Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ou kapab vin youn nan pitit Bondye yo

Ou kapab vin youn nan pitit Bondye yo

Ou kapab vin youn nan pitit Bondye yo

ANVIWON 30 an apre gè ki te fèt an Kore a, yo te lanse yon pwogram nan radyo ak nan televizyon pou ede moun chèche manm fanmi yo yo te pèdi pandan gè a. Ki rezilta sa te bay ? Gen plis pase 11 000 moun ki te jwenn fanmi yo. Yo te gen dlo nan je yo, yo t ap rele e yo t ap bay youn lòt akolad. Men sa yon jounal te rapòte : “ Sa pa t janm rive nan istwa pèp koreyen an pou tout kantite moun sa yo tonbe ap kriye konsa anmenmtan, tèlman yo kontan. ” — Korea Times.

Nan peyi Brezil, yo te fè kado yon tibebe ki rele Cézar pou yo te ka peye yon dèt. Dizan apre, li te tèlman kontan jwenn vrè manman l, li te kite paran adoptif li yo ki te rich pou l al viv avè l.

Vrèmanvre, manm fanmi ki te separe youn ak lòt e ki te pèdi kontak youn ak lòt rejwi lè yo rankontre ankò. Labib dekri ki jan lèzòm te vin separe yon fason ki tris ak fanmi Bondye a. Li di nou tou ki jan yo kontan pou yo ini ankò kounye a. Ki jan sa te rive fèt ? Ki sa w ka fè pou w gen lajwa sa a tou ?

Fason fanmi Bondye a te vin divize

Men sa yon salmis di konsènan Jewova, Kreyatè a : “ Se bò kote w sous lavi a ye. ” ​(Sòm 36:9). Jewova se Papa yon gwo fanmi ki fòme ak kreyati entèlijan ki fidèl. Nan fanmi sa a, gen yon pati ki nan syèl la ki fòme ak zanj ki se pitit espirityèl li e gen yon pati ki sou tè a ki fòme ak moun ki gen pou yo vin pitit li sou tè a.

Lè premye pitit Bondye te gen sou tè a, Adan, te rebele kont Bondye, lèzòm te vin separe ak Papa yo, Kreyatè yo a, ki renmen yo, e separasyon sa a te pote anpil soufrans pou yo. Yo te vin separe ak li paske lè Adan te rebele a, ni li menm, ni pitit li t apral genyen yo te pèdi privilèj pou yo pitit Bondye. Pa mwayen Moyiz, sèvitè l, Bondye te dekri konsekans sa k te pase a. Men sa l te di : “ Se yo menm ki mal aji, yo pa pitit [Bondye], defo a se nan yo. ” “ Defo a ”, sa vle di tandans lèzòm genyen pou yo peche a, fè yo vin lwen Bondye ki sen e ki pafè tout jan (Detewonòm 32:4, 5 ; Izayi 6:3). Nan yon sans, lèzòm te pèdi, yo te vin san Papa. — Efezyen 2:12.

Pou montre nan ki pwen lèzòm vin separe ak Bondye, Bib la pale de moun ki pa fè pati fanmi Bondye a antanke “ lènmi ” l (Women 5:8, 10). Pandan lèzòm separe ak Bondye a, yo soufri anpil anba dominasyon Satan an, yon dominasyon ki mechan, e anba efè mòtèl peche ak enpèfeksyon yo eritye a genyen (Women 5:12 ; 1 Jan 5:19). Èske lèzòm enpafè kapab vin fè pati fanmi Bondye a ? Èske kreyati enpafè sa yo kapab vin pitit Bondye yon fason ki konplè, jan Adan ak Èv te ye anvan yo te peche a ?

Rasanbleman pitit Bondye yo

Avèk amou, Jewova te pran kèk dispozisyon pou pwofi lèzòm enpafè ki renmen l yo (1 Korentyen 2:9). Men sa apot Pòl esplike : “ Pa mwayen Kris, Bondye t ap rekonsilye yon monn avèk li menm, san li pa konsidere fot yo. ” ​(2 Korentyen 5:19). Jewova te bay Jezi Kris kòm yon ranson pou peche nou (Matye 20:28 ; Jan 3:16). Avèk rekonesans, men sa apot Jan te ekri : “ Gade ki kalite lanmou Papa a ban nou, yon fason pou yo ka rele nou pitit Bondye. ” ​(1 Jan 3:1). Konsa, Jewova te ouvè pòt pou lèzòm ki obeyisan kapab vin fè pati fanmi l lan ankò.

Byenke tout moun ki antre nan fanmi Bondye a pral viv nan yon bèl inite anba direksyon Papa yo ki nan syèl la, remake ki jan Labib dekri fason yo rasanble yo an de gwoup. Men sa l di : “ Se selon bon plezi [Bondye] li te deside nan li menm pou yon administrasyon nan dènye limit tan fikse yo, sa vle di : reyini tout bagay ansanm ankò nan Kris la, bagay yo ki nan syèl ak bagay yo ki sou tè a. ” ​(Efezyen 1:9, 10). Poukisa se konsa Bondye jere bagay yo ?

Fason Jewova rasanble pitit li yo an de gwoup la kontribye pou gen amoni nan fanmi l lan. Sa pa difisil pou nou konprann rezon an. Fanmi Bondye a tèlman anpil, yo ka konpare l ak yon nasyon. Nan kèlkeswa nasyon an, gen kèk moun ladan l yo chwazi pou fòme yon gouvènman, yon fason pou ka gen lòd e pou ka gen lapè pou tout moun. Se vre, okenn gouvènman lèzòm fè pa bay vrè lapè a, men, Bondye bay fanmi l lan yon gouvènman ki pafè. Premye gwoup sa a, sa vle di “ bagay yo ki nan syèl ” la, se pitit Bondye yo ye, e Jewova chwazi yo pou yo fòme yon gouvènman, oswa yon Wayòm, nan syèl la. Detan yo nan syèl la, “ yo gen pou yo dirije tè a kòm wa ”. — Revelasyon 5:10.

Pitit Bondye yo ki pral sou tè a

Jewova ap rasanble tou “ bagay yo ki sou tè a ”, sètadi plizyè milyon moun sou tout tè a, pou yo ka finalman vin pitit li sou tè a. Antanke yon Papa ki gen bonte, li anseye yo pou yo gen lanmou, yon fason pou yo ka gen yon bèl inite nan mitan yo, byenke yo soti nan anpil nasyon. Menm moun ki vyolan, ki egoyis, ki imoral e ki dezobeyisan anvè Bondye jwenn envitasyon pou yo “ rekonsilye avèk Bondye ”. — 2 Korentyen 5:20.

E moun ki pa aksepte envitasyon Bondye ba yo pou yo rekonsilye avè l antanke pitit li ? Pou Jewova ka asire l ap gen lapè ak amoni nan fanmi l lan, li pral aji yon fason sevè ak yo. Pral gen yon ‘ jou jijman ak destriksyon pou moun ki san respè pou Bondye yo ’. (2 Pyè 3:7.) Bondye pral efase rebèl yo sou tè a. Ala yon soulajman sa pral pote pou moun ki obeyisan yo ! — Sòm 37:10, 11.

Apre sa, ap gen yon peryòd mil an kote tout moun ki byen reyaji devan lanmou Bondye pral viv nan lapè e tikras pa tikras, yo pral retounen jwenn pèfeksyon Adan te pèdi a. Menm moun ki mouri pral resisite (Jan 5:28, 29 ; Revelasyon 20:6 ; 21:3, 4). Konsa, Jewova pral akonpli pwomès li te fè a : “ Kreyasyon an li menm tou, [lèzòm], pral libere anba esklavaj koripsyon e li pral gen libète glorye pitit Bondye yo. ” — Women 8:21.

Rekonsilye ak Papa w

Cézar ansanm ak plizyè milye Koreyen nou te mansyone nan kòmansman atik la te oblije fè kèk aksyon pou yo te reyini ak fanmi yo ankò. Koreyen sa yo te oblije antre nan pwogram yo te lanse a e Cézar te oblije sispann viv ak paran adoptif li yo. Menm jan an tou, ou ka bezwen fè kèk aksyon pou w rekonsilye ak Papa w ki nan syèl la, Jewova Dye, e pou w fè pati fanmi l lan. Ki sa w ta dwe fè ?

Pou w kapab pwoche bò kot Bondye pou l vin Papa w, ou dwe etidye Pawòl li a, Labib, yon fason pou w ka vin gen yon lafwa solid nan li ak nan pwomès li yo. W ap vin gen asirans sa Bondye di w yo se pou byen w. W ap bezwen aksepte tou pou Bondye korije w e pou l disipline w, paske Bib la di kretyen yo : “ Bondye trete nou tankou pitit. Paske ki pitit papa l pa disipline l ? ” — Ebre 12:7.

Si w fè pa sa yo, tout lavi w ap chanje nèt. Bib la di : “ Se pou nou renouvle tèt nou nan fòs k ap anime lespri nou an, e nou dwe abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye nan yon jistis ak yon fidelite ki vrè. ” ​(Efezyen 4:23, 24). Apre sa, suiv konsèy apot Pyè te bay la : “ Tankou timoun obeyisan, pa kite move lanvi nou te genyen nan tan lontan yo mennen lavi nou ankò, tankou anvan lè nou pa t’ konn Bondye. ” — 1 Pyè 1:14, Bib la.

Vin jwenn vrè fanmi w

Lè Cézar te jwenn manman l, li te kontan anpil lè l te aprann li te gen yon frè ak yon sè. Menm jan an tou, lè w pwoche bò kot Papa w ki nan syèl la, w ap vin wè ou gen anpil frè ak sè nan kongregasyon nou fòme antanke kretyen an. Ofiramezi w ap frekante yo, ou kapab santi yo vin pi pwòch ou pase manm fanmi w. — Travay 28:14, 15 ; Ebre 10:24, 25.

Nou fè w envitasyon pou w vin fè youn ak vrè Papa w la e ak vrè frè w ak sè w yo. Lajwa w ap genyen an kapab anpil menm jan ak lajwa Cézar ak plizyè milye Koreyen yo te genyen lè yo te reyini ankò ak manm fanmi yo.

[Foto nan paj 9]

Cézar ak manman l. Cézar te gen 19 an lè sa a.

[Foto nan paj 11]

Fè pa ki nesesè pou w pwoche bò kot Bondye.