Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mwen rekonesan anvè jewova malgre trajedi m viv—Fason Labib ede m andire yo

Mwen rekonesan anvè jewova malgre trajedi m viv—Fason Labib ede m andire yo

Mwen rekonesan anvè jewova malgre trajedi m viv—Fason Labib ede m andire yo

Dapre Enrique Caravaca Acosta

Mwen te sou wout pou m al vizite fanmi m nan abitasyon fanmi an. Se te nan dat 15 avril 1971. Piske sa te deja fè yon bon ti tan depi m pa t la nan kay la, mwen te vrèman anvi wè tout moun. Mwen t ap mande tèt mwen si m t ap jwenn tout moun lakay la e kiyès mwen t ap rankontre an premye. Lè m rive, mwen te jwenn te gen kat moun yo te asasinen, e manman m te ladan l tou. Mwen te sezi anpil!

MWEN te pran yon gwo chòk. Ki sa k te rive? Ki sa m t apral fè? Pa t gen pèsonn moun nan kay la e mwen te santi m bwouye, mwen te santi m sanzespwa. Men, anvan m kontinye rakonte nou sa k te pase, ban m rakonte nou kèk detay sou fason m te leve. Konsa, n ap pi byen konprann ki jan m te santi m devan sitiyasyon sa a ak lòt trajedi mwen te viv.

Nou jwenn laverite

Mwen fèt Kostarika, nan vil Quirimán, toupre Nicoya. Nan ane 1953, mwen t ap viv avèk paran m nan yon abitasyon fanmi nou genyen, lè sa a, mwen te gen 37 an. Byenke nou te katolik, nou pa t satisfè ak kèk doktrin yo te anseye e gen yon pakèt kesyon nou pa t ka jwenn repons yo.

Yon jou maten, gen yon mesye ki rele Anatolio Alfaro ki te vin lakay nou e li te ankouraje nou etidye Labib. Li te li yon pakèt vèsè nan Bib la avèk nou e li te pataje yon seri ansèyman biblik avèk nou. Mwen menm, papa m, manman m, youn nan frè m yo, sè m nan ak yon zanmi l ki te rete lakay la, nou tout nou te chita e nou te koute. Li te pale avèk nou pandan tout jounen an e li te kontinye fè sa byen ta nan nuit la. Nou te poze l anpil kesyon.

Anatolio te pase nuit la lakay la jou sa a e nan demen li te pase jounen an avèk nou. Sa nou te tande yo te fè nou kontan anpil e nou te pi kontan toujou lè nou te rive jwenn repons kesyon nou yo dirèkteman nan Bib la. Moman sa a li te pase ap pale avèk nou an te gen yon gwo efè sou nou. Nou te medite sou sa nou te aprann, e nou te gen konviksyon nou te jwenn laverite. Anatolio te kite kèk peryodik ak kèk liv nan men nou. Leswa nou te konn li piblikasyon sa yo e nou te konn etidye yo ansanm an fanmi. Sa pa t fasil paske pa t gen elektrisite. Anvan nou chita pou etid la, nou chak te konn pran yon gwo sak yo konn mete pòmdetè epi nou kouvri janm nou ak pye nou avèk li pou marengwen pa mòde nou.

Simwa apre sa, gen senk manm fanmi m ki te vin batize. Pami yo, te gen papa m ak manman m avèk mwen. Avèk anpil antouzyas, nou te kòmanse ale kay an kay pou nou pataje sa nou te aprann yo ak lòt moun. Nou te konn vwayaje apye pandan anviwon dezèdtan pou n al nan yon vil ki rele Carrillo pou nou reyini ak yon gwoup Temwen Jewova ki te la. Pafwa, nou te konn fè vwayaj la sou cheval. Anatolio te kontinye vin lakay nou pou l etidye Labib avèk nou. Apre sa, te vin gen yon reyinyon lakay nou e te gen anviwon uit moun ki te konn asiste l. Rive yon lè, yo tout te batize. Nan yon tikras tan, gwoup sa a te vin grandi pou l tounen yon kongregasyon ki te gen anviwon 20 manm ladan l.

Mwen sèvi Bondye aplentan

Rive yon lè, biwo filyal Temwen Jewova ki nan Kostarika a te envite moun ki vle fè travay evanjelizasyon an aplentan pou yo fè sa. An 1957, mwen te aksepte envitasyon sa a e mwen te antre nan sèvis aplentan. Sèvis la te enteresan anpil. Byen souvan, mwen te konn mache poukont mwen pandan plizyè èdtan pou m rive jwenn moun ki nan pwovens yo. Pafwa, moun yo pa byen akeyi m. Mwen sonje omwen twa fwa, gen kèk mesye ki te gen manchèt nan men yo ki te menase m. Yo te vle konnen kiyès mwen ye e ki sa m t ap fè nan zòn nan.

Nan ane 1950 yo, pifò wout yo te piti anpil tankou ti chemen ki gen nan savann, e li pa t fasil ditou pou nou rive jwenn moun yo. Gen kèk zòn, pou nou te rive ladan yo, nou te oblije ale sou cheval. Nou te konn pase nan rivyè, e pafwa nou te konn dòmi nan seren an. Te gen anpil moustik, e yo te rann lavi nou enposib. Mete sou sa, nou te dwe toujou veye pou sèpan ak kwokodil pa vin atake nou. Malgre tout bagay sa yo, mwen te kontan anpil pou m ede moun yo aprann konnen Jewova Dye. Lè m retounen lakay mwen, mwen te konn santi kè m kontan paske mwen te gen posiblite pataje verite ki nan Bib la ak lòt moun. Travay predikasyon mwen t ap fè a ak etid Labib mwen te fè chak jou te kontinye ogmante lanmou mwen genyen pou Jewova e mwen te santi m pi pwòch li.

Avèk letan, yo te vin konfye m plis privilèj. Mwen te sèvi kòm siveyan sikonskripsyon pandan plis pase dizan. Nan zòn mwen te responsab la, mwen te konn vizite kongregasyon yo e mwen te konn fòtifye yo. Mwen te vizite yon kongregasyon chak semèn. Byenke pwoblèm sante te fè m oblije kite privilèj sèvis sa a mwen te genyen an, mwen toujou renmen ministè a e mwen kontinye sèvi Bondye aplentan.

Trajedi te frape m

Apre sa, yon lè pandan ane 1971, pandan mwen te nan vil Nicoya, mwen te retounen pou m te ka al wè moun lakay mwen. Lè m rantre nan kay la, mwen jwenn manman m ki gen 80 an atè a. Yo te tire l e yo te pike l ak kout kouto. Lè m te bese epi m te pran l nan bra m, li t ap respire toujou. Apre kèk moman, li mouri nan bra m. Mwen te fè yon voye je gade toutotou m, lè sa a mwen wè moun ki konn fè manje a ki te atè a nan kuizin nan. Li te ansent uimwa. Li menm tou yo te touye l. Mete sou sa, mwen te jwenn yo touye yon moun nan kongregasyon an, li te tonbe nan koridò a e mwen te jwenn pitit gason moun ki konn fè manje a mouri nan twalèt la. Yo te pike yo tout ak kout kouto e yo te tire yo. Kiyès ki te fè yon bagay terib konsa, e poukisa?

Lè m soti deyò a, mwen jwenn papa m. Yo te tire l nan tèt, men li te vivan toujou! Mwen kouri al lakay frè m nan, ki te rete a anviwon 15 minit, men lè m rive, mwen aprann yo te touye yon lòt fi ankò ak pitit gason l. Se pa ti sezi mwen te sezi lè m te aprann asasen an se te yon neve m ki te gen 17 an. Li pa t Temwen Jewova e li te gen yon pwoblèm mantal. Li te chape kite zòn nan. Lè sa a, yo te kòmanse chèchè misye. Se te pi gwo mobilizasyon ki te fèt Kostarika dèyè yon kriminèl.

Istwa sa a te nan nouvèl nan tout peyi a. Apre sèt jou, lapolis jwenn asasen an ki te gen yon gwo kouto ak yon zam nan men l, yon zam yon moun te vann li, malgre moun nan te konnen li gen pwoblèm mantal ak pwoblèm afektif. Pandan yo t ap eseye met men sou li, yo te tire sou li e li te tou mouri.

Pandan yo t ap chèche neve m nan, anpil moun te ban m konsèy pou m sove kite zòn nan paske l te ka tounen pou l fè m mal. Mwen te priye sou sa paske m te santi mwen te dwe rete la ak lòt manm fanmi m ki pa t mouri yo e ak moun nan kongregasyon an. Donk, mwen te rete.

Trajedi sou trajedi

Malerezman, papa m te viv ennan sèlman apre yo te tire l la. Nan ane ki te vin apre a, yo te asasinen sè m nan ki t ap sèvi Jewova fidèlman. Men, asasinay sa a pa t gen rapò ak lòt yo. Yon lòt fwa ankò tout manm fanmi m yo te pran yon gwo chòk e yo te tris poutèt yo pèdi yon lòt manm fanmi an ankò. Pa gen mo ki ka dekri gwo lapenn nou menm ak zanmi nou te santi. Pandan tout eprèv sa a, mwen te lage kò m nèt nan men Jewova e mwen te sipliye l san rete pou l ban m fòs.

An 1985, mwen te asiste yon kou yo fè pou moun ki sèvi kòm ansyen nan kongregasyon yo ki te dire twa jou nan vil San José, kapital peyi a. Nan fen kou sa a, mwen te santi relasyon m ak Jewova te vin pi solid. Nan lendi maten, byen bonè, mwen ale pou m pran bis pou m retounen lakay. Pandan m t ap mache pou m al nan estasyon an, yon pakèt bandi atake m, yo peze kou m epi yo vòlè sa m te gen sou mwen. Sa te tèlman fèt rapid, mwen pa t menm gentan wè figi yo. Apre sa, mwen te vin pa kapab pale nan fason moun Kostarika pale an jeneral. Bò isit la, nan pwovens Guanacaste, mesye yo gen abitid pale fò oubyen rele lè youn pral rankontre lòt pou youn ka salye lòt oubyen tou senpleman pou yo ka fè konnen yo la. Anvan atak la mwen te konn fè sa byen, men annapre sa pa t posib pou mwen ankò.

An 1979, mwen te marye avèk Celia, yon sè ki nan yon kongregasyon ki vwazen ak kongregasyon pa m. Celia te renmen Labib. Nou te konn li Labib e nou te konn etidye l ansanm chak jou. Malerezman, yon kansè te pote l ale an jiyè 2001. Pafwa mwen santi m poukont mwen e m santi m tris. Men esperans rezirèksyon an fòtifye m. —Jan 5:28, 29.

Mwen kontan malgre eprèv mwen jwenn yo

Byenke nan lavi m, mwen te fè fas ak plis eksperyans trajik pase anpil moun, mwen konsidere eprèv sa yo kòm yon opòtinite mwen genyen pou m demontre lafwa m ak fidelite m anvè Jewova (Jak 1:13). Yon bagay ki ede m kontinye gen yon pwennvi ekilibre sou eksperyans mwen yo se lè m toujou sonje “tan ak evènman enprevi” rive nou tout (Eklezyas 9:11, NW). Mwen sonje tou tout bagay sa yo fè pati ‘tan ki difisil anpil’ yo, paske moun yo fewòs, yo vyolan e yo san metriz (2 Timote 3:1-5). Mwen toujou sonje egzanp Jòb tou, ki te soufri anpil, ki te pèdi fanmi l, sante l ak mwayen li te genyen pou l viv, men malgre sa, li te rete fèm e li te di: “Se pou non Jewova toujou beni.” E Jewova te rekonpanse Jòb anpil pou entegrite l (Jòb 1:13-22; 42:12-15). Tout panse biblik sa yo ede m kenbe jwa mwen, malgre tout eprèv mwen jwenn yo.

Jewova te toujou ede m kontinye mete l an premye nan lavi m. Lefètke m li Labib chak jou, sa ban m anpil rekonfò e sa ban m fòs pou m andire. Lefètke mwen pwoche bò kote Jewova grasa lapriyè, sa pèmèt mwen jwenn “lapè Bondye, ki depase tout konprann nan”. (Filipyen 4:6, 7, Bib Kreyòl La.) Sa fè lespri m anpè. Lefètke m asiste reyinyon yo e lefètke m patisipe ladan yo sa fòtifye lafwa m tou. —Ebre 10:24, 25.

Byenke mwen granmoun kounye a, mwen rekonesan anvè Jewova lefètke jis kounye a mwen gen fòs pou m travay ansanm ak kretyen parèy mwen yo, pou m etidye Labib ak lòt moun e pou m patisipe nan ministè a. Lefètke mwen sèvi lòt moun nan fason sa yo, sa ban m fòs pou m fè fas ak chagren m genyen. Mwen gen yon rekonesans ki soti nan fon kè m pou Jewova, malgre tout trajedi mwen te jwenn nan lavi m *.

[Nòt anba paj]

^ § 26 Dezan apre Enrique Caravaca Acosta te ekri istwa sa a, li te mouri nan laj 90 an.

[Antrefilè nan paj 24]

Lefètke m li Labib chak jou, sa ban m anpil rekonfò e sa ban m fòs pou m andire.

[Foto nan paj 23]

Lè m te fèk kòmanse ap bay diskou.

[Foto nan paj 24]

Etan m nan predikasyon; lè sa a mwen te jèn.