Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske Bondye gen yon non?

Èske Bondye gen yon non?

Èske Bondye gen yon non?

Repons moun yo konn bay:

▪ “Li rele Bondye.”

▪ “Li pa gen yon non.”

Ki sa Jezi te di?

▪ “Men ki jan nou dwe priye: ‘Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen.’” ​(Matye 6:9, NW). Jezi te kwè Bondye gen yon non.

▪ “Mwen te fè yo konnen non ou, e mwen va fè yo konnen li, dekwa pou lamou ou te genyen pou mwen an ka nan yo, epi pou mwen menm, mwen ka nan yo.” ​(Jan 17:26, Bib Kreyòl La). Jezi te fè moun konnen non Bondye.

▪ “Nou p’ap wè m ankò, jouk lè a va rive pou nou di: Benediksyon pou moun ki vini nan non [Jewova].” ​(Lik 13:35; Sòm 118:26). Jezi te konn itilize non Bondye.

BONDYE ban nou non l. Li di: “Mwen se Jewova. Sa se non mwen *.” ​(Izayi 42:8, NW). Non Jewova a se fòm yo plis konnen an kreyòl pou non Bondye bay tèt li ann ebre a. Ou ka sezi aprann non sa a ki san parèy parèt plizyè milye fwa nan ansyen maniskri Labib yo. An reyalite, li parèt pi souvan pase nenpòt lòt non yo site nan Bib la.

Si w ta mande kèk moun “ki non Bondye?” Gen moun ki t ap reponn ou: “Bondye.” Sepandan, repons sa a pa gen sans. Menm jan an, si yo ta poze yon moun kesyon sa a: “Kiyès ki te genyen eleksyon an?” Epi moun nan ta reponn: “Kandida a.” Sa pa t ap yon repons ki klè tou. Paske ni mo “Bondye” a ni mo “kandida” a se pa non yo ye.

Poukisa Bondye fè nou konnen non l? Li fè sa pou nou ka rive konnen l pi byen. Annou pran yon egzanp pou nou konprann sa. Yo ka rele yon moun mesye, patwon, papa, oubyen granpè, selon sikonstans lan. Chak tit sa yo revele yon bagay sou li. Men, non l fè nou sonje tout bagay nou konnen sou li nèt. Menm jan an tou, tit Bondye genyen yo, tankou Seyè, Toupisan, Papa ak Kreyatè, fè nou panse ak divès bagay Bondye fè. Men, se sèl non l, Jewova, ki reprezante tout aspè nan pèsonalite l ak tout bagay nou konnen sou li nèt. Donk, yon moun pa ka vrèman byen konnen Bondye si l pa konnen non l.

Nonsèlman li enpòtan pou nou konnen non Bondye, men tou, li enpòtan pou nou itilize l. Poukisa? Se paske Bib la di: “Nenpòt moun ki rele non [Jewova] gen pou jwenn delivrans.” —Women 10:13; Yowèl [Jowèl] 2:32.

[Nòt anba paj]

^ Pou w ka jwenn esplikasyon sou siyifikasyon non Bondye ak rezon ki fè yon seri tradiksyon Labib pa genyen l, ou kapab egzamine paj 195-197 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

[Antrefilè nan paj 6]

Yo ka rele yon moun mesye, patwon, papa, oubyen granpè, selon sikonstans lan. Men, non l reprezante tout aspè nan pèsonalite l ak tout bagay nou konnen sou li nèt.