Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TELE JW

Enstale aplikasyon JW Broadcasting nan sou Apple TV

Enstale aplikasyon JW Broadcasting nan sou Apple TV

Anvan w rive gade Tele JW sou Apple TV, w ap bezwen enstale Apple TV w la e enstale aplikasyon JW Broadcasting nan. Suiv etap ki pi ba yo pou w komanse:

 Enstale Apple TV w la

Apple TV w la ta dwe ba w enstriksyon k ap ede w enstale l epi konekte sou Entènèt. Lè Apple TV w la fin konekte, enstriksyon ki parèt sou ekran an ap pèmèt ou fin fè enstalasyon an.

 Enstale Tele JW apati App Store

Ale sou App Store, epi suiv etap ki pi ba yo pou w enstale aplikasyon JW Broadcasting nan:

  • Glise dwèt ou Adwat sou ekran Remote Siri w la jiskaske l seleksyone Chèche.

  • Peze sifas Touch la pou antre Chèche, epi itilize lèt alfabè yo ba w yo pou w ekri “JW Broadcasting”.

  • Lòt sa w ka fè, ou kapab kenbe bouton Siri a epi w ka di: “JW Broadcasting”.

  • Seleksyone Aplikasyon an epi peze sifas Touch la.

Suiv enstriksyon ki parèt sou ekran an pou w enstale aplikasyon an.