Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen?

Èske w te konnen?

Poukisa yo te rele Niniv nan tan lontan an “lavil ki renmen fè san koule a”?

Imaj grave sou mi ki montre sòlda k ap pote tèt moun yo te fè prizonye e k ap anpile yo pil sou pil.

Niniv se te kapital Anpi Asiryen an. Se te yon vil ki te pisan e ki te gen gwo miray ki te antoure l. Li te gen anpil bèl palè ak anpil bèl tanp e lari yo te byen laj. Nawoum, yon pwofèt ebre, te pale de Niniv kòm “lavil ki renmen fè san koule a”. — Nawoum 3:1.

Se pa t san rezon ki fè yo te pale de vil sa a konsa. Imaj yo te grave sou mi ki anndan palè Senakerib la, ki nan Niniv, montre kòman Asiryen yo te mechan anpil. Youn nan imaj sa yo montre yo te kloure yon prizonye atè e yo t ap rache lang li pou tòtire l. Pawòl yo te grave sou mi yo fè konnen jan yo te fyè dèske yo te konn rale prizonye ak yon kòd yo te mare nan yon fè ki pèse nen prizonye yo oswa bouch yo. Yo te fè ofisyèl yo te pran kòm prizonye yo pote chèn nan kou yo ki te fèt ak tèt wa peyi ofisyèl sa yo. Se pa ti repiyan chèn sa a te repiyan!

Archibald Henry Sayce, yon moun ki fè etid sou nasyon asiryen an, esplike jan yo te konn maltrete moun yo te fè prizonye. Men sa l di: “Apre yo te ranpòte laviktwa sou yon nasyon, yo te konn rache tèt moun yo e yo anpile tèt sa yo. Yo te konn boule tigason ak tifi tou vivan oubyen yo te kite yo vivan pou fè yo yon bagay ki pi rèd toujou. Yo te konn kloure gason yo, kòche yo tou vivan, pete je yo, oubyen rache men yo, pye yo, zòrèy yo ak nen yo.”

Poukisa Juif yo te konn mete yon balistrad sou do kay yo?

Jewova te bay Juif yo kòmandman sa a: ‘Lè n’ap bati yon kay nèf, n’a mete balistrad pou moun pa sot tonbe sou do kay nou. Konsa yo p’ap ka rann nou responsab si yon moun ta rive tonbe epi li mouri lakay nou.’ (Detewonòm 22:8). Yon balistrad te nesesè paske li te yon pwoteksyon. Juif yo nan tan lontan te konn itilize do kay yo pou yo fè anpil aktivite.

Pifò do kay Izrayelit yo te plat. Do kay la se te yon bon kote pou moun al chofe solèy, al pran yon ti lè oubyen pou yo fè kèk travay pou fanmi an. Nan epòk chalè, do kay la se te yon bon kote pou moun dòmi (1 Samyèl 9:26). Yon kiltivatè te konn itilize do kay li pou l mete grenn yo seche anvan l moulen yo. Li ta ka mete fig frans ak rezen seche tou. — Jozye 2:6.

Anplis de sa, gen moun ki te konn itilize do kay yo nan vrè adorasyon an e gen lòt ki te konn itilize l pou fè idolatri (Neyemya 8:16-18; Jeremi 19:13). Apot Pyè te monte sou yon do kay a midi pou l al priye (Travay 10:9-16). Si yon do kay te gen pye rezen oubyen pye palmye pou bay lonbray, li te ka yon bon kote pou moun pran yon ti repo.

Piblikasyon ki gen tit: Tè a ak Liv la (anglè) fè konnen kay Izrayelit yo te konn gen yon eskalye oswa yon nechèl ki mennen sou do kay la. Liv la esplike eskalye a oswa nechèl la “te deyò kay la nan lakou a”. Konsa, moun nan kay la te ka desann do kay la san l pa antre anndan kay la. Sa ka ede nou konprann sa Jezi te vle di lè l te bay avètisman sou ijans ki genyen pou yon moun kite yon vil ki t ap gen pou detwi. Men sa Jezi te di: “Pinga moun ki sou do kay la desann al pran afè l anndan kay la.” — Matye 24:17.