Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pi gwo prèv ki demontre Bondye renmen nou an

Pi gwo prèv ki demontre Bondye renmen nou an

Annou pwoche bò kote Bondye

Pi gwo prèv ki demontre Bondye renmen nou an

Jenèz 22:1-18

ABRARAM te renmen Bondye. Patriyach fidèl sa a te renmen Izarak tou, pitit gason l te fè lè l te fin granmoun nan. Men, lè Izarak te gen anviwon 25 an, Abraram te jwenn yon eprèv ki te mande l pou l aji yon fason ki kontrè ak fason yon papa ta aji nòmalman. Bondye te mande l pou l sakrifye pitit gason l lan. Men, istwa a pa t fini ak lanmò Izarak, paske nan moman Abraram te leve kouto a anlè pou l touye Izarak, Bondye te voye yon zanj pou anpeche l fè sa. Istwa sa a nou jwenn nan Bib la nan Jenèz 22:1-18 sèvi kòm yon apèsi sou sa Bondye t apral fè pou l demontre jan li renmen nou anpil.

Men sa vèsè 1 an fè konnen: “Bondye sonde Abraram pou wè sou ki pye li ye avè l.” Abraram te gen lafwa, men nan moman sa a, lafwa l t apral pase anba eprèv yon fason sa pa t janm fèt anvan. Men sa Bondye te di l: “Pran Izarak, pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an, pitit ou renmen anpil la. [...] w’a moute sou tèt mòn mwen pral moutre ou la. Lè w’a rive la, w’a touye l. Apre sa, w’a boule l nèt pou mwen.” ​(Vèsè 2). Pa bliye, Bondye pa kite sèvitè l yo jwenn eprèv depase sa yo ka sipòte. Donk, eprèv sa a te montre konfyans li te gen nan Abraram. —1 Korentyen [1 Korent] 10:13.

Abraram te obeyi san pèdi tan. Men sa Bib la fè nou konnen: “Nan denmen maten, bonè bonè, Abraram leve, li sele bourik li, li pran Izarak ansanm ak de nan domestik li yo. Li fann kèk moso bwa pou l fè dife pou boule [sakrifis la]. Epi li pati.” ​(Vèsè 3). Sanble Abraram pa t bay pèsonn okenn detay konsènan eprèv sa a.

Apre sa, li te fè yon vwayaj ki te dire twa jou, e sa te ba l tan pou l reflechi. Men, detèminasyon Abraram pa t febli. Pawòl li te di yo te demontre lafwa l te genyen. Lè l te wè montay Jewova te endike l la de lwen, men sa l te di sèvitè l yo: “Nou menm, mesye, rete isit la [...]. Mwen menm ak ti gason an, nou pral jouk lòt bò a, pou nou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n’a tounen vin jwenn nou.” Lè Izarak te mande l ak ki mouton li t apral fè ofrann nan, Abraram te reponn li: “Se sou kont Bondye sa ye.” ​(Vèsè 58). Abraram te gen espwa li t ap retounen ak pitit gason l lan. Sa k fè sa? Se paske li “te mete nan tèt li Bondye te gen pouvwa pou l te fè Izarak leve vivan ankò sòti nan lanmò”. —Ebre 11:19.

Etan yo sou tèt mòn nan, nan moman Abraram pran “kouto a pou l koupe kou ti gason an”, gen yon zanj ki kenbe men l. Lè sa a, Bondye te fè Abraram jwenn yon belye ki te kole nan yon touf raje pou l te ka ofri l “nan plas pitit li a”. (Vèsè 10-13.) Nan je Bondye, se kòmsi Abraram te sakrifye Izarak vre (Ebre 11:17). Men sa yon biblis di: “Nan je Bondye, lefètke Abraram te byen dispoze pou l fè sakrifis la, se kòmsi li te fè l vrèman.”

Sa montre Jewova te gen rezon fè Abraram konfyans. Li te rekonpanse Abraram lefètke li te met konfyans li nan li, paske apre sa, Jewova te repale de alyans li te fè ak Abraram nan e li te elaji li. Fwa sa a, li te pwomèt li t ap beni tout nasyon ki sou tè a. —Vèsè 15-18.

Alafen, Bondye pa t kite Abraram sakrifye pitit li a, byenke Li menm li t apral sakrifye pitit pa l la pi devan. Annefè, Abraram te dispoze ofri Izarak an sakrifis, e sa te anonse sakrifis Bondye t apral fè lè l te ofri Jezi Kris, sèl Pitit li fè a, an sakrifis pou peche nou yo (Jan 3:16). Sakrifis Kris la se pi gwo prèv ki demontre Bondye renmen nou anpil. Piske Bondye te ofri kalite sakrifis sa a pou nou, li ta bon pou nou chak nou poze tèt nou kesyon sa a: ‘Ki kalite sakrifis mwen dispoze fè pou m fè Bondye plezi?’