ANNOU IMITE LAFWA YO | JOZÈF
“Èske mwen nan plas Bondye?”
JOZÈF te kanpe nan jaden l, li t apral fè lanjelis. Petèt li t ap gade pye dat yo ak lòt pye bwa ki bay fwi. Li t ap kontanple basen ki gen plant ki leve nan dlo. Epi jis pa lòt bò mi an, li te ka wè yon apèsi sou palè Farawon an. Imajine Jozèf k ap tande son sa yo k ap fèt lakay li nan yon distans: Manase, pitit gason l lan ap fè Efrayim, ti frè l la, ki yon tibebe ri. Jozèf ka imajine sa k ap pase anndan lakay li, madanm li ap ri jantiman lè l ap gade timoun yo k ap jwe. Jozèf souri. Li konnen li se yon moun ki beni.
Jozèf te rele premye pitit li a Manase paske non sa a gen rapò ak bliye (Jenèz 41:51). Benediksyon Bondye te bay Jozèf nan dènye ane ki pase yo te kalme lapèn li genyen, paske li t ap sonje lakay li, frè l yo ak papa l. Lahèn gran frè l yo te gen pou li te chanje lavi l. Yo te atake l, yo te gen entansyon touye l, men apre sa, yo te vann li bay komèsan ki t ap vwayaje. Depi lè sa a, lavi l vin boulvèse, se soti nan yon pwoblèm tonbe nan yon lòt. Pandan anviwon 12 an, li te andire anba esklavaj epi apre sa, yo te mete l nan prizon. Pandan yon sèten tan, yo te mete l nan sèp an fè. Men kounye a, li se dezyèm pèsonaj k ap dirije nasyon pisan yo rele Ejip la apre Farawon *!
Pandan plizyè ane, Jozèf te wè evènman yo ap reyalize jan Jewova te predi sa. Sèt ane kote t ap gen abondans nan peyi Ejip la te rive vre, e se Jozèf ki t ap sipèvize rezèv manje angren nasyon an te genyen. Pandan tan sa a, Jozèf te vin gen de pitit gason ak madanm li Asnat. Men, Jozèf t ap sonje fanmi l yo toujou, sitou Benjamen ti frè l la ak Jakòb papa l, ki t ap viv nan yon distans plizyè santèn kilomèt. Petèt, Jozèf t ap mande tèt li si gran frè l yo te chanje fason vyolan yo te konn aji a oubyen si yon jou l ap ka fè lapè avèk yo epi y ap ka reyini ansanm ankò.
Si pa gen lapè nan fanmi w akoz jalouzi, trayizon oubyen akoz lahèn, petèt w ap viv yon sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon Jozèf la. Ki sa w ka aprann nan egzanp lafwa Jozèf te genyen toutpandan li t ap pran swen fanmi li?
“AL JWENN JOZÈF”
Chak jou ki pase Jozèf te vin pi okipe, epi ane yo te pase byen vit. Jan Jewova te fè Farawon wè sa nan rèv la, lè sèt ane kote t ap gen gwo rekòt la te fini, t apral gen yon gwo chanjman. Rekòt yo t ap pèdi! Sa pa t pran tan pou yon gwo grangou te frape tout peyi ki ozalantou yo. Sepandan, jan Bib la te di sa, “te gen manje toujou nan tout peyi Lejip”. (Jenèz 41:54.) Pa gen dout, sa Bondye te enspire Jozèf pou l predi a ak bèl egzanp Jozèf te bay nan fason li te byen òganize bagay yo te pwofitab pou pèp Ejipsyen an.
Ejipsyen yo te santi yo gen redevans anvè Jozèf e yo te fè lwanj pou kapasite li genyen pou l byen òganize bagay yo. Se pa t okenn lòt moun Jozèf te vle pou resevwa louwanj sa yo, men se Jewova, Bondye l la. Si nou sèvi ak talan nou genyen yon fason enb nan sèvis Bondye nou an, li ka kite nou
itilize yo yon fason nou pa t ap janm imajine anvan.Men, avèk letan, menm Ejipsyen yo tou te vin tonbe nan grangou. Lè yo te pran kriye nan pye Farawon pou l ede yo, li te annik voye yo kote Jozèf. Men sa l te di yo: “Al jwenn Jozèf. Se li menm ki va di nou sa pou nou fè.” Jozèf te ouvri depo kote rezèv manje yo te ye a, konsa moun yo te ka achte sa yo bezwen. — Jenèz 41:55, 56.
Sepandan, nan peyi ki ozalantou yo, moun yo pa t gen yon chans konsa. Nan peyi Kanaran, ki te nan yon distans plizyè santèn kilomèt, fanmi Jozèf yo t ap soufri. Jakòb, ki te granmoun, te tande yo di gen manje angren nan peyi Ejip, konsa, li te di pitit gason l yo pou yo desann ann Ejip pou y al achte manje. — Jenèz 42:1, 2.
Jakòb te voye dis nan pitit li yo, men li pa t voye Benjamen, li menm ki pi piti. Jakòb te sonje twò byen sa k te rive lè l te voye Jozèf, pitit gason li renmen anpil la, al kote gran frè l yo poukont li. Se dènye fwa Jakòb te wè pitit gason l lan. Gran frè l yo te pote bèl manto Jozèf te genyen an lakay yo, manto a te dechire e li te chaje ak san. Manto sa a se yon siy ki te montre jan Jakòb te renmen Jozèf, jan li te atache avè l. Yo te fè granmoun nan ki te gen gwo chagren kwè se bèt sovaj ki manje Jozèf. — Jenèz 37:31-35.
‘LÈ SA A JOZÈF VIN SONJE RÈV LI TE FÈ YO’
Apre pitit gason Jakòb yo te fin fè yon vwayaj byen long ap mache, yo te rive ann Ejip. Lè yo te mande enfòmasyon sou kote y ap ka jwenn manje pou yo achte, yo te voye yo kote yon gwo ofisyèl nan gouvènman an ki rele Safnat-Paneya (Jenèz 41:45). Lè yo te wè mesye sa a, èske yo te konnen se Jozèf? Jamè. Yo te wè yon chèf ejipsyen ki wo grade ki t ap ede moun ki nan nesesite yo. Pou yo montre respè pou chèf la, yo te fè yon jès ki nòmal: “Yo bese tèt yo byen ba jouk atè.” — Jenèz 42:5, 6.
E Jozèf menm? Li te rekonèt frè l yo menm kote a. Sa k pi rèd la, lè li wè yo bese tèt yo byen ba devan l, li te vin sonje yon bagay ki te pase lè l te timoun. Istwa a fè nou konnen “lè sa a Jozèf vin [sonje] rèv li te fè sou frè l yo”, yon seri rèv Jewova te fè l reve lè l te timoun. Nan rèv sa yo, yo te predi yon lè frè l yo t ap gen pou yo pwostène devan l, egzakteman jan yo te sot fè a (Jenèz 37:2, 5-9; 42:7, 9). Ki sa Jozèf t apral fè? Èske li t ap anbrase yo? Èske li t ap tire revanj?
Jozèf te konnen kèlkeswa reyaksyon li t apral genyen, li pa t dwe aji sou kout tèt. Li klè, se Jewova ki t ap dirije evènman yo ki fè te gen gwo chanjman sa yo. Sa te gen rapò ak objektif li. Li te pwomèt li t ap fè desandan Jakòb yo tounen yon nasyon ki pisan (Jenèz 35:11, 12). Si frè Jozèf yo te toujou vyolan, yo te rete egoyis, e yo te toujou malonèt, sa ta ka gen move efè alalong! Mete sou sa, si Jozèf te aji sou emosyon, sa ta ka leve kèk sitiyasyon delika ki te la anba anba lè timesye yo tounen lakay yo. Petèt sa ta ka menm mete papa l ak Benjamen an danje. Èske yo vivan toujou? Jozèf te deside li pap kite yo rekonèt li dekwa pou l te ka teste frè l yo, pou l te ka wè ki jan de moun yo vin ye. Lè sa a, li t ap ka konnen sa Jewova te vle l fè.
Petèt, ou ka pa janm twouve w nan yon sitiyasyon dwòl konsa. Sepandan, gwo mezantant ak divizyon se bagay ki kouran nan anpil fanmi jodi a. Lè nou rankontre jan de pwoblèm sa yo, nou ka gen tandans pou n annik suiv kè nou epi nou aji sou emosyon etandone nou enpafè. Li pi bon lontan pou nou imite egzanp Jozèf epi pou nou fè efò pou nou rive disène fason Bondye vle nou rezoud pwoblèm yo (Pwovèb 14:12). Sonje, kèlkeswa degre sa enpòtan pou nou fè lapè ak moun nan fanmi nou, li pi enpòtan lontan pou nou fè lapè ak Jewova ansanm ak Pitit li a. — Matye 10:37.
“MWEN PRAL KENBE NOU”
Jozèf te kòmanse fè yon seri tès pou l te ka wè sa k nan kè frè l yo. Li te kòmanse pale ak yo byen di, li te sèvi ak yon moun pou tradui sa l ap di yo a. Li te akize yo kòmkwa yo se espyon ki soti nan yon lòt peyi. Pou timesye yo defann tèt yo, yo te pale ak li konsènan fanmi yo, e yo te tou fè l konnen yo gen yon ti frè yo kite lakay yo. Jozèf t ap eseye kache kontantman l. Li t ap mande tèt li èske ti frè l la vivan vre? Kounye a Jozèf te konnen sa l pral fè. Li di: “Men ki bò mwen pral kenbe nou.” Apre sa li di yo li dwe wè ti frè sa a yo genyen an. Finalman, li dakò pou l kite yo tounen lakay yo pou y al chèche ti frè yo a si youn nan yo aksepte rete dèyè kòm otaj. — Jenèz 42:9-20.
Pandan mesye yo t ap pale antre yo sou pwoblèm nan, yo pa t konnen si Jozèf te konprann tout sa yo t ap di, yo t ap repwoche tèt yo pou gwo peche yo te fè sa gen 20 an. Yo te di: “Nou wè. Nou peye sa nou te fè frè nou an pase. Nou te fè mal lè nou te fè frè nou an pase tou sa nou te fè l la. Nou te wè ki jan sa te fè l lapenn anpil, lè li t ap mande nou fè l gras. Men, nou pa t vle koute l. Se poutèt sa nou nan tout traka sa a.” Jozèf te konprann sa yo t ap di a, li te oblije vire pou yo pa t wè dlo ki t ap koule nan je l (Jenèz 42:21-24). Jozèf te konnen vrè repantans lan vle di plis pase lè yon moun annik santi l regrèt sa l te fè apre l fin sibi konsekans move aksyon li te fè. Konsa Jozèf te kontinye tès li t ap fè a.
Li te voye yo tounen lakay yo epi li te kenbe Simeyon kòm prizonye. Anplis de sa, li te sere yon kantite lajan nan sak pwovizyon yo t ap pote lakay yo a. Mesye yo te vwayaje al lakay yo, men avèk difikilte yo te rive konvenk Jakòb pou l kite yo ale ann Ejip ak Benjamen, pitit li renmen anpil la. Lè yo rive ann Ejip, yo di entandan Jozèf la yo te jwenn yon kantite kòb nan sak pwovizyon yo, e yo di l yo t ap remèt yo tout kòb la. Se yon bèl pwopozisyon yo te fè a, men Jozèf te bezwen plis detay pou l te ka wè ki moun yo ye toutbonvre. Li te fè yon festen pou yo, men sèlman li pa t vle yo wè jan l te kontan wè Benjamen. Apre sa, li ba yo anpil pwovizyon epi li voye yo tounen lakay yo, men fwa sa a li te sere yon koup ann ajan nan sak pwovizyon Benjamen an. — Jenèz 42:26–44:2.
Apre sa, Jozèf fè pyèj la vin pi rèd. Li voye pousuiv frè l yo pou yo arete yo, yo akize yo kòmkwa yo vòlè yon koup. Lè yo jwenn koup la nan sak Benjamen, yo fè tout mesye yo tounen kot Jozèf. Kounye a Jozèf gen yon chans pou l wè ki jan de moun frè l yo ye toutbonvre. Jida te sèvi kòm pòtpawòl pou yo. Li te sipliye Jozèf pou l fè yo gras, li te menm ofri pou yo toule 11 rete kòm esklav ann Ejip. Jozèf pa t dakò, li te di yo tout mèt ale, se Benjamen sèlman k ap rete kòm esklav ann Ejip. — Jenèz 44:2-17.
Sa te pouse Jida reponn ak yon pawòl ki fè moun pitye. Li te di: “Nan de pitit manman l yo, se li menm ase ki rete. Lèfini papa nou renmen l anpil.” Pawòl sa yo dwe te touche Jozèf. Li se premye pitit gason Jakòb te fè ak Rachèl, madanm li te renmen anpil la. Rachèl te mouri pandan li t ap fè Benjamen. Li klè, Jozèf te renmen tout bèl souvni li gen de Rachèl menm jan ak papa l. Petèt, se relasyon ki te genyen ant Jozèf ak Benjamen an ki fè Jozèf te pi renmen Benjamen toujou. — Jenèz 35:18-20; 44:20.
Jida te sipliye Jozèf pou l pa kenbe Benjamen kòm esklav. Li te menm ofri tèt li kòm esklav nan plas Benjamen. Apre sa, li te di pawòl sa yo ki Jenèz 44:18-34). Kounye a, li klè mesye yo te chanje toutbon. Jozèf pa t wè yo repanti sèlman men tou li te wè nan yon degre ki admirab jan yo montre yo konn mete yo nan plas lòt moun, yo pa egoyis e yo gen konpasyon.
bay gwo lapèn: “Mwen pa konnen ki pye pou m ta mete devan pou m tounen kay papa m san ti gason an pa avèk nou. Mwen pa ta vle wè lapenn sa a tonbe sou papa m!” (Jozèf pa t ka sipòte ankò. Li te met tout santiman ki t ap toufe l yo deyò. Li te fè tout sèvitè l yo soti, li te kriye tèlman fò bri a rive jis nan palè Farawon an. Epi finalman, li fè frè l yo konnen kiyès li ye. Li di yo: “Se mwen menm Jozèf.” Apre sa li bay tout frè l yo akolad, yo te sezi anpil e avèk bonte, li padone yo pou tout sa yo te fè l (Jenèz 45:1-15). Konsa Jozèf te reflete pèsonalite Jewova, li menm ki dispoze padone moun anpil (Sòm 86:5). Èske nou fè menm jan an?
“OU VIVAN TOUJOU”!
Lè Farawon vin aprann tout istwa ki dèyè pale anpil ki te gen lakay Jozèf la, li mande Jozèf pou l fè papa l ki granmoun vin ann Ejip ansanm ak tout fanmi l. Sa pa t pran tan, e finalman Jozèf te rankontre papa l li renmen anpil. Jakòb kriye e li di: “Koulye a, mwen wè figi ou, mwen konnen ou vivan toujou, mwen mèt mouri.” — Jenèz 45:16-28; 46:29, 30.
Anfèt, Jakòb te viv 17 ane ankò nan peyi Ejip. Li te viv ase tan pou l te pwononse kèk benediksyon ki te pwofesi sou 12 pitit li yo. Li te bay Jozèf 11yèm pitit li a, yon pòsyon ki doub, pòsyon yo konn bay premye pitit la. Gen de nan tribi Izrayèl yo ki t ap soti nan fanmi Jozèf. Bon, e Jida katriyèm pitit Jakòb la ki te demontre li vrèman repanti? Li te resevwa yon gwo benediksyon: Mesi a te soti nan liy fanmi li! — Jenèz, chapit 48, 49.
Jakòb te gen 147 an lè li te mouri, frè Jozèf yo te pè pou Jozèf pa t tire revanj piske li te gen pouvwa kounye a. Men Jozèf te aji avèk amou, li te rekonfòte yo. Depi lontan, Jozèf te gen konviksyon piske se Jewova ki te fè fanmi l vin ann Ejip, frè li yo te dwe sispann santi yo koupab pou bagay ki te pase a. Kounye a Jozèf te poze kesyon frapan sa a: “Èske mwen nan plas Bondye?” (Jenèz 15:13; 45:7, 8; 50:15-21, NW). Jozèf te wè Jewova kòm yon jij ki pafè. Konsa, kiyès Jozèf te ye pou l ta pini moun Jewova te padone? — Ebre 10:30.
Èske nou twouve li difisil pou nou padone lòt moun? Sa ka sitou difisil lè yon moun fè espre li fè nou yon move bagay. Men si nou padone moun ki vrèman repanti yo ak tout kè nou, sa ap ede nou geri anpil maleng, e maleng pa nou yo ladan l tou. Konsa n ap imite lafwa Jozèf te genyen e n ap suiv egzanp Jewova, Papa Jozèf ki gen mizèrikòd la.
^ § 4 Gade atik “Annou imite lafwa yo” ki te parèt nan Toudegad 1ye out 2014; 1ye novanm 2014; ak 1ye fevriye 2015.