap pale de gè nikleyè ki pral detwi lavi sou planèt nou an. Ki jan Amagedòn pral vrèman met fen nan tout gè ? Atik ki vin apre a pral pale sou kesyon sa a.

[Liy kredi pou foto nan paj 3]

DTRA Photo

[Liy kredi pou foto nan paj 5]

Nagazaki, Japon, 1945 : USAF photo