Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon monn kote pa gen prejije: ki lè?

Yon monn kote pa gen prejije: ki lè?

“MWEN gen yon rèv.” Sa gen anviwon senkantan depi Martin Luther King, Jr. te di pawòl sa yo nan yon diskou li te bay jou ki te 28 out 1963 a. Se yon diskou anpil moun byen konnen. Li te yon ameriken ki te pran latèt nan defann dwa moun. Chak fwa King te repete pawòl sa a, li te fè konnen li gen yon rèv oswa espwa yon jou monn nan pap gen prejije ras ankò. Konsa, tout moun t ap viv ak kè kontan. Malgre li te di pawòl sa yo devan yon foul moun Ozetazini, gen moun nan anpil peyi ki dakò ak ide ki nan pawòl sa yo.

Martin Luther King, Jr. ap bay diskou l te fè a sou dwa moun.

Jou ki te 20 novanm 1963 a , twa mwa apre diskou King te fè a, gen plis pase 100 peyi ki te adopte Deklarasyon Nasyonzini fè pou elimine tout fòm prejije ras. Nan ane ki te vin apre yo, te gen lòt deklarasyon konsa yo te adopte. Tout gwo efò sa yo pouse nou poze kesyon sa a: Ki pwogrè ki fèt?

Men sa Ban Ki-moon, sekretè jeneral Nasyonzini, te di jou ki te 21 mas 2012 la: “Gen peyi ki siyen anpil akò ki enpòtan e yo mete sou pye anpil mwayen pou anpeche oswa elimine [plizyè bagay tankou] zak rasis, diskriminasyon kont moun lòt ras, zenofobi [sa vle di moun ki pè moun ki soti nan lòt peyi] ak lòt zak moun fè pou montre yo pa gen respè pou moun. Nou pap bliye tou anpil peyi dakò mete pwogram pou elimine bagay sa yo. Malgre sa, zak rasis ap kontinye fè plizyè milyon moun soufri toupatou sou tè a.”

Menmsi gen peyi kote gen kèk pwogrè ki fèt pou konbat prejije ras ak lòt fòm prejije ankò, sa pa anpeche nou toujou ap mande: Èske pwogrè ki fèt yo vrèman rive derasinen prejije ki fon nan kè moun oswa èske yo fè moun yo fè yon ti frennen sou zak rasis yo te konn fè ki montre sa k nan kè yo? Gen kèk moun ki kwè se sèlman anpeche jan de pwogrè sa yo anpeche moun fè diskriminasyon kont lòt moun, men pwogrè sa yo pa fè anyen pou elimine prejije. Poukisa nou di sa? Ebyen, se paske diskriminasyon se yon aksyon moun ka wè e lalwa ka kondane. Tandiske prejije gen rapò ak panse e ak santiman moun genyen, e li pa fasil pou mete lwa ki pou kontwole bagay sa yo.

Kidonk, kèlkeswa efò yo ta fè pou elimine prejije, li pa ta dwe sèlman fè yon ti frennen zak diskriminasyon moun fè, men tou li ta dwe chanje fason moun panse ak jan yo wè moun ki fè pati yon lòt gwoup. Èske sa ka fèt toutbonvre? Si se wi, kòman sa ka fèt? Ann gade istwa kèk moun k ap ede n wè nonsèlman li posib pou moun fè chanjman nan lavi yo, men tou gen yon bagay ki kapab ede yo fè sa.

BIB LA TE EDE YO PA GEN PREJIJE ANKÒ

“Lespri m pa bouche ak prejije ankò.” — Linda.

Linda: Mwen te fèt ann Afrik disid. Mwen te konsidere nenpòt Sid Afriken ki pa blan kòm moun ki pi ba pase m, ki sòt e moun pa ka fè konfyans, e se sèlman sèvant yo te ka fè pou blan yo. Lespri m te bouche ak prejije e mwen pa t rive wè sa. Sepandan, mwen te kòmanse vin chanje lè m te kòmanse etidye Bib la. Mwen te aprann “Bondye pa gen patipri” e sa k nan kè nou pi enpòtan pase koulè po n oswa lang nou pale (Travay 10:34, 35; Pwovèb 17:3). Vèsè ki nan Filipyen 2:3 a te ede m wè si m konsidere lòt moun kòm siperyè m, mwen t ap rive pa gen prejije ankò. Lè m te aplike prensip sa yo nan lavi m, sa te ede m enterese ak lòt moun kèlkeswa koulè po yo. Kounye a, lespri m pa bouche ak prejije ankò.

“Mwen vin aprann fason Bondye wè moun.” — Michael.

Michael: Mwen te grandi nan yon zòn kote pifò moun yo se blan ostralyen yo te ye. E mwen te vin gen gwo prejije kont moun ki soti ann Azi, sitou Chinwa yo. Lè m te sou volan machin mwen e m te wè yon moun ki te sanble ak yon Azyatik, mwen te desann vit la pou m di l vye pawòl tankou: ‘Poukisa w pa tounen nan peyi w, vye azyatik!’ Annapre lè m te kòmanse etidye Bib la, mwen vin aprann fason Bondye wè moun. Bondye renmen moun kèlkeswa kote yo soti oswa ras yo. Lè m te wè jan Bondye renmen moun, sa te touche m jis nan fon kè m. Konsa, lanmou te vin ranplase rayisman m te gen nan kè m. Se yon bagay ki estrawòdinè pou m te rive fè yon chanjman konsa nan lavi m. Kounye a, mwen kontan anpil lè m ansanm ak moun ki soti nan tout peyi ak moun ki gen diferan kilti. Mwen vin wè bagay yo yon lòt jan e sa fè m gen anpil kè kontan.

“Mwen te korije fason m panse e mwen te fè lapè.” — Sandra.

Sandra: Manman m soti nan yon zòn yo rele Umunede ki nan Delta State, nan peyi Nijerya. Sepandan, fanmi papa m soti nan yon zòn yo rele Edo State e yo pale yon lang ki rele Esan. Lefètke manman m pa t soti nan menm zòn ak papa m e li pa t pale Esan, sa te fè l sibi gwo prejije anba men fanmi papa m pandan tout rès vi l. Mwen te sèmante m pa t ap gen anyen pou m wè ak moun ki pale Esan e m pa t ap janm marye ak yon gason ki soti nan zòn Edo State. Men, lè m te kòmanse etidye Bib la, mwen te kòmanse wè bagay yo yon lòt jan. Lèfètke Bib la di Bondye pa gen patipri, e kèlkeswa moun ki gen lakrentif pou li, l ap aksepte moun sa a, m pa wè ki moun mwen ye pou m ta rayi yon moun akoz tribi l soti oswa akoz lang li pale? Mwen te korije fason m panse e mwen te fè lapè ak fanmi papa m. Etandone m aplike prensip ki nan Bib la, sa ede m gen kè kontan e sa fè lespri m anpè. Anplis de sa, sa fè m byen boule ak lòt moun kèlkeswa kilti yo, ras yo, lang yo pale oubyen nasyonalite yo. E ou pa ta imajine ak ki moun mwen marye! Mari m se moun Edo State e li pale Esan!

Ki rezon ki fè Bib la rive ede tout moun sa yo ak plizyè lòt moun ankò derasinen gwo lahèn ak prejije yo te gen nan kè yo? Se paske Bib la se Pawòl Bondye. Li gen pouvwa pou l chanje fason moun panse ak fason yo wè lòt moun. Anplis de sa, Bib la montre yon lòt bagay ankò ki enpòtan pou elimine tout prejije.

WAYÒM BONDYE A PRAL ELIMINE TOUT PREJIJE

Se vre, lè n aprann sa Bib la di, sa ka ede n metrize oubyen derasinen santiman ki fon nan kè nou. Men, gen de lòt bagay enpòtan ki pou fèt anvan tout prejije rive kaba. Premyèman, gen peche e nou enpafè. Men sa Bib la di aklè: “Pa gen moun ki pa fè peche.” (1 Wa 8:46). Donk, kèlkeswa gwo efò nou fè, menm jan ak apot Pòl, nou tout gen yon bagay lakay nou n ap goumen avè l. Men sa apot Pòl te ekri: “Lè m vle fè sa ki dwat, se sa ki mal la ki prezan lakay mwen.” (Women 7:21). Konsa, antanke enpafè, detanzantan nou ka gen “move rezònman” ki soti nan kè nou ki ka fè n vin gen prejije. — Mak 7:21.

Dezyèmman, Satan Ledyab gen enfliyans sou moun. Bib la pale de Satan kòm “yon asasen” e Bib la di Satan “ap twonpe lemonnantye”. (Jan 8:44; Revelasyon 12:9.) Se sa k fè prejije gaye konsa e lèzòm sanble lage de bra balanse devan diskriminasyon, zak rasis, masak k ap fèt sou gwoup moun ak lòt fòm entolerans nan domèn ras, relijyon ak nan domèn sosyal.

Kidonk, anvan pou prejije ta kaba nèt, fòk peche ak enpèfeksyon, ansanm ak enfliyans Satan Ledyab ta disparèt. Bib la fè konnen se sa menm Wayòm Bondye a pral fè.

Men sa Jezi Kris te aprann disip li yo pou yo mande Bondye nan priyè y ap fè: “Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” (Matye 6:10). Se grasa Wayòm Bondye a tout enjistis, sa gen ladan l tout fòm entolerans ak prejije, pral disparèt talè konsa.

Lè Wayòm Bondye a vini pou l dirije tè a, lè sa a yo pral “mare” Satan, sa vle di li pap ka fè anyen. Konsa, li pap ka “twonpe nasyon yo”. (Revelasyon 20:2, 3.) Pral gen yon “tè tounèf”, sa vle di moun ki pral viv sou tè a kote “jistis ap abite” *. — 2 Pyè 3:13.

Moun ki pral viv pami moun jis sa yo pral libere anba peche e y ap vin pafè (Women 8:21). Antanke moun ki pral anba dominasyon Wayòm Bondye a, “yo pap fè okenn mal e yo pap lakòz okenn ravaj”. Poukisa nou di sa? Ebyen, se paske “tè a pral plen ak konesans Jewova”. (Izayi 11:9, NW.) Lè sa a, tout moun pral aprann konnen chemen Jewova yo e y ap ka imite bèl pèsonalite l genyen. Konsa, prejije pral kaba nèt “paske, Bondye pa gen patipri lakay li”. — Women 2:11.

^ § 17 Pou plis enfòmasyon sou Wayòm Bondye a ak sa l pral fè talè konsa, gade chapit 3, 8 ak 9 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.