Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske se lè yon moun fèt yon lòt fwa l ap sove?

Èske se lè yon moun fèt yon lòt fwa l ap sove?

Èske se lè yon moun fèt yon lòt fwa l ap sove?

SI YON moun ta mande w si w “fèt yon lòt fwa”, ki jan w t ap reponn? Gen plizyè milyon moun ki kwè nan Bondye ki t ap di “wi” ak tout fòs yo. Yo kwè tout vrè kretyen fèt yon lòt fwa. Anplis, pou yo, se sèl fason pou yon moun sove. Yo gen menm pwennvi ak kèk chèf relijye, tankou Robert Sproul, yon teyolojyen, ki te ekri pawòl nou pral site la yo: “Si yon moun pa fèt yon lòt fwa, [...] li pa yon kretyen.”

Èske w se youn nan moun ki kwè pou w sove ou bezwen fèt yon lòt fwa? Si se sa, se sèten ou ta renmen ede fanmi w ak zanmi w sove tou. Pou yo ka sove, yo bezwen konnen diferans ki genyen ant yon moun ki fèt yon lòt fwa ak yon moun ki pa fèt yon lòt fwa. Ki jan w t ap esplike yo sa sa vle di pou yon moun fèt yon lòt fwa?

Anpil moun kwè yon moun ki “fèt yon lòt fwa” se yon moun ki pwomèt avèk senserite l ap sèvi Bondye ak Kris. E kòm rezilta, moun sa a, ki te mouri nan domèn espirityèl, vin vivan. Men sa yon diksyonè modèn di konsènan yon moun ki fèt yon lòt fwa: “Dabitid, se yon kretyen ki renouvle fwa l, oswa fwa l vin pi solid, apre yon kokennchenn eksperyans espirityèl li fè.” —Merriam-Webster’s Collegiate Dictionary—Eleventh Edition.

Petèt w ap sezi aprann Labib pa dakò ak definisyon sa a. Èske w ta renmen konnen sa Pawòl Bondye a anseye sou sijè sa a? Se sèten w ap tire pwofi lè w egzamine sijè sa a an pwofondè. Poukisa? Paske lè w byen konprann sa sa vle di pou yon moun fèt yon lòt fwa, sa ap enfliyanse lavi w ak esperans ou pou lavni.

Ki sa Labib anseye sou sa?

Sèl kote nan Bib la nou jwenn ekspresyon “fèt yon lòt fwa” a, se nan Jan 3:1-12, kote nou jwenn yon konvèsasyon enteresan Jezi te fè ak yon chèf relijye nan Jerizalèm. W ap jwenn tout konvèsasyon an nan kare ki bò kot atik sa a. Nou envite w li l avèk atansyon.

Nan konvèsasyon sa a, Jezi atire atansyon sou plizyè aspè ki gen nan kesyon “nouvèl nesans” lan * (Bib Kreyòl La). Anfèt, konvèsasyon Jezi te genyen an ede nou reponn senk kesyon enpòtan ki pi ba yo:

Ki enpòtans sa genyen pou yon moun jwenn nouvèl nesans lan?

Èske se nou ki pou deside si n ap jwenn nouvèl nesans lan?

◼ Pou ki rezon yon moun jwenn nouvèl nesans lan?

Ki jan yon moun jwenn nouvèl nesans lan?

◼ Ki chanjman ki vin genyen nan relasyon moun sa a ak Bondye?

Annou egzamine kesyon sa yo youn apre lòt.

[Nòt anba paj]

^ Nou jwenn ekspresyon “nouvèl nesans” lan nan 1 Pyè 1:3, 23 (Bib Kreyòl La). Se yon lòt ekspresyon biblik ki gen menm siyifikasyon ak “fèt yon lòt fwa”. Toule de ekspresyon sa yo soti nan yon vèb grèk: génnaô.

[Kare/Foto nan paj 22]

“Fòk nou fèt yon lòt fwa ankò!”

“Te gen yon nonm pami Farizyen yo ki te rele Nikodèm. Li te youn nan chèf Jwif yo. Nonm sa a vini kote Jezi lannuit, epi li di Jezi: Rabi, nou konnen ou se yon pwofesè ki soti kote Bondye. Paske, pèsonn pa kapab fè tout mirak-siy w ap fè yo si Bondye pa avèk li. Jezi reponn, li di li: Franchman, franchman, m ap di ou sa: Si yon moun pa fèt yon lòt fwa, li pa kapab wè wayòm Bondye a. Nikodèm di li: Kòman yon nonm ki granmoun ka fè fèt ankò? Li pa kapab antre nan vant manman li yon dezyèm fwa epi pou li fèt ankò, pa vre? Jezi reponn, li di: Franchman, franchman, m ap di ou sa: Si yon moun pa fèt nan dlo ak nan Lespri, li pa kapab antre nan wayòm Bondye a. Sa ki fèt grasa chè, li se chè. E, sa ki fèt grasa Lespri, li se lespri. Pa sezi dèske mwen te di ou: Fòk nou fèt yon lòt fwa ankò! Van an soufle kote li vle. Ou tande bri li, men, ou pa konnen ni kote li soti, ni kote li prale. Tout moun ki fèt grasa Lespri a, yo menm jan. Nikodèm reponn, li di: Kòman bagay sa yo kapab fèt? Jezi reponn, li di li: Se ou ki pwofesè pèp Izrayèl la, epi ou pa konnen bagay sa yo? Franchman, franchman, m ap di ou sa: Nou pale de sa nou konnen. Nou temwaye sou sa nou te wè, men, ou menm ak lòt moun yo, nou pa resevwa temwayaj nou an. Si mwen pale nou de sa ki sou latè epi nou pa kwè, kòman n ap fè kwè, lè mwen pale nou de sa ki nan syèl la?” —Jan 3:1-12, Bib Kreyòl La.