Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon lavi ki gen sans: Jezi montre nou chemen an

Yon lavi ki gen sans: Jezi montre nou chemen an

“Viv tankou Jezi te viv la.” — 1 Jan 2:6, Bib la.

JAN nou te wè sa nan atik anvan an, Jezi te mennen yon lavi ki gen sans. Kidonk, si nou vle mennen yon vi ki gen sans, l ap bon pou nou imite egzanp li e pou nou koute konsèy li yo.

Anfèt, Jewova ankouraje n fè sa, jan vèsè ki pi wo a montre sa. Pou nou imite fason Jezi te viv la, sa mande pou n suiv egzanp li ak ansèyman l yo nan tout aspè nan lavi nou. Lè nou aji konsa, sa ap ede n gen apwobasyon Bondye e sa ap ede n gen yon lavi ki gen sans.

Nan ansèyman Jezi te bay la nou jwenn prensip ki ka ede nou imite fason li te viv la. Nou jwenn anpil nan prensip sa yo nan Sèmon sou montay la, sèmon anpil moun konnen. Ann egzamine kèk nan prensip sa yo pou n ka wè fason nou ka aplike yo nan lavi nou.

PRENSIP: “Byennere moun ki rann yo kont yo bezwen Bondye.” — Matye 5:3.

FASON PRENSIP SA A EDE LAVI NOU GEN SANS:

Jezi te fè konprann moun fèt ak bezwen pou yo adore Bondye. Nou anvi konnen repons kèk kesyon tankou kesyon sa yo: Poukisa nou sou tè a? Poukisa gen tout soufrans sa yo? Èske Bondye gen sousi pou nou toutbonvre? Èske yon moun kontinye viv apre l fin mouri? Nou bezwen konnen repons kesyon sa yo pou lavi nou ka gen sans. Jezi te konnen se sèl nan Pawòl Bondye a nou ka jwenn repons nou ka fè konfyans pou kesyon sa yo. Men sa Jezi te di Papa l nan yon priyè: “Pawòl ou se laverite.” (Jan 17:17). Èske Labib ka vrèman ede n konnen Bondye epi gen kè kontan?

YON EGZANP TOUTBON:

Antanke premye chantè yon gwoup mizik anpil moun konnen, Esa te sou wout pou l vini yon vedèt wòk. Malgre sa, Esa te santi l manke yon bagay. Men sa l di. “Malgre m te kontan lefètke m te fè pati gwoup la, m te vrèman swete pou lavi m gen plis sans.” Men, rive yon lè, Esa te vin pran kontak ak yon Temwen Jewova. Men sa Esa fè konnen: “Mwen te poze l yon bann kesyon. Lefètke repons li yo te lojik e yo te baze sou Bib la, sa te fè m enterese koute sa l t ap di m yo. Konsa, m te dakò pou l etidye Labib avè m.” Sa Esa te aprann nan Bib la te touche kè l e l te vwe lavi l bay Jewova. Men sa l di ankò: “Lontan, lavi m se te toujou soti nan yon pwoblèm antre nan yon lòt, soti nan tètchaje antre nan yon lòt. Men kounye a, mwen gen bonjan objektif nan lavi m” *.

PRENSIP: “Byennere moun ki gen mizèrikòd.” — Matye 5:7.

FASON PRENSIP SA A EDE LAVI NOU GEN SANS:

Lè yon moun gen mizèrikòd, li pran pitye pou lòt moun. Li demontre jantiyès ak konsiderasyon pou yo. Jezi te demontre mizèrikòd pou moun ki te nan bezwen. Lefètke l te pran pitye pou moun, sa te pouse l aji pou l retire moun nan soufrans (Matye 14:14; 20:30-34). Lè n imite Jezi nan demontre mizèrikòd, nou fè lavi n vin gen plis sans toujou, paske moun ki demontre mizèrikòd anvè lòt moun jwenn kè kontan (Travay 20:35). Nou ka demontre mizèrikòd pou lòt moun nan pawòl nou, nan aksyon nou, ak lè n ede moun ki bezwen èd nou. Lè n demontre mizèrikòd, èske sa fè nou gen plis kè kontan vre?

Maria ak Carlos.

YON EGZANP TOUTBON:

Maria ak mari l, Carlos, bay bèl egzanp nan demontre mizèrikòd. Papa Maria te pèdi madanm li. Pandan dènye ane sa yo, li vin pran kabann. Maria ak Carlos pran l e yo mennen l lakay yo pou yo pran swen l. Yo pase plizyè nuit blanch, yo menm konn kouri lopital avè l lè sik li monte. Yo admèt yo konn santi yo fatige anpil pafwa. Men, jan Jezi te di sa, yo gen kè kontan paske yo jwenn satisfaksyon lefètke yo konnen y ap bay papa Maria swen li bezwen an.

PRENSIP: “Byennere moun ki renmen fè lapè.” — Matye 5:9.

FASON PRENSIP SA A EDE LAVI NOU GEN SANS:

Mo grèk lè yo tradui l yo mete “renmen fè lapè” a vle di literalman “chèche fè lapè”. Lefètke n se moun k ap chèche fè lapè, kòman sa ka ede n gen yon lavi ki gen plis sans toujou? Bon, sa fè nou gen pi bon relasyon ak moun ki bò kote n. Li t ap bon pou n koute youn nan konsèy Bib la bay. Men sa l di: “Si posib, depi sa depann de nou, se pou nou anpè ak tout moun.” (Women 12:18). Ekspresyon “tout moun” nan gen ladan l manm fanmi nou ak lòt moun ki pa gen menm kwayans avè nou. Lè yon moun renmen fè lapè ak “tout moun”, èske sa ka fè lavi l gen plis sans vre?

Nair.

YON EGZANP TOUTBON:

Ann egzamine egzanp yon dam ki rele Nair. Pandan ane ki pase yo, li te fè fas ak anpil presyon ki te ka fè l pa chèche fè lapè ak lòt moun, sitou ak manm fanmi l. Depi mari l te kite l, sa gen kenzan, se li k ap leve timoun yo poukont li. Gen youn nan pitit gason l yo ki te konn pran dwòg e souvan li te vin vyolan e l te konn menase manman l ak sè l. Nair kwè sa l te aprann nan Bib la te ba l fòs pou l viv anpè ak lòt moun, malgre sitiyasyon difisil sa yo. Li fè efò pou l pa tonbe nan diskisyon oswa nan goumen malgre sitiyasyon sa yo. Li fè anpil efò pou l toujou janti, pou l mete l nan plas lòt moun e pou l gen konsiderasyon pou yo (Efezyen 4:31, 32). Li kwè lefètke l te aprann viv anpè ak lòt moun, sa ede l gen bon relasyon nonsèlman ak manm fanmi l, men tou ak lòt moun.

REFLECHI AK SA BONDYE SERE POU NOU DEMEN

Si nou suiv konsèy saj Jezi bay yo, n ap gen kè kontan e n ap jwenn satisfaksyon nan lavi n. Men, pou n gen yon lavi ki gen sans, n ap bezwen konnen sa Bondye sere pou nou demen. Anfèt, kòman yon moun ta ka gen yon lavi ki gen sans si sèlman sa l atann nan lavi a se pou l vin granmoun, tonbe malad epi mouri? Se vre, bagay sa yo fè pati reyalite lavi a nan sistèm sa a.

Sepandan, nou pa bezwen pèdi espwa, gen bon nouvèl. Jewova sere anpil bèl bagay pou moun ki dispoze “viv tankou Jezi te viv la”. Jewova pwomèt talè konsa moun fidèl li yo pral viv nan yon monn nouvo ki jis, jan l te vle yo viv la, sa vle di y ap gen yon sante pafè pou toutan. Men sa Pawòl li a di: “Gade! Tant Bondye a avèk lèzòm. Bondye pral abite avèk yo, e yo pral vin pèp li. E Bondye li menm ap avèk yo. L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap gen chagren ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.” — Revelasyon 21:3, 4.

Maria, dam ki gen katrevenkatran nou te pale de li nan premye atik nan seri twa atik sa yo, gen kè kontan paske li gen espwa pou l wè pawòl sa yo reyalize. E ou menm? Èske w ta renmen aprann plis sou “lavi toutbon an”, lavi moun pral genyen anba dominasyon Wayòm Bondye a (1 Timote 6:19)? Si se wi, ou ka pale ak Temwen Jewova ki nan zòn bò lakay ou oswa ekri òganizasyon ki pibliye peryodik sa a *.

^ § 8 Ou ka li tout istwa Esa a nan atik ki gen tit:”Labib chanje lavi moun: Mwen te yon jan sovaj”.

^ § 18 Liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a ede anpil moun vin konnen sa Bib la di sou diferan sijè. Se Temwen Jewova yo ki pibliye liv sa a.