Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ANSEYE PITIT OU

Pyè ak Anànyas te bay manti: Ki leson nou ka aprann nan sa?

Pyè ak Anànyas te bay manti: Ki leson nou ka aprann nan sa?

Jan w konn sa, manti se lè w di yon bagay ou konnen ki pa laverite. Èske sa pa janm rive w ou bay manti *? — Menm kèk granmoun ki renmen Bondye te bay manti. Petèt ou sonje egzanp Pyè yon moun nan Bib la ki te bay manti. Se te youn nan 12 apot Jezi yo. Koute istwa a pou w wè rezon ki fè l te fè sa.

Lè yo te fin arete Jezi, yo te mennen l kay gran prèt la. Li te gentan byen ta nan nuit lan. Pyè te antre nan lakou gran prèt la san l pa kite moun wè kiyès li ye. Fi ki te kite Pyè antre nan lakou a te vin wè Pyè pi byen paske te vin gen yon limyè dife ki t ap klere, e konsa fi a vin rekonèt Pyè. Fi sa a se sèvitè gran prèt la li te ye. Fi a di l: “Ou menm tou, ou te avèk Jezi.” Etandone Pyè te pè, li di li pa konn Jezi.

Bib la fè konnen apre sa “yon lòt fi wè l” epi li di: “Mesye sa a te avèk Jezi.” Yon lòt fwa ankò, Pyè di li pa konn Jezi. Yon ti tan annapre, lòt moun ki te la yo di Pyè: “Se sèten, ou menm tou, ou se youn nan yo.”

Pyè te pè anpil. Pou yon twazyèm fwa, li bay manti, li di: “Mwen pa konn misye!” Gen yon kòk ki chante. Jezi gade Pyè epi Pyè sonje pawòl Jezi te di l kèk èdtan anvan. Men pawòl Jezi te di l: “Anvan yon kòk chante, w ap nye m twa fwa.” Pyè te santi l kraze e li te tonbe kriye. Li te regrèt anpil sa l te fè a!

Èske yon bagay konsa ta ka rive w tou? Sa ka rive ou lekòl epi w tande kèk elèv k ap pale sou Temwen Jewova yo. Youn ladan yo di: “Yo pa janm salye drapo.” Yon lòt di: “Yo pap defann peyi yo.” Yon lòt ankò di: “Yo pa kretyen vre paske yo pa fete Nwèl.” Epi youn ladan yo vire gade w e li mande w: “Èske se pa yon Temwen Jewova ou ye?” Ki sa w t ap reponn? — 

Anvan yon bagay konsa rive w, ou bezwen prepare w pou ka bay yon bonjan repons. Men, Pyè li menm pa t prepare l. Lè l te anba presyon, li te bay manti! Li te vrèman regrèt sa l te fè a e Bondye te padone l.

Anànyas, yon lòt disip Jezi ki t ap viv nan premye syèk la, te bay manti tou. Men, Bondye pa t padone ni li menm, ni Safira, madanm li. Safira te mete ak mari l pou yo bay manti. Ann gade poukisa Bondye pa t padone yo.

Te gen 3 000 moun ki te batize nan Jerizalèm dis jou apre Jezi te kite apot li yo pou l te retounen nan syèl la. Anpil nan moun sa yo te soti nan yon seri zòn ki byen lwen pou vin fete fèt Pannkòt la. Apre yo te vin disip Jezi, yo te vle pase plis tan nan vil la pou yo ka aprann plis bagay toujou. Donk, kèk nan disip Jezi yo te bay kòb pa yo pou pran swen moun sa yo.

Anànyas ak madanm li te vann yon tè yo te genyen pou yo te ka jwenn kòb pou ede nouvo batize sa yo. Lè Anànyas te pote kòb la bay apot yo, li te di yo li ba yo tout kòb la. Men, sa l te di a se te manti! Li te kenbe yon pati nan kòb la pou li! Bondye te fè Pyè konn sa. Men sa Pyè di Anànyas: “Se pa lèzòm w ap chèche twonpe, men se Bondye.” Kou l tande pawòl sa yo, li tonbe l mouri! Apre anviwon twazèdtan, madanm li vin parèt. Etandone l pa t konn sa k te rive mari l la, li bay manti tou, epi li tonbe l mouri.

Men leson nou aprann: li enpòtan anpil pou moun di laverite. E se nou tout ki bezwen aprann leson sa a! Kanmenm, nou tout fè erè, sitou lè nou jèn. Èske sa pa fè w kontan pou w konnen Jewova renmen w e L ap padone w jan l te padone Pyè a? — Men, sonje sa, nou dwe di laverite. E si nou ta rive bay manti, ki se yon erè grav, n ap bezwen sipliye Bondye pou l padone nou. Se sa Pyè dwe te fè e Bondye te padone l. Si nou fè efò pou n pa bay manti ankò, Bondye ap padone nou tou.

Li vèsè sa yo nan bib ou

^ § 3 Si w ap li atik sa a ak yon timoun, tirè a ap fè w sonje pou w fè yon poz e pou w kite timoun nan di sa l panse.