Al gade sa k anndan l

Temwen Jewova ki malad yo refè pi vit

Temwen Jewova ki malad yo refè pi vit

OSTRALI: “Moun ki etène lopital ki se Temwen Jewova e ki refize pran san akoz kwayans relijye yo genyen refè pi vit pase lòt moun ki malad yo.” Se sa jounal ki rele The Sydney Morning Herald, 2 oktòb 2012, la fè konnen.

Jounal la rapòte pawòl yon pwofesè ki rele James Isbister k ap travay nan fakilte medsin, nan inivèsite Sydney. “Pwofesè James Isbister fè konnen Temwen Jewova yo jwenn pi bon tretman nan men doktè k ap fè efò pou yo redui kantite san yo [Temwen ki malad yo] ap pèdi. Kòm rezilta, kantite Temwen ki chape apre yon operasyon plis pase kantite moun ki pran san pandan y ap opere e Temwen yo pase mwens jou lopital ak nan swen entansif”, se sa jounal la fè konnen.

Doktè James Isbister pa premye moun ki remake yon bagay konsa. Men sa jounal ki rele Archives of Internal Medicine, 13-27 out 2012 la, di konsènan Temwen ki te fè operasyon nan kè yo: “Temwen yo gen mwens konplikasyon grav e yo rete lopital pandan mwens jou pase moun ki pran san yo.”